ANJ GADYEN YO KI SEN.
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Si wa a wè sa bon, li mèt voye m’ nan
lavil papa m’ nan, pou m’ bati l’".
LEKTI LIV NEEMI 2, 1-8
Rive nan mwa
Nisan, ventyèm ane wa Ataksèsès, diven an te devan l’, epi mwen menm Neemi, mwen
leve diven an, mwen bay wa a. Mwen te tris devan fas li.
Wa a di m’:
"Pouki sa fas ou tris konsa a, paske mwen pa wè ou malad? Se pa pou granmesi;
men gen yon maladi, mwen konn kisa, nan kè ou".
Mwen te pè
anpil, epi mwen di wa a: "Moun wa, se pou ou viv tout tan! Kòman pou fas mwen
pa ta chagren, paske lavil kay tonbo zansèt mwen vide, pòt li yo boule nan dife?"
Wa a di m’:
"Pou ki bagay ou vle mande?"
Mwen lapriyè
Bondye syèl la, mwen di wa a: "Si wa a wè sa bon, si sèvitè ou fè ou plezi
devan fas ou, voye m’ nan peyi lajide ak nan lavil tonbo zansèt mwen yo, pou m’
bati l’".
Wa a ak rèn nan ki te chita kote l’
la, yo di m’: "Jouskilè vwayaj ou a ap dire, epi kilè w’ap tounen?" Sa fè wa a plezi, li voye m’. Mwen fiske tan an pou li.
Mwen di wa a:
"Si wa a wè sa bon, se pou l’ ban m’ lèt pou chèf rejyon lòt bò larivyè a,
pou yo kondui m’ jous mwen rive nan lajide; ansanm avèk yon lèt pou Asaf, gadyen
rak bwa wa a, pou l’ ban m’ bwa pou m’ kapab kouvri pòt kay defans la, ak miray
lavil la, ak kay la kote m’ a pral antre a". Wa a ban mwen
yo, men Bondye te avèk mwen.
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS 136, 1-2. 3. 4-5. 6 (r.: 6a)
R/ Se pou lang mwen
kole nan palèt mwen, si m’ pa sonje ou.
Sou bò gran
larivyè Babilòn yo, se la nou te chita epi nou t’ap kriye, pandan nou t’ap sonje
Siyon.
Nan pye
banbou nan mitan l’ yo, nou te pandye gita nou yo.R.
Paske se la
sila yo ki te fè nou prizonye yo te mande nou pawòl kantik,
epi sila yo k’ap
pèsekite nou yo, kè kontan: "Chante pou nou nan kantik Siyon yo".R.
Kijan pou nou
ta chante kantik Granmèt la nan tè etranje?
Si m’ bliye ou,
Jerizalèm, se pou men dwat mwen bliye m’.R.
Se pou lang mwen
kole nan palèt mwen, si m’ pa sonje ou,
si m’ pa mete
Jerizalèm nan sous kè kontan m’.R.
LEVANJIL
"M’ap suiv ou tout kote w’ a prale".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRE LIK KI SEN 9, 57-62
Lè sa a:
Jezi t’ap
mache ansanm avèk disip li yo sou wout la, gen yon moun ki di l’: "M’ap
suiv ou tout kote ou a prale".
Jezi di l’: "Rena yo gen twou
yo, zwazo syèl yo gen nich yo; Pitit moun nan menm pa gen kote pou l’ apiye tèt
li".
Li di yon
lòt: "Suiv mwen". Sila a menm
di: "Granmèt, pèmèt mwen al antere papa m’ anvan".
Jezi di l’:
"Kite mò yo antere mò pa yo; kanta ou menm ale, epi anonse peyi Bondye ki wa
a".
Yon lòt di:
"M’ap suiv ou, Granmèt, men pèmèt mwen al avèti moun lakay mwen yo
anvan". Jezi di l’: "Moun ki mete men l’ nan zouti bèf la ap redi pou
vire tè a, epi ki gade dèyè, nan pwen moun konsa ki alarotè rèy Bondye a".
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan
Pawòl li a jodi a?
LAPRIYE: Bondye, depi davans, yon jan ki depase mezi espri
nou, ou te voye Anj ou yo ki sen yo pou pwoteje nou, tanpri, nou menm k’ap priye
ou, fè nou favè pou nou toujou jwenn defans nou nan pwoteksyon yo, epi pou nou
jui ansanm avèk yo pou tout tan. Pa pouvwa Jezikri.
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan
kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario