Koulè Vèt
VENNSIZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE-C
PREMYE LEKTI
“Nou menm
k’ap lage kò nou nan pozisyon mòl, k’ap chante, y’a pral ekzile nou”.
NAN LIV
PWOFÈT AMÒS 6, 1.4-7
Men pawòl Granmèt
la ki gen tout pouvwa a:
“Madichon pou
nou, k’ap fè banbòch nan Siyon, k’ap met konfyans nou nan mòn Samari a; nou
menm k’ap dòmi sou kabann ki fèt ak defans elefan, k’ap pran pozisyon mòl sou
divan nou yo; k’ap manje mouton nan bann
mouton yo, ak bèf nan pak la, k’ap chante ak son bandyo: tankou David; yo
konprann yo kapab envante enstriman mizik, y’ap bwè diven nan boutèy yo, y’ap
fwote kò yo ak pi bon kalite losyon, yo pa pran pitye sou malè Jozèf la. Se
pousa koulye a y’ap pati nan tèt kolòn ekzile yo, bann moun k’ap pran plezi yo
ap disparèt”.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 145, 7. 8-9a. 9bc-10
R/ Fè lwanj
Granmèt la, nanm mwen.
Li menm ki
kenbe verite a pou tout tan,
ki fè jijman
pou moun y’ap maltrete yo,
ki bay sa k’
grangou yo manje.
Granmèt la
defèt chenn yo.R.
Granmèt la
klere avèk yo, Granmèt la leve sa k’ tonbe yo,
Granmèt la
renmen moun ki kòrèk yo, Granmèt la pwoteje etranje yo.R.
Òfelen an ak
vèv la, li soutni yo, men wout pechè a, li gaye l’.
Granmèt la ap
wa pou tout tan,
Bondye w’ la,
Siyon, pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
DEZYÈM LEKTI
“Kenbe kòmandman an jous Granmèt la vini”.
NAN PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 6, 11-16
Moun Bondye
yo, chèche jistis, devwa relijyon an, lafwa, charite, pasyans, dousè. Batay bon
batay lafwa a, kenbe lavi tout tan an, kote yo rele w’ la, sa ou te fè bèl
deklarasyon lafwa pou li a devan anpil temwen an.
Mwen pase w’
lòd devan Bondye k’ap fè tout bagay gen lavi, epi devan Jezikri ki te bay
temwayaj devan Pons Pilat la nan bèl deklarasyon an, pou ou kenbe kòmandman an
san tach, san repwòch, jous Granmèt nou Jezikri rive; Sila a ki sen an ap fè l’
parèt nan tan l’ la, sila a ki gen pouvwa li menm sèl la, Wa wa yo, ak Granmèt
chèf yo, li menm sèl ki gen lavi tout tan an, ki abite yon limyè kote yo pa
kapab pwoche a, li menm pèsonn nan moun yo pa t’ wè a, ni yo pa kapab wè l’,
konsiderasyon ak otorite tout tan pou li. Amèn.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
“Ou te resevwa byen, Laza menm te resevwa malè;
koulye a li jwenn konsolasyon isit la, ou menm menm, w’ap soufri”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 16, 19-31
Lè sa a: Jezi
di farizyen yo:
“Te gen yon
mesye ki te rich, li te konn abiye avèk vlou, ak swa, 1i te konn ap fè banbòch
chak jou ak gran fèt. Te gen yon pòv k’ap mande lacharite, yo te rele l’ Laza;
li te konn kouche nan papòt li, kò l’ plen ak blès, li te konn anvi plen vant
li ak ti kal manje ki te konn tonbe sot sou tab rich la, men pèsòn pa t’ konn
ba li; okontrè se chyen yo ki te konn vin niche kote l’ te malad yo. Rive pòv
la ki te konn mande lacharite a vin mouri, mesaje yo pote l’ nan zantray
Abraam; rich la vin mouri tou, yo antere l’ nan lanfè.
Li leve je
l’, pandan li te nan gwo soufrans, li wè Abraam byen lwen, avèk Laza nan vant
li; li rele byen fò, li di: “Papa Abraam, pitye pou mwen, voye Laza pou l’
tranpe ti pwent dwèt li nan dlo, pou l’ rafrechi lang mwen, paske m’ap soufri
anpil nan flanm sa a”.
Abraam di l’:
“Pitit, sonje, ou te resevwa byen yo nan lavi ou, Laza menm te resevwa malè yo;
koulye a atò li jwenn konsolasyon isit la, ou menm menm w’ap soufri anpil. Avèk
tout sa, ant ou menm epi nou menm, gen yon gran vid ki enstale, ki fè, moun ki
vle travèse sot isit la al kote ou, yo pa kapab, ni yo pa kapab travèse sot
laba a vin isit la”.
Li di: “Mwen
lapriyè ou, papa, voye l’ lakay papa m’ (mwen gen senk frè), pou l’ deklare yo
pou yo pa vin nan kote soufrans sa a”.
Abraam di l’:
“Yo gen Moyiz ak pwofèt yo: se pou yo koute yo”. Li di: “Non, papa Abraam; men
si youn nan mò yo ta al kote yo, yo ta fè penitans”.
Li di l’: “Si
yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, menm si youn nan mò yo leve, yo p’ap kwè”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye envite
nou travay pou nou kapab rive nan kondisyon pou n’ rive jwi bèlte a bò kote
Bondye lavi a, Bondye Rezireksyon an. Se sa Sen Pòl vle fè kretyen yo sonje nan
Lèt li voye bay Timote a. Kretyen an pa dwe mete sou kote sa ki korèk la. Devwa
relijyon an oblije nou chache viv nan charite,
pasyans, dousè daprè lafwa n’ nan Sila a ki se Sous tout benediksyon:
Jezikri.
Kretyen
an dwe vin tounen vrè imitatè Jezikri, Mèt nou an. Se li k’ap fè nou viv gras a
kado l’ te fè nou an: kado Lespri Sen an, Lespri Verite ak Lavi a, Lespri k’ap
klere nou pou n’ sòti anba tout kalite tenèb. Se Lespri Bondye a k’ap ede n’
disène sa ki fè Bondye plezi, se li k’ap fè nou temwaye sa nou viv ak Kris la,
sa li kite nan men nou pou n’ transmèt bay lòt yo. Pou sa, Pòl ap ankouraje nou
pou nou rete nan kominyon tout tan ak Bondye, nan lapriyè.
Nan levanjil la nou wè
kote Jezi bay yon parabòl pou l’ montre n’ nesesite pou nou travay, pou rive
nan bèlte syèl la. Bondye kite chak moun lib pou deside kòman yo vle viv, menm
lè an premye li mande n’ pou n’ fè sa ki byen an, sa k’ap ede lòt la devlope. Chak moun ta dwe aji
daprè sa konsyans li mande l’. Men chak grenn moun ta sipoze gen yon konsyans
ki dwat, pou konprann vrè sans ekzistans li, pou li kapab aji nan sosyete a yon
fason pou l’ fè l’ avanse nan direksyon Bondye vle pou limanite a, nan
direksyon ki bon pou tout moun. Pawòl Bondye ap ede n’ genyen yon konsyans ki
vrèman dwat, yon konsyans ki libere anba tout fòm esklavaj peche a.
Nonm
rich nan levanjil la t’ap viv san konsyans dwat sa a. Se sa k’ fè li te mal
kalkile sitiyasyon lavi l’ lè manzè lanmò frape l’. Akoz li pa t’ pratike lajistis
anvè pòv Laza ki te toutan devan papòt li nan nesesite, nonm rich sa a pa t’
konnen se yon devwa sakre pou l’ mete richès li yo nan sèvis pòv yo, moun ki
nan malsite yo. Kidonk wè li jwenn kondanasyon ke pwòp kondwit li te fabrike a.
Sa l’ te plante a, se sa li rekòlte.
Granmèt
la vle pou n’ rete vigilan nan fason n’ap viv kòm moun. Li vle pou n’ konprann
vrè sans lavi nou. Se sa Jezi menm te vin montre n’ lè l’ pase sou tè a ap
mache fè byen, pote lavi kote lanmò vle blayi, pote lesperans kote k’ gen
dezespwa, pote lapè kote k’ gen lagè. Mesaj li kite pou limanite a vrèman
fondamantal pou transfigire mond nou an.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, ede n’ akeyi pawòl delivrans ou a nan lavi nou chak
jou.
PWOPOZISYON: M’ap rekonèt nan lavi
a, tout moun pa gen menm opòtinite. Mwen p’ap kite privilèj lavi a ban mwen
tounen yon rezon pou m’ imilye lòt moun.
No hay comentarios:
Publicar un comentario