Páginas

VANDREDI 4-10-2019


Koulè Vèt.
FRANSWA D’ASIZ KI SEN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Nou fè peche devan Granmèt la epi nou pa kwè".
LEKTI LIV PWOFÈT BARIK 1,15-22
Jistis la se pou Granmèt Bondye nou an, pou nou menm se lawont nan fas nou, jan sa ye jodi a, pou tout Lajide ak moun ki abite Jerizalèm, pou wa nou yo ak chèf nou yo, pou prèt nou yo ak pwofèt nou yo ak zansèt nou yo. Nou fè peche devan Granmèt Bondye nou an, nou pa t’ kwè, nou te wete lafwa nou nan li; nou pa t’ obeyi l’, nou pa t’ koute vwa Granmèt Bondye nou an, pou nou te mache nan kòmandman l’ yo, sa l’ te ba nou an.
Depi jou li te kondui zansèt nou yo sot nan peyi Lejip la, jous jodi a, nou te fè rebèl ak Granmèt Bondye nou, nou vire do ba li, nou gaye, nou pa koute vwa l’; anpil malè ak madichon kole sou nou, sa Granmèt la te fikse bay Moyiz sèvitè l’ la, ki te kondui zansèt nou yo sot nan peyi Lejip la pou l’ ba nou peyi a kote lèt ak myèl ap koule a, jan sa fèt jodi a. Nou pa t’ koute vwa Granmèt Bondye nou daprè tout pawòl pwofèt yo li te voye ba nou yo, epi nou pati, chak moun nan sans move kè nou an, pou nou aji pou dye etranje yo, antan n’ap fè sa k’ mal devan je Granmèt Bondye nou an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 78, 1-2. 3-5. 8. 9. (r.: 9bc)
R/ Poutèt bèlte non ou, Granmèt, delivre nou.
Bondye, nasyon yo rive nan eritaj ou a, yo sal kay sakre ou la ki sen an, yo fè Jerizalèm tounen debri.
Yo renmèt kadav sèvitè ou yo kòm manje bay zwazo syèl yo, chè sen ou yo bay bèt tè yo.R.
Yo vide san yo tankou dlo alantou Jerizalèm, pa gen pèsòn pou fè lantèman.
Nou sèvi lawont pou vwazen nou yo, yo pase nou nan rizib,
yo pran plezi sou do nou, sila yo ki antoure nou yo.
Jouskilè, Granmèt? Èske w’ap fache pou tout tan?
Èske jalouzi ou la ap flanbe tankou dife? R.
Pa sonje mechanste zansèt nou yo, depeche ou,
fè kè sansib ou pran devan nou, paske nou vin pòv anpil.R.
Ede nou, Bondye delivrans nou, poutèt bèlte non ou, delivre nou;
padonnen peche nou yo poutèt kòz non ou.R.
LEVANJIL
"Moun ki meprize m’, li meprize sila-a ki voye m’ nan".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 10, 13-16
Lè sa a: Jezi di:
"Madichon pou ou, Kowozayin! madichon pou ou Betsayid! paske, si se te nan Tir ak Sidon mèvèy sa yo te fèt, sa k’ fèt lakay nou yo, gen lontan yo ta chita nan sak ak sann pou yo fè penitans. An verite y’ap padonnen Tir ak Sidon plis pase nou nan jou jijman an.
Epi ou menm, Kafanawòm, jous nan syèl la ou leve, jous anba tè w’ap plonje.
Moun ki koute nou, se mwen menm li koute, epi moun ki meprize nou, se mwen menm li meprize. Moun ki meprize m’ menm, li meprize sila a ki voye m’ nan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te fè Franswa ki sen favè pou l’ sanble avèk Jezikri antan l’ vin pòv, antan li viv daprè ti kondisyon moun li a, tanpri, fè nou monte nan tras wout li-a, pou nou suiv Pitit ou a, epi pou nou fè youn avèk ou gras a yon charite ki ba nou kè kontan. Pa pouvwa Jezikri.
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario