Páginas

SAMDI 5-10-2019


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Sila a ki te mete nou nan malè a, l’ap kondui nou nan kè kontan an ankò".
LEKTI LIV PWOFÈT BARIK 4,5-12.27-29
Pran kouraj, pèp Bondye, Izrayèl yo sonje a: si yo te vann nou nan nasyon yo, se pa pou nou te kapab detui; men se paske nou te pwovoke Bondye nan kòlè jous li fache, li renmèt nou bay lènmi yo; nou te eksite l’ nèt, li menm ki fè nou an, Bondye tout tan an, antan nou ofri sakrifis bay demon yo antan nou pa ofri bay Bondye; nou bliye Bondye, li menm ki ba nou manje; nou fè nouris nou, Jeruzalèm, lapenn.
Li wè kòlè a k’ap vin sot nan Bondye pou l’ rive sou nou, li di: "Koute, limit Siyon yo, Bondye fè yon gran dèy tonbe sou mwen; sèke mwen wè pèp mwen an ki pati an ekzil, kòm prizonye, ni pitit gason m’ yo ni pitit fi m’ yo, se Sila a ki ekziste tout tan an ki kondui yo; sèke mwen te nouri yo avèk kè kontan, mwen blije kite yo pati avèk dlo nan je m’.
Pèsonn pa bezwen fè fèt sou do m’ paske mwen vèv, mwen pou kont mwen; yo tout pati kite m’, poutèt peche pitit mwen yo, paske yo vire do bay lalwa Bondye a.
Pran kouraj, pitit yo, rele kot Granmèt la; souvni nou ap rete nan kè sila a ki te kondui nou an. Menm jan lespri nou te fè nou vire do bay Bondye a, konsa dis fwa plis se pou nou tounen ankò pou nou chèche l’; sèke sila a ki te fè malè a rive sou nou an, se li menm tou ankò k’ap fè kè kontan tout tan an rive sou nou avèk delivrans nou an".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 68, 33-35. 36-37 (r.: 34a)
R/ Granmèt la koute pòv yo.
Pòv yo ap wè, y’ap kontan; chèche Bondye, se pou kè nou viv.
Paske Granmèt la koute pòv yo, li pa meprize prizonye l’ yo.
Syèl la ak tè a ap fè lwanj li, lanmè a ak tout bèt ki ladan l’.R.
Paske Bondye ap sove Siyon, l’ap bati vil Jida yo; y’ap abite la, y’ap posede l’.
Ras sèvitè l’ yo ap eritye l’, moun ki renmen non l’ yo, y’ap abite nan li.R.
LEVANJIL
"Fè kè nou kontan paske non nou ekri nan syèl yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 10, 17-24
Lè sa a:
Swasanndouz yo tounen avèk kè kontan, y’ap di: "Granmèt, menm demon yo, yo obeyi nou o non ou".
Li di yo: "Mwen te wè Satan tankou zèklè ki t’ap tonbe sot nan syèl la. Men mwen ba nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak skòpyon ak sou tout pouvwa lènmi an, epi anyen p’ap fè nou sa k’ mal. Sèlman se pa pousa pou nou fè kè nou kontan, poutèt lespri yo obeyi nou an; se pou nou fè kè nou kontan pito paske non nou ekri nan syèl la".
Lè sa a menm li tresayi nan Lespri Sen an, li di: "Mwen fè konpliman pou ou, Papa, Granmèt syèl la ak tè a, paske ou te kache bagay sa yo pou savan yo ak moun entelijan yo, epi ou te devwale yo bay sa ki pòv yo. Wi, Papa, se konsa sa te fè ou plezi. Papa m’ renmèt mwen tout bagay. Pèsònn pa konnen sa Pitit la ye, sof Papa a, epi sa Papa a ye, sof Pitit la ak moun Pitit la vle devwale sa".
Li vire kot disip li yo, li di: "Se chans pou je yo ki wè sa n’ap wè yo; paske mwen di nou anpil pwofèt ak wa te vle wè sa n’ap wè yo, men yo pa t’ wè l’, epi tande sa n’ap tande yo, men yo pa t’ tande l’".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario