Koulè Vèt
VENNSETYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE-C
PREMYE LEKTI
“Moun ki kòrèk la ap viv nan lafwa l’’’.
NAN LIV PWOFÈT ABAKOUK 1, 2-3; 2, 2-4
Jouskilè,
Granmèt, m’ap rele, pou ou pa koute? M’ap pouse
rèl kote ou, antan m’ap sibi move tretman, epi ou p’ap sove m’? Pouki sa ou fè
m’ wè mechanste ak tray? Pouki sa ou ret ap gade piyay ak enjistis devan m’?
Pouki sa diskisyon ak rayisans vin pi fò?
Granmèt la
reponn mwen, li di: “Ekri vizyon an, eksplike l’ sou adwaz, pou moun k’ap li l’
la kapab li byen; sèke vizyon an lwen toujou, men l’ap parèt alafen, li p’ap
twonpe; si l’ fè reta, tann li, paske l’ap vini sètènman, li p’ap mize. Men,
moun ki pa kwè a, nanm li p’ap dwat nan li; moun ki kòrèk la se nan lafwa l’
l’ap viv”.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 94, 1-2. 6-7. 8-9
R/ Pito jodi a
nou tande vwa Granmèt la: “Pa fèmen kè nou”.
Vini, an nou
fete pou Granmèt la; an nou bat bravo pou Bondye delivrans nou.
An nou pwoche
devan fas li avèk lwanj, avèk kantik an nou bat bravo pou li.R.
Vini, an nou
adore l’, an nou bese atè, an nou pliye jenou devan Granmèt la ki fè nou,
paske li menm
li se Bondye nou, nou menm nou se pèp pak li, mouton men l’.R.
Si jodi a nou
te kapab tande vwa l’: “Pa fèmen kè nou, tankou nan Meriba,
daprè jou
Masa nan savann nan, kote zansèt nou te eseye m’ nan:
yo te eseye
m’, malgre yo te wè aksyon m’ yo”.R.
DEZYÈM LEKTI
“Pa wont temwayaj Granmèt nou an”.
NAN DEZYÈM
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 1, 6-8. 13-14
Ou menm mwen
renmen anpil la:
Mwen avèti ou
pou favè Bondye a ki nan ou a depi m’ te met men sou tèt ou a, ou fè l’ leve
vivan. Bondye pa t’ ba nou yon lespri kè sote, men yon lespri ki bay fòs,
renmen ak pouvwa pou metrize kò nou. Konsa pa wont temwayaj Granmèt nou an ni
pa wont mwen ki prizonye l’; men travay pou Levanjil la daprè fòs Bondye a.
Pawòl korèk
ou te tande nan bouch mwen yo, suiv modèl yo ba ou a, nan lafwa ak renmen ki
nan Jezikri a. Kenbe bon depo a pa pouvwa Lespri Sen an ki abite nan nou an.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Si nou te gen lafwa”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 17, 5 10
Lè sa a:
Apot yo di
Granmèt la: “Fè nou vin gen plis lafwa”.
Granmèt la
menm di: “Si nou te gen lafwa tankou yon ti grenn seneve, nou ta di pye bwa sa
a: “Derasinen ou, al plante ou nan lanmè a”; epi li ta obeyi nou.
Kilès nan
nou, si l’ gen yon sèvitè k’ap travay tè a oubyen k’ap gade mouton, lè sèvitè a
tounen sot nan jaden, èske l’ap di l’: “Fè vit, travèse, mete ou atab”; èske li
p’ap di l’: “Pare dekwa pou m’ manje, pase tabliye nan ren ou, sèvi m’, joustan
mwen fin manje, mwen fin bwè; aprè sa, ou menm w’a manje, w’a bwè?” Èske l’ap
gen sèvitè sa a rekonesans, poutèt li fè sa l’ kòmande a? Mwen pa kwè.
Se konsa nou
menm tou, lè n’a fin fè tout sa yo kòmande nou, se pou nou di: “Nou se sèvitè
ki pa vo anyen: se sa nou te dwe fè a, se li nou fè”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Vè lane 597, twoup
militè Wa Nabikodonozò yo te anvayi lavil Jerizalèm. Anvayisman sa te lakòz yon
gwo kalamite, paske yo te eksplwate pèp la, yo te fè li anpil enjistis, yo te
fè vyolans sou dirijan li yo. Se nan kontèks sa a Pwofèt Abakouk te leve vwa li:
“Jouskilè, Granmèt, m’ap rele, pou ou pa koute? M’ap pouse
rèl kote ou, antan m’ap sibi move tretman, epi ou p’ap sove m’? Pouki sa ou fè
m’ wè mechanste ak tray?” (Abakouk 1:1-2).
Anpil moun te panse Bondye te
endiferan, Bondye te fè silans. Sitiyasyon pèp jwif la t’ap viv nan tan sila a,
li pa nètman diferan ak sa limanite ap viv jounen jodi a. Nan nivo lokal, nou
kapab obsève anpil dezòd ak enjistis tankou: eksplwatasyon, chomaj, povrete, vyolans, grangou, soufrans ak lanmò.
Yon lòt bò, nan nivo entènasyonal, imaj nou wè
yo pa twò enteresan, paske nou pa kapab konte kantite moun k’ap viv nan
endijans ak soudevlopman, nou pa kapab konte kantite moun k’ap mouri grangou,
moun k’ap mouri nan lagè, nan tirani ak opresyon, tandiske peyi ki pi avanse
yo, y’ap diskite ti pwoblèm yo pou defann ti enterè egoyis yo, san ke yo pa gen
gwo sousi pou rezoud pwoblèm povrete a ak pwoblèm grangou a.
Konsa tou, lafwa kretyen yo fè lasoudorèy. Kòman
fè Bondye fè silans? Kòman nou kapab etabli relasyon ant lafwa nan Bondye ak
sitiyasyon terib sa ke limanite ap fè fas la? Èske li posib pou nou kontinye
kwè nan Bondye? Nan ki Dye nou kapab kwè? Li
vrèman fasil e demagojik pou nou pretann ke Bondye pa ekziste fas a gwo pwoblèm
ki devan limanite. Li vrèman fasil pou nou di Legliz pa itil anyen, puiske li
pa ka fè anyen pou tout moun sa yo k’ap mouri grangou. Ou
ta gen enpresyon ke pèsonn moun pa responsab, tout moun lave men yo. Epi se
Bondye yo vle bay pote tout chay, kòmsi se Bondye ki ta dwe rezoud sa nou menm
nou gen kapasite pou nou rezoud.
Nou dwe fè fas: Apot Pòl, nan gwo angajman li pran pou defann levanjil la, malgre li
retwouve li nan prizon - nan yon kontèks kote Newon t’ap pèsekite kretyen yo -
li ekri Timote e li ankouraje li pou li kenbe lanp lafwa li limen, pou li fè
fas ak lènmi an, pou Jezi ak pou Levanjil la. Apot la di nou lespri nou te
resevwa a, se pa yon lespri ki pou fè nou fè bak, se pa yon lespri lachte, men
se yon lespri ki bay fòs ak bon jijman. Rekòmandasyon apot la, se premye
travay kwayan yo. Premyèman, se fè fas, pa kache,
pa wose zepòl, pa rete endiferan. Tout pwoblèm moun genyen, se pwoblèm pou
kretyen, se sijè ki konsène kretyen an. (Gade GS: Jwa ak Lespwa…).
Kontrèman ak
sa anpil moun panse, relijyon pa okipe li de relijyon, men se de moun li okipe
li. Relijyon se pa yon bagay ki la pou fè ou bliye koze ki konsène moun,
okontrè li la pou pote lavi pou moun, espesyalman pou pòv yo ak moun sosyete a
mete sou kote yo. Grangou, povrete, chomaj, eksplwatasyon,
soufrans, lanmò, elatriye, se bagay ki mete an kesyon diyite moun. Nou
pa kapab ap chante kantamwa nou, si nou rete endiferan devan grav pwoblèm sa
yo, swa se nan peyi nou, paske nou tout se frè ak sè.
Kidonk nou pa kapab
kontinye ap lapriyè yon fason kòmsi pa t’ gen anyen ki te pase, okontrè nou
bezwen lapriyè menm jan ak pwofèt la, se sa ki temwaye lafwa nou ak konfyans
nou nan Bondye. Men se pa la nou dwe kanpe, kote nou ap tann Bondye toujou la
pou li vin wete nou nan dife. Kòm moun ki gen lafwa, nou deja konnen ki remèd
Bondye ba nou pou maladi nou yo. Nou konnen Bondye kreye nou e li ba nou
entelijans ak volonte pou nou kapab chèche solisyon pou pwoblèm nou yo.
Granmèt, fè nou vin gen plis lafwa: Tankou disip Jezi, nou dwe rekonèt lafwa nou piti. Paske lafwa se ba
yon bagay nou kreye avèk entelijans nou, men se yon angajman pèsonèl. Se konsa
Jezi fè disip li yo konnen sa lè yo mande li pou li ogmante lafwa yo. Lafwa, se konfyans nan Bondye e, poutèt sa menm, s konfyans nan travay
Bondye, ke nou menm nou ye. Kretyen, li konnen pi byen pase tout moun ke nou pa
kapab ap tann tout bagay nan men Bondye, paske Bondye te lage mond lan nan men
nou, sou responsablite nou. Malgre sa, kretyen an
konnen ke nou menm moun, nou pa kapab rezoud tout pwoblèm. Pa gen manti nan sa.
Men jiskaske nou rive nan limit posiblite nou, gen anpil chemen toujou ke nou
dwe pase e ken anpil travay ke nou dwe reyalize. Nou pa kapab rete bra kwaze,
nou dwe chèche solisyon pou pwoblèm limanite, pwoblèm pa nou ak pwoblèm tout
moun ak tout pèp.Nou dwe travay nan tèt ansanm ak tout moun bòn volonte. Men,
malgre tout efò n’ap fè, sa pa anpeche nou jwenn anpil moun movèz fwa ki rete
endiferan oubyen moun ki vle tann pèlen pou nou. Se lè nou gen bòn volonte epi
nou fè jefò nou gen dwa pou nou rele kot Granmèt la pou li chanje mantalite
moun ki pa vle nou pote chanjman k’ap bon pout tou moun nan, pou nou kapab
jwenn remèd pou mal k’ap depafini ak moun nan tan sa yo: enjistis, grangou,
inegalite, povrete ak soufrans.
LAPRIYÈ: Granmèt, ba nou fòs pou nou kapab ranpli
misyon nou kòm pwofèt ak wa, pou nou kapab lite kont tout mal k’ap fini ak
sosyete nou an.
PWOPOZISYON: Jodi a,
gade pou w’ wè kisa ou ka fè pou yon pwochen k’ap soufri; si pwoblèm li depase
kapasite ou, lapriyè pou li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario