Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
"M’ap sove pèp mwen an sot nan peyi solèy leve
ak solèy kouche".
LEKTI LIV PWOFÈT
ZAKARI 8.1-8
Jou sa yo:
Pawòl Granmèt
lame yo rive, li di: "Men pawòl Granmèt lame yo: 'Mwen jalou pou Siyon ak
yon gran jalouzi, mwen jalou pou li ak yon gran kòlè'.
Men pawòl
Granmèt lame yo: 'M’ap tounen nan Siyon, m’ap abite nan mitan Jerizalèm, y’ap
rele Jerizalèm vil laverite a, ak mòn Granmèt lame yo mòn ki sen an'.
Men pawòl
Granmèt lame yo: 'Gran papa ak grann ap abite nan laplas Jerizalèm ankò, ak
mesye ki gen baton nan men yo, poutèt anpil laj yo. Laplas lavil la ap plen ak ti moun ak jèn fi k’ap jwe nan laplas li yo'.
Men pawòl
Granmèt lame yo: 'Si bagay sa a parèt difisil nan je rès pèp sa a nan jou sa
yo, èske l’ap difisil nan je pa m’?' deklarasyon Granmèt lame yo.
Men pawòl
Granmèt lame yo: 'Men m’ap sove pèp mwen an sot nan peyi solèy leve ak nan peyi
solèy kouche, m’ap mennen yo, y’ap abite nan mitan Jerizalèm, y’ap pèp mwen,
m’ap Bondye yo nan laverite ak nan jistis'".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 101, 16-18. 19-21. 29 e 22-23 (r.: 17)
R/ Granmèt la
bati Siyon, li parèt nan bèlte l’.
Nasyon yo ap
respekte non ou, Granmèt,
tout wa yo
sou tè a ap respekte bèlte ou la;
paske Granmèt
la ap bati Siyon, l’ap parèt nan bèlte l’.
L’ap voye je
sou lapriyè pòv la, li p’ap meprize lapriyè yo a.R.
Se pou yo
ekri bagay sa yo pou lòt jenerasyon an,
pèp y’ap
kreye a, l’ap fè lwanj Granmèt la.
Paske li
panche sot nan kay sakre l’ la anwo a,
Granmèt la
gade sou tè a, antan l’ nan syèl la;
pou l’ koute
rèl prizonye yo, pou l’ delivre pitit lanmò yo.R.
Pitit sèvitè
ou yo ap abite, ras yo ap asire devan fas ou,
pou yo anonse
non Granmèt la nan Siyon, avèk lwanj li nan Jerizalèm;
lè pèp yo ap
rasanble pou yo fè yon sèl, avèk rèy yo, pou yo sèvi Granmèt la.R.
LEVANJIL
"Sila a ki pi piti nan pami nou tout la, se
li menm ki pi gran".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 46-50
Lè sa a:
Disip yo t’ap
fè diskisyon: kilès nan yo ki pi gran.
Jezi menm wè
kalkil kè yo, li pran yon ti moun, li fè l’ kanpe bò kote l’, li di yo:
"Tout moun ki resevwa ti pitit sa a o non m’, se mwen menm li resevwa; epi
tout moun ki resevwa m’, li resevwa sila a ki voye m’ nan. Reyèlman vre, sila a
ki pi piti nan pami nou tout la, se li menm ki pi gran".
Jan menm pran
lapawòl, li di: "Mèt, nou te wè yon moun ki t’ap chase demon yo o non ou,
nou te anpeche l’, paske li pa t’ap suiv avèk nou".
Jezi menm di
l’: "Pa anpeche l’; paske moun ki pa kont nou, se pou nou li ye".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m'
nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Aprè
mwen fin tande, reflechi e medite Pawòl Bondye a: kisa m’ap di Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl Bondye
jodi a mande m’ chanje nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario