Páginas

JEDI 3-10-2019


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Esdras louvri liv lalwa a, li fè konpliman pou Granmèt la, tout pèp la reponn: Amèn, amèn".
LEKTI LIV NEEMI 8, l-4a. 5-6. 7b-12
Jou sa yo:
Tout pèp la rasanble tankou yon sèl moun sou laplas la ki devan pòtay dlo yo, pwofesè yo di Esdras pou l’ pote liv lalwa Moyiz la, sa Granmèt la te kòmande bay Izrayèl la. Prèt Esdras pote Liv lalwa a vre devan foul gason yo ak fi yo, ak tout moun ki te kapab konprann, nan premye jou mwa septanm nan. Li li ladan l’, avèk yon vwa byen klè, sou laplas la ki te devan pòt dlo yo, depi nan maten jouska midi, devan gason yo ak fi yo ak moun sajès yo; zòrèy tout pèp la te drese nan direksyon liv la.
Edras, skrib la, te kanpe sou yon estrad an bwa, yo te fè pou l’ kapab pale. Esdras louvri liv la devan tout pèp la (ki te depase wotè tout pèp la nèt); kon l’ louvri l’, tout pèp la kanpe. Esdras fè konpliman pou Granmèt Bondye ki gran an, tout pèp la reponn: "Amèn, Amèn", antan y’ap leve men yo. Yo plwaye kò yo, yo adore Bondye, plat atè. Levit yo fè pèp la fè silans pou l’ koute lalwa a. Pèp la menm te kanpe nan plas li. Yo li nan liv Lalwa Bondye a yon jan ki poze, yon jan ki klè pou moun kapab konprann; yo konprann pandan y’ap li a.
Neemi (sa vle di Atèsata) avèk Esdras, prèt la ak skrib la, ak mesye nan ras Levi yo, yo t’ap esplike tout pèp la: "Se yon jou ki sen pou Granmèt Bondye nou an: pa ret tris, pa kriye". Sèke tout pèp la t’ap kriye, lè l’ tande pawòl lalwa a.
Li di yo: "Ale, manje bon vyann, bwè bon diven, voye pòsyon bay moun ki pa t’ pare manje; paske jou Granmèt sa a sen. Pa ret tris: kè kontan Granmèt la se fòs nou".
Levit yo menm t’ap fè tout pèp la fè silans, yo t’ap di: "Pe bouch nou, paske jou sa a sen, pa pran lapenn".
Konsa tout pèp la pati, pou l’ manje, pou l’ bwè, pou l’ met pòsyon apa, pou l’ fè kè l’ kontan, paske yo te konprann pawòl yo te anseye yo a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18, 8. 9. 10. 11 (r.: 9a)
R/ Jistis Granmèt la douat, li fè kè yo kontan.
Lalwa Granmèt la san tach, li refè nam,
Temwayaj Granmèt la fidèl; li bay ti moun yo sajès.R.
Jistis Granmèt la dwat, li fè kè yo kontan,
Kòmandman Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Respè Granmèt la nèt, li dire pou tout tan gen tan,
Jijman Granmèt la yo vre, yo kòrèk yo tout ansanm.R.
Yo pi chè pase lò, ak bijou ki gen anpil pri,
Yo pi dous pase myèl, ak reyon myèl k’ap koule.R.
LEVANJIL
"Lapè nou an ap poze sou li".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 10, 1-12
Lè sa a:
Granmèt la chwazi swasanndouz lòt; li voye yo de pa de devan l’ nan tout vil ak bouk kote li te gen pou l’ ale.
Li t’ap di yo: "Rekòlt la anpil, men ouvriye yo se yon ti kras yo ye. Lapriyè Granmèt rekòlt la, pou l’ voye ouvriye nan rekòlt li. Ale: men mwen voye nou tankou mouton nan pami lou. Pa pote sak, ni bous, ni sapat, pa salye pèsonn nan chemen.
Nan nenpòt kay nou antre, kòmanse di: 'Lapè pou kay sa a'; si gen yon pitit lapè la, lapè nou an ap poze sou li; otreman, l’ap tounen vin jwenn nou. Rete nan menm kay sa a, manje, bwè sa yo genyen; paske ouvriye-a merite salè l’.
Pa travèse sot nan kay al nan kay. Nan nenpòt ki vil nou antre, epi yo resevwa nou, manje sa yo pote ba nou, geri malad yo ki nan vil la, di yo: 'Rèy Bondye a tou pre nou'. 
Men nan nenpòt ki vil tou nou antre, epi yo pa resevwa nou, sòti sou laplas li yo, epi di: 'Menm pousyè, ki te kole sou nou nan vil nou an, nou kite l’ pou nou; sèlman aprann sa, rèy Bondye a tou pre'. Mwen di nou Sodòm ap jwenn plis padon jou sa a pase vil sa a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario