Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Nou chanje chemen sot nan
zidòl yo vin jwenn Bondye, n’ap espere Pitit li a li fè leve vivan an".
KÒMANSMAN
PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU TESALONISYEN YO
1, 1-5. 8b-10
Pòl ak Silven ak Timote, pou legliz
Tesalonisyen yo nan Bondye Papa a ak
Granmèt Jezikri. Favè pou nou ak lapè.
N’ap di Bondye mèsi tout tan pou
nou tout, antan n’ap sonje nou nan lapriyè
nou san rete; n’ap sonje travay lafwa nou, lapenn nou, charite nou, epi jan nou ret fèm nan espwa Granmèt
nou Jezikri devan Bondye Papa nou.
Nou konnen, frè nou yo Bondye renmen an, kijan li chwazi
nou: Levanjil nou an pa t’ rive kote nou nan pawòl sèlman, men nan pouvwa ak
nan Lespri Sen, ak nan anpil reyalizasyon ki kòrèk nèt, jan nou konnen kijan
nou te konpòte nou kote nou poutèt nou.
Lafwa nou an, ki veritab lafwa nan Bondye a, li vanse devan tout kote, atèl pwen nou pa bezwen di anyen ankò; se yo menm menm k’ap anonse sou nou kijan nou te rive lakay nou epi kijan nou
menm menm nou te chanje
chemen sot nan zidòl yo vin jwenn Bondye, pou nou sèvi Bondye ki
vivan an, ki vre a, pou nou tann Pitit li a k’ap sot nan syèl la, li menm li te fè leve vivan sot nan pami mò yo: Jezi, ki delivre nou anba kòlè k’ap vini an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 149, 1-2. 3-4. 5-6a e 9b (r.: 4a)
R/ Granmèt la jwenn plezi
nan pèp li a.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo;
lwanj li nan legliz sen yo.
Se pou Izrayèl kontan nan sila a ki fè l’ la,
se pou pitit Siyon yo danse pou wa yo a.R.
Se pou yo fè lwanj pou non l’ avèk dans,
sou tanbou ak gita se pou yo chante pou li.
Paske Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a,
L’ap fè pòv yo jwenn konsiderasyon nan delivrans la.
Se pou sen yo fete nan bèlte a, se pou yo kontan sou
kabann yo.
Lwanj Bondye yo nan bouch yo:
bèlte sa a pou tout sen l’ yo.R.
LEVANJIL
"Madichon pou nou, chèf
avèg".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MATYE KI SEN 23, 13- 22
Lè sa a: Jezi pale, li di:
"Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske
nou fèmen rèy syèl yo devan moun yo ! Nou menm nou pa antre, epi moun k’ap antre
yo, nou pa kite yo antre. Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske
n’ap manje kay vèv yo, pandan n’ap fè lapriyè ki long; se pousa n’ap jwenn
kondanasyon ki pi rèd !
Madichon pou nou, profésè ak farizyen ipokrit, paske n’ap
fè tout tou lanmè a ak savann nan
pou nou fè yon disip; men lè nou fin pran l’,
nou fè l’ vin tounen pitit
lanfè a de fwa plis pase nou!
Madichon pou nou, chèf avèg, k’ap
di: «Moun ki fè sèman sou kay sakre a, sa
pa anyen; men moun ki fè sèman sou lò kay sakre a, li gen dèt». Enbesil,
avèg! Ki sa ki pi gran: lò a oubyen
kay sakre a ki fè lò a vin sen an? «Epi moun ki fè sèman sou lotèl la,
sa pa anyen; men moun ki fè sèman sou
kado a ki sou li a, li gen dèt». Avèg! Ki sa k’ pi gran: kado a oubyen
lotèl la ki fè kado a vin sen an?
Moun ki fè sèman sou lotèl la, li fè sèman sou li, ak sou
tout sa k’ sou li. Moun ki fè sèman sou kay sakre a, li fè sèman sou li ak sou
sila a ki abite nan li a. Moun ki fè sèman sou syèl la, li fè sèman sou fotèy Bondye a, ak sou
sila a ki chita sou li a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
«Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske nou
fèmen rèy syèl yo devan moun yo! Nou menm nou pa antre, epi moun k’ap antre yo,
nou pa kite yo antre».
Lè ou mennen yon moun nan malè,
ou pa montre li chemen lavi, men se chemen lanmò ou montre li. Moun ki aprann yon moun touye lòt, se pa yon pwofesè li ye men li se yon ‘‘asasen’’. Jodi a, nou ta kapab di kè Jezi pa twò kontan;
li an kòlè avèk sila yo ki di yo se lidè epi k’ap fè lòt yo pèdi chemen, y’ap fè yo pèdi gou
lavi, e finalman yo fè yo pèdi menm
lavi a menm: «Madichon
pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske n’ap
fè tout tou lanmè a ak savann nan pou nou fè yon disip;
men lè nou fin pran l’, nou
fè l’ vin tounen pitit lanfè a de fwa plis pase
nou!» (Mt 23,15).
Farizyen yo chèche tout fason pou yo fè lòt moun kwè nan sa yo kwè; pa nan sa ki konsène
Bondye, men nan sa ki
konsène yo menm. Yo vle fè moun yo
tounen pitit lanfè. Lògèy yo p’ap mennen yo nan syèl la, li p’ap mennen
yo nan lavi, men nan pèdisyon. Yo pa manke nan erè!
Jezi di farizyen yo: «Nou menm k'ap kondi pèp la, nou se yon bann avèg pou tèt pa nou. Nou
pase lèt la nan paswa pou nou wete ti mouch ki
tonbe ladan li. Men, nou vale
yon chwal!» (Mt 24,24). Tout bagay tèt anba,
pandan plizyè fwa
Granmèt la eseye ovri zòrèy farizyen yo, men pwofèt Zakari deja di nou «Men, yo te derefize koute. Yo t'ap fè wondonmon. Yo bouche zòrèy yo pou
yo pa tande» (Zakari 7,11).
Epi nan jou Jijman an,
Jij la va di yo: «Mwen pa t' janm konnen nou. Wete kò
nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal» (Mt 7,23). Sa ki enpòtan pou nou menm, frè ak sè mwen yo, se konnen verite a epi fè lòt moun konnen li antan nou rete fidèl nan sèvis Kris la. An nou sonje sa Sen Toma d’Aken
te di: «Moun ki leve tèt yo, yo bese verite a!»
LAPRIYÈ: Granmèt, fè m’ konprann Pawòl ou,
pou l’ pa tounen yon chay pou mwen, men pou li libere mwen.
PWOPOZISYON: Si m’ viv nan lanmou ak pwochen mwen san ipokrizi, m’a fè Bondye plezi tout bon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario