Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
"Moun Niniv yo chanje sòti nan move chemen
yo, Bondye pran pitye pou yo".
LEKTI LIV
PWOFÈT JONAS 3, 1-10
Pawòl Granmèt
la rive sou Jonas yon dezyèm fwa, li di:
"Leve,
al Niniv, gran vil la, preche sa m’a di w’ la ladan l’". Jonas leve, l’al
Niniv daprè pawòl
Granmèt la.
Niniv la se te yon gran vil, ki te mande twa jou pou travèse l’, Jonas kòmanse
antre nan lavil la, li mache pandan yon jounen, l’ap rele, l’ap di: "Rete
karant jou ankò, epi Niniv ap detwi". Moun Niniv yo kwè nan Bondye, yo
deklare yon jèn, yo abiye ak rad sak depi pi gran jous pi piti.
Pawòl la rive
kot wa Niniv la, li leve sot sou fotèy li, li jete rad li sot sou li, li abiye
ak rad sak, li chita sou sann. Li fè deklarasyon, li di nan Niniv, daprè pawòl
wa a ak chèf yo: "Ni moun, ni milèt, ni bèf, ni mouton, yo p’ap goute
anyen, yo p’ap manje anyen, yo p’ap bwè dlo, se pou moun yo kouvri ak sak, ni
bèt yo, se pou yo rele kot Granmèt la ak fòs, se pou chak moun chanje, kite
move chemen l’ ak peche l’ap fè ak men l’. Ki moun ki konnen si Bondye p’ap
chanje, pou l’ padonnen, pou l’ tounen sot nan dife kòlè l’ la, pou nou pa
peri?"
Bondye wè
travay yo, paske yo te chanje sot nan move chemen yo a, Bondye pran pitye, li
kite malè a li te di l’ap fè yo a, li pa fè l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 129, 1-2. 3-4ab. 7-8
(r.: 3)
R/ Si ou kenbe
fot yo, Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Nan bafon yo
m’ap rele kote ou, Granmèt;
Granmèt,
koute vwa m’. Se pou zòrèy ou panche nan vwa lapriyè m’ nan.R.
Si ou kenbe
fot yo, Granmèt, Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Paske kote ou
se padon, nou respekte ou.R.
Paske kot
Granmèt la se kè sansib, se delivrans an kantite kote l’.
Se li menm
k’ap delivre Izrayèl sot nan tout fot li yo.R.
LEVANJIL
"Mat resevwa l’ lakay li. Mari chwazi pi
bon pòsyon an".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 10, 38-42
Lè sa a:
Jezi antre
nan yon bouk; yon madanm yo te rele Mat resevwa l’ lakay li. Li te gen yon sè
yo rele Mari, ki te chita pou kont li nan pye Granmèt la, l’ap koute pawòl li
yo.
Mat menm t’ap
fatige kò l’ anpil nan sèvis la; li kanpe, li di: "Granmèt, sa pa fè ou
anyen, pou sè m’ nan kite m’ap sèvi tou sèl? Manyè di l’ pou l’ ede m’".
Jezi pran
lapawòl, li di l’: "Mat, Mat, ou pran tèt chaje, ou pran traka pou anpil
bagay. Epoutan se yon sèl ki nesesè: Mari chwazi pi bon pòsyon an, sa yo p’ap
wete nan men l’ nan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Mesaj Levanjil jodi a, se sou akèy: Mat ak Mari akeyi Jezi lakay yo. Mari
chita, li poze li, l’ap gade mèt la epi l’ap koute li ak anpil atansyon, poutan
Mat, sè Mari a, li plis pran plezi nan netwaye kay la, nan fè kay la bèl; li
tèlman bay detay sa yo enpòtans, li pran plenyen, li mande Jezi kisa li di nan
sa, puiske sè a chita epi li menm l’ap fatige kò li nan fè travay. E mwen menm,
kijan nan ki fason mwen akeyi Jezi? Ak kilès nan 2 medam sa yo mwen plis
sanble?
LAPRIYÈ:
Granmèt, fè mwen rete nan pye ou toutan, pou m’ ka koute avèk atansyon Pawòl
lavi a. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Pap Franswa di nou: Granmèt la toujou ap simen semans
Pawòl li a; sèl sa li mande nou, se ouvri kè nou pou nou kapab koute li ak bòn
volonte nou pou nou kapab mete li an pratik.
No hay comentarios:
Publicar un comentario