Koulè Vèt
MONIK KI SEN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
“Nou te vle renmèt nou pa sèlman levanjil Bondye a, men
menm lavi nou tou”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN
YO 2, 1-8
Nou konnen nou menm menm, frè m’
yo, kijan nou te rive lakay nou, se pa t’ pou granmesi; men anvan sa, nou te
soufri, yo te maltrete nou nan vil Filip, jan nou konnen an;, nou te gen
konfyans nan Bondye nou an, pou nou anonse nou levanjil Bondye a avèk anpil
swen.
Prèch nou an pa t’ sòti nan sa
k’ pa laverite, ni nan sa k’ pa pwòp, ni
nan riz; men, tankou moun Bondye fin eseye pou l’ konfye nou levanjil la, se
konsa nou pale; se pa tankou moun k’ap chèche fè lèzòm plezi, men se Bondye nou
t’ap chèche fè plezi, li menm ki eseye kè nou. Nou pa janm preche pou flate
moun, jan nou konnen an, ni pou chèche fè lajan, Bondye temwen, ni pou chèche
konsiderasyon nan men lèzòm, ni nan nou menm ni nan men lòt moun yo. Malgre nou
te kapab fè nou santi chaj apot Jezikri
te ban nou an, okontrè nou fè kò nou tou piti nan mitan
nou, tankou yon nouris k’ap swen pitit li yo.
Konsa nou te si tèlman renmen
nou, se pa levanjil Bondye a sèlman nou te vle ban nou men ata lavi nou, paske
nou te gen anpil valè pou nou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 138, 1-3. 4-6
R/ Granmèt, ou sonde m’, ou konnen m’.
Granmèt, ou sonde m’, ou konnen
m’, ou konnen chita m’ ak leve m’.
Ou konprann panse m’ depi byen lwen,
tras wout mwen ak kouche m’, ou ekzamine yo.
Tout wout mwen yo, ou wè yo byen klè.R.
Sèke pawòl la pa ko sou lang
mwen,
epi, Granmèt, ou deja konnen tout
bagay.
Dèyè ak devan, ou sere m’, ou
poze men ou sou mwen.
Li ekstrawòdinè anpil, konesans
ou sou mwen an;
li wo anpil, mwen pa kapab jwenn
li.R.
LEVANJIL
“Se pou nou te fè bagay sa yo, san nou pa neglije lòt yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI
A DAPRÈ MATYE KI SEN 23, 23-26
Lè sa a: Jezi pale, li di:
“Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, nou menm k’ap bay dizyèm pòsyon sou mant la avèk lanis
la avèk legim yo, men nou kite sa k’ pi konsekan nan lalwa a: jijman, kè sansib,
lafwa! Se pou nou te fè bagay sa
yo, san nou pa neglije lòt yo. Chèf avèg, n’ap pase mouch la nan paswa, men nou vale chamo a!
Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske n’ap
pwòpte sa k’ deyò vè a avèk plat la, men anndan an menm nou plen bagay nou vòlè, ak sa ki pa pwòp! Farizyen avèg,
kòmanse pwòpte sa k’ anndan
vè a avèk asyèt la, pou sa k’ deyò a kapab vin pwòp”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi a, nan premye lekti a Sen Pòl eksplike kòman yo te
reyalize misyon preche bòn nouvèl Jezikri a nan mitan pèp Tesalonik la, malgre
tout difikilte yo te rankontre avan yo rive nan kominote sa, yo ofri pawòl la
ak tout kè yo e sitou yo ofri tout nanm yo. Yo ba nou bon ekzanp sou fason nou dwe
sèvi Bondye ak tout kè nou e sitou temwaye lafwa nou nan fason n’ap aji. Kòm
batize, sa vle di kòm pitit Bondye, misyon nou se pwoklame Levanjil la, men
sèlman nou byen reyalize devwa sa lè
nou temwaye ak lavi nou mesaj n’ap
anonse a.
Sèvi Levanjil la temwen, se viv selon ekzijans Granmèt
la mande nou an, renmen Bondye ak tout kè ou, renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp
tèt ou.
Yon lòt aspè nou dwe sezi nan mesaj
jodi a, sèke, nou pa fèt pou n’ jije lòt yo; se pou nou gade pwòp peche pa nou. Si nou pran tan pou jije
pwochen nou, nou p’ap gen tan pou akzamine atitid pèsonèl nou ki, pafwa pi mal pase
pa vwazen an.
LAPRIYÈ: Granmèt tanpri montre m’
kijan pou mwen sèvi ou tout bon vre nan jan m’ap temwaye renmen w’ lan chak jou
nan lavi mwen. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Bay Bondye premye plas nan lavi ou, ouvri pòt kè ou ba li, epi tou viv nan pataj, nan solidarite
ak frè ak sè ou yo, pa fè yo enjistis, ni maltrete yo, pa viv nan ipokrizi
ansanm avèk yo, viv ak yon kè sensè,
san ou pa pwofite sa k’ pi piti yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario