Koulè Vèt.
MARI KI SIN, KI VYÈJ, DAPRÈ WOZÈ A.
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Jonas leve, pou l’ sove kò l’ lwen Gramèt
la".
KÒMANSMAN LIV
PROFÈT JONAS 1, 1-2, 1.11
Pawòl Granmèt la
rive kot Jonas, pitit Amati, li di:
"Leve, al
Niniv, gran vil la, preche ladan l’, paske mechanste l’ monte devan m’".
Jonas leve, pou l’ sove kò l’ Tasis lwen fas Granmèt la, li desann Jope, li
jwenn yon batiman k’a pral Tasis; li peye plas li, li desann nan fon batiman
an, pou l’ pati ansanm avèk moun yo ale Tasis, lwen fas Granmèt la. Granmèt la
menm voye yon gwo van sou lanmè a, vin gen yon gran tanpèt nan lanmè a, batiman
an te menase koule. Matlo yo vin pè, chak moun rele dye l’; yo jete veso ki te
nan batiman an nan lanmè, pou l’ kapab pi lejè lè yo debarase ak yo; Jonas menm
desann nan fon batiman an, li t’ap dòmi, li te nan fon somèy.
Kaptenn nan
pwoche kote l’, li di l’: "Pouki sa ou kite somèy angoudi ou la? Leve, rele
Bondye ou la, petèt Bondye a ap sonje nou, epi nou p’ap peri".
Mesye a di sa
k’ t’ap gouvènen batiman an ansanm avèk li a: "An nou wè, n’ap tire osò
pou nou konnen pouki sa malè sa a rive nou an". Yo tire osò, epi sò a tonbe sou Jonas.
Yo di l’:
"Di nou pouki sa malè sa a rive nou. Ki sa ou fè, ki kote ou sòti, epi ki
kote ou a prale oubyen nan ki pèp ou sòti?"
Li di yo:
"Se Ebre mwen ye, epi se Granmèt Bondye syèl la mwen respekte, li menm ki
fè lanmè a ak tè sèk la".
Mesye yo vin
pè ak yon gran sezisman, yo di l’: "Ki sa ou fè?" Sèke mesye yo te
rekonèt se devan fas Granmèt la li t’ap sove kò l’, paske li te montre yo sa;
yo di l’: "Ki sa pou nou fè ou, pou lanmè a sispann leve kont nou?"
paske lanmè a t’ap leve pi rèd tout tan.
Li di yo:
"Pran m’, jete m’ nan lanmè, epi lanmè a ap sispann leve kont nou; sèke
mwen konnen, se poutèt mwen gran tanpèt sa a vin sou nou an". Mesye yo
t’ap rame, pou yo tounen sou tè sèk la, men yo pa t’ kapab, paske lanmè a t’ap
monte pi rèd sou yo tout tan.
Yo rele kot
Granmèt la, yo di: "Tanpri, Granmèt, pa kite nou peri poutèt lavi mesye sa
a, pa mete san inosan sou nou; paske ou menm, Granmèt, se jan ou vle, se konsa
ou fè". Yo pran Jonas, yo jete l’ nan lanmè, lanmè a sispann mouvmante,
mesye yo vin pè Granmèt la ak yon gran sezisman, yo ofri sakrifis bay Granmèt
la epi yo fè ve. Granmèt la pare yon gran pwason pou l’ vale Jonas. Jonas rete nan vant pwason an pandan twa jou ak twa nuit. Epi Granmèt la pale ak pwason an, li vomi Jonas sou tè sèk la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Jon 2, 3. 4. 5. 8 (r.: 7c)
R/ W’ap leve
lavi m’ pou l’ pa gate, Granmèt.
Nan tray
mwen, mwen rele kote Granmèt la, li koute mwen;
Nan vant
bafon anba a mwen rele, ou tande vwa mwen.R.
Ou te jete m’
nan fondè a, nan kè lanmè a, dlo a te antoure mwen:
tout lanm ou yo
ak vag ou yo, se sou mwen yo t’ap pase.R.
Epi mwen menm
mwen te di: "Mwen se yon rejè devan je ou,
epoutan m’ap
tounen pou m’ wè kay sakre ou la.R.
Pandan nam
mwen ap sere anndan mwen, mwen sonje Granmèt la,
pou lapriyè
m’ rive kote ou, nan kay sakre w’ la".R.
EVANJIL
"Kilès ki pwochen m’?"
ME BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 10, 25-37
Lè sa a:
Gen yon
pwofesè lalwa a ki leve pou l’ eseye Jezi, li di: "Mèt, ki sa pou m’ fè
pou m’ gen lavi tout tan an?"
Li menm li di
l’: "Nan lalwa a ki sa k’ ekri? ki sa ou li?"
Li reponn, li
di: "Se pou ou renmen Granmèt Bondye
ou ak tout kè ou, ak tout nam ou, ak tout fòs ou, ak tout lespri ou, epi
pwochen ou tankou ou menm".
Jezi di l’:
"Ou reponn byen: fè sa, w’a viv".
Li menm menm
li te vle bay tèt li rezon, li di Jezi: "Epi kilès ki pwochen m’?"
Jezi reprann,
li di: "Yon mesye t’ap desann sot Jerizalèm al Jeriko, li tonbe nan men
asasen, yo pran tout sa l’ te genyen, yo bat li, yo pati kite l’ mwatye vivan. Gen
yon prèt k’ap pase, ki t’ap desann nan menm chemen an, li wè l’, li kontinye
wout li. Menm jan an tou yon moun ki te nan sèvis kay sakre a, lè l’ rive bò
kote l’, li wè l’, li kontinye chemen l’.
Men gen yon
Samariten ki t’ap vwayaje, li rive bò kote l’, li wè l’, kè l’ fè l’ mal. Li pwoche, li panse kote l’ te blese yo, li vide luil ak diven, li mete l’
sou milèt li, li mennen l’ nan yon lotèl, li okipe l’. Nan landmen, li sòti de
pyès lajan, li renmèt mèt lotèl la, li di: "Okipe l’; tout sa w’a depanse
an plis, lè m’a tounen, m’a renmèt ou li".
Daprè ou menm
kilès nan twa sa yo ki sanble li se pwochen sila a ki te tonbe nan min asasen
yo?"
Li di:
"Sila a ki te gen kè sansib pou li a".
Jezi di l’:
"Ale, ou menm tou, fè menm jan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m'
nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Granmèt, vide gras ou a nan kè nou, nou menm ki konnen, daprè nouvèl Anj la
te bay, Jezikri Pitit ou a te tounen moun, tanpri, gras a priyè Mari ki sen, ki
Vyèj, fè soufrans li ak lakwa li, kondui nou rive jous nan glwa rezireksyon an.
Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Renmen pwochen an, sa dwe yon bagay natirèl, tankou
viv ak respire. (Mè Teresa)
No hay comentarios:
Publicar un comentario