Koulè Vèt
OGUSTEN KI
SEN, Evèk e Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Lannuit ak lajounen n’ap
travay pou nou preche
levanjil la ba nou".
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI
SEN, POU TESALONISYEN YO 2, 9-13
Nou sonje, frè m’ yo, kijan nou travay, nou fatige kò
nou: lannuit ak lajounen, nou t’ap
travay, pou nou pa peze
sou nou, pandan
nou t’ap preche nou levanjil Bondye a. Nou temwen
ansanm ak Bondye, kijan konduit nou
te sen, kòrèk, san repwòch kote nou, nou menm ki kè a; nou konnen kijan nou te ye ak chak moun nan nou, tankou yon papa ak pitit li yo, antan n’ap lapriyè nou, n’ap konsole
nou, pou nou mache kòrèk pou Bon- dye ki rele nou nan rèy li a ak nan bèlte l’ la.
Se pou sa nou menm nou di Bon-
dye mèsi san rete, paske, lè nou resevwa pawòl Bondye a nou te tande nan bouch
nou an, nou pa resevwa l’ tankou yon pawòl moun, men tankou sa li ye a vre,
tankou pawòl Bondye a, li menm ki aji nan nou menm ki kwè yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 138, 7-8. 9-10. ll-12a (r.: la)
R/Granmèt, ou sonde m’, ou konnen
m’.
Ki kote pou m’ ale lwen lespri ou,
ki kote pou m’ sove kò m’ lwen fas ou?
Si m’ monte nan syèl, ou la; si m’ desann anba tè, ou
prezan.R.
Si m’ pran zèl devan jou m’al abite nan fon lanmè,
menm la men ou ap kondui m’, men dwat ou ap kenbe m’.R.
Si m’ di: "Petèt fènwa yo ap fèmen m’, lannuit la ap sèl klète alantou m’".
Menm fènwa yo pa fènwa
devan ou, lannuit la ap klere tankou lajounen.R.
LEVANJIL
"Nou se pitit sila yo ki te touye pwofèt yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
23, 27- 32
Lè sa a: Jezi pale, li di:
"Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske nou sanble avèk kavo blanchi, deyò yo
parèt byen bèl pou lèzòm,
anndan an menm plen
ak zo mò avèk tout kalite bagay pouri!
Se konsa nou menm tou, deyò nou
parèt kòrèk vre pou lèzòm men anndan an menm nou plen ipokrizi
ak mechanste.
Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, nou menm
k’ap bati kavo pwofèt yo, k’ap
dekore tonbo moun kòrèk yo, epi n’ap
di: 'Si nou te nan epòk zansèt nou
yo, nou pa t’ap konplis yo nan san
pwofèt yo!' Se pousa se nou menm menm
ki sèvi pwòp tèt nou temwen, nou se pitit sila
yo ki te touye pwofèt yo. Ebyen nou menm, nou mèt fin fè sa zansèt nou yo te kòmanse fè a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
De dènye «piga» (avètisman) pou
Farizyen yo ak pwofesè yo. Jezi kalifye
yo ipokrit. Li konpare yo ak kavo
blanchi (sa yo montre se pa sa yo ye),
nou te kapab di se yon bèl mango
men ki tèlman gen vè anndan li, pa gen kote pou w’ mòde l’! Jezi akize yo tou kòm moun ki konplis nan
lanmò pwofèt yo. E nou menm ki se kretyen k’ap viv nan tan sa: èske nou pa sanble ak farizyen yo ak pwofesè
yo nan fason nou youn trete lòt? Èske nou san repwòch devan Bondye? Èske nou
chèche fè volonte Bondye
oubyen èske nou fè volonte pa nou?
Nan kisa nou konplis: èske nou pa konplis nan detwi lavi frè ak sè nou? Èske anpil fwa akoz movèz fwa nou, nou
pa fè yo pèdi yon opòtinite? Jous nan
ki pwen nou kòrèk devan Bondye? Èske sa nou montre se sa nou ye? Jezi nou abitye tande nan levanjil
yo, nou ta di se pa li menm k’ap pale
jodi a: pi souvan, se yon Jezi ki montre dousè li nan tout bagay,
yon Jezi ki ankouraje
lapè.
Jodi a se kòm si se pa de Jezi sa a a y’ap pale, akoz fason li atake kònpòtman Farizyen
yo ak pwofesè yo. Ebyen, Jezi pa dakò
ak moun k’ap fè lòt moun abi, moun
k’ap viv sou aparans, moun k’ap viv
nan manti, moun k’ap manipile lòt
moun. Fason Jezi ranpli wòl pwofetik li, se yon bagay ki make tout lavi li,
menm jan tou ak lansèyman
li yo ak gerizon li yo.
Jezi se verite a.
LAPRIYÈ:Granmèt Jezi, se pou mwen aprann
viv san ipokrizi, se pou mwen sispann twonpe moun. Se pou lavi mwen sanble ak lavi pa ou.
PWOPOZISYON:
Lè m’ viv nan manti, se pwòp tèt mwen mwen twonpe: jodi m’ap chèche viv nan verite ak tèt
mwen ak pwochen mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario