Páginas

MADI 1-10-2019


Koulè Vèt
TERÈZ DE LANFAN JEZI KI SEN, Vyèj e Savan Sakre Legliz la.
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Anpil pèp ap vini pou yo chèche Granmèt la nan Jerizalèm".
LEKTI LIV PWOFÈT ZAKARI 8, 20-23
Men pawòl Granmèt lame yo:
"Pèp yo ap vin sòti byen lwen, yo menm ki abite nan anpil vil yo, youn a pral kot lòt, y’ap di: 'Ann al lapriyè fas Granmèt la, ann al chèchè Granmèt lame yo; antouka, mwen menm m’a prale'. Anpil pèp ap vini, ak nasyon ki gen pouvwa, pou yo chèche Granmèt lame yo nan Jerizalèm, epi pou yo lapriyè fas Granmèt la".
Men pawòl Granmèt lame yo:
"Jou sa yo, dis moun ap sòti nan tout lang nasyon yo, y’ap kenbe fil rad yon Juif, y’ap di:
"N’a pral avèk nou, n’ap koute nou, paske Bondye avèk nou".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 86, 1-3. 4-5. 6-7 (r.: Zak 8, 23)
R/ Bondye avèk nou.
Fondasyon l’ yo sou mòn yo ki sen yo;
Granmèt la renmen pòt Siyon yo pase tout joupa Jakòb yo.
Y’ap di bèl bagay sou ou, vil Bondye a.R.
M’ap sonje Raab ak Babilòn pami sila yo ki konnen m’ yo;
men Filisti ak Tir avèk Etyopi, sila yo fèt isit la.
Sou Siyon, y’ap di: "Sila a ak sila a fèt ladan l’,
Sila a ki anwo nèt la rann li fèm".R.
Granmèt la ekri nan liv pèp yo: "Sila yo fèt isit la".
Y’ap chante tankou moun k’ap kondui gwoup dans:
"Tout sous mwen yo nan ou".R.
LEVANJIL
"Li mare min li, pou l’ monte Jerizalèm".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 51-56
Lè jou yo rive pou yo pran Jezi, li mare min li pou l’ monte Jerizalèm. Li voye mesaje devan l’, y’ale yo antre nan yon vil Samariten yo pou yo pare manje pou li. Men yo pa resevwa yo, paske fas li te bay nan direksyon Jerizalèm.
Lè disip li yo, Jak avèk Jan, wè sa, yo di: "Granmèt, èske ou vle pou nou di dife desann sot nan syèl la pou l’ boule yo?"
Li vire, li fè yo lobsèvasyon, li di: "Nou pa konnen ki lespri nou genyen. Pitit moun nan pa vini pou l’ touye, men pou l’ sove".
Y’ale nan yon lòt vil.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Bonye, ou menm ki prepare peyi wa w’ la pou pòv yo ak piti yo, fè nou suiv tras Terèz ki sen avèk konfyans, pou, gras a priyè l’, ou devwale glwa tout tan w’ nan nan nou.
Pa pouvwa Jezikri.
AKSYON: M’ap pran konsyans Bondye renmen mwen menm si mwen pa merite sa, e poutèt sa mwen p’ap jije ni kondane pwochen mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario