Koulè
Wouj
MATI JAN
BATIS KI SEN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
“Di yo tout sa m’ pase ou lòd pou di. Pa pè
devan fas yo”.
NAN LIV
PWOFÈT JEREMI 1, 17-19
Jou sa yo:
pawòl Granmèt la rive kote m’, li di:
“Mare ren ou,
leve, di yo tout sa mwen pase ou lòd pou ou di a. Pa pè devan fas yo, mwen p’ap
kite ou tranble devan figi yo. Mwen mete ou jodi a tankou yon vil ki byen
pwoteje, ak yon kolòn fè, ak yon miray asye, anwo tout tè a, devan wa Jida yo,
chèf li yo, prèt yo ak pèp tè a. Y’ap batay kont ou, yo p’ap ranpòte viktwa sou
ou, paske mwen avèk ou pou m’ delivre ou; deklarasyon Granmèt la”.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 97,
1. 7-8. 9 (r.: cf. 9)
R/Bouch mwen ap
anonse jistis ou.
Se nan ou,
Granmèt, mwen espere, pa kite m’ wont pou tout tan.
Nan jistis ou
a delivre m’, sove sitadèl, ak yon kay defans, pou ou sove m’,
paske fòs
mwen ak kachèt mwen, se ou menm.
Bondye m’, panche
zòrèy ou sou mwen, sove m’.R.
Se pou ou
sèvi m’ yon wòch mwen, wete m’ nan men pechè a.R.
Paske se ou
menm ki pasyans mwen, Granmèt;
Granmèt,
esperans mwen depi m’ tou jèn.
Se sou ou
mwen apiye depi m’ nan vant,
depi nan vant
manman m’ se ou menm ki soutni m’.
Se pou ou,
tout tan, m’ap fè lwanj.R.
Bouch mwen ap
anonse jistis ou ak sekou w’ la, tout jounen.
M’ap vin kot
pouvwa Granmèt la:
Granmèt, m’ap fè sonje jistis ou ki pa gen
parèy la.
Bondye, ou
ban m ansèyman depi m’ tou jèn;
jous koulye a
m’ap anonse mèvèy ou yo.R.
LEVANJIL
“Mwen vle pou tousuit ou ban m’ tèt Jan Batis
sou yon plat”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 17-29
Lè sa a:
Ewòd voye
arete Jan, li mete l’ nan prizon akoz Ewodyad, madanm Filip, frè l’ la, paske
li te marye avèk li.
Jan t’ap di
Ewòd: “Ou pa gen dwa gen madanm frè w’ la. Ewodyad menm t’ap fè konplo kont li,
li te vle touye l’, li pa t’ kapab. Ewòd te pè Jan, li te konnen se te yon moun
ki kòrèk, ki sen, li te pwoteje l’, li te konn koute l’ pou l’ fè anpil bagay,
se avèk plezi li te konn koute l’.
Yon jou rive
ki bay bon okazyon: Ewòd te fè yon resepsyon pou fèt li avèk chèf yo ak
majistra yo avèk moun gran ras nan Galile a.
Pitit fi
Ewodyad la vin antre, li danse; sa fè Ewòd plezi, ansanm ak lòt envite yo; wa a
di ti fi a: “Mande m’ sa ou vle, m’ap ba ou l’. Li fè l’ sèman: “Nennm, li
sòti, li di manman l’: “Kisa pou m’ mande?”
Li di: “Tèt
Jan Batis”.
Li antre byen
vit ankò kot wa a, li mande l’, li di: “Mwen vle pou koulye a menm ou ban m’
tèt Jan Batis sou yon plat”.
Wa a pran
chagren: poutèt sèman an epi poutèt envite yo, li pa t’ vle kontrarye l’, li
voye yon gad, li pase lòd pou yo pote tèt li sou yon plat. Yo koupe tèt li nan
prizon an, yo pote l’ sou yon plat, yo bay ti fi a li, ti fi a menm bay manman
l’ li.
Lè disip yo
tande sa, yo rive, yo pote kò l’, yo mete l’ nan kavo.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi
a se fèt Sen Jan Batis ki te mouri mati, kidonk Legliz la ap fè yon memoryal
raple kalite lanmò l’ te mouri antan li t’ap ekzèse misyon li kòm pwofèt. Lavi Jan Batiste kòm
misyonè, se yon repons li te bay apèl Bondye te fè li depi anvan li te fèt,
depi li te nan vant manman l’. Manman l’ ak papa l’ te fè l’ nan vyeyès; se yon
timoun ki fèt pa mirak.
An
plis, manman Jan ak manman Jezi, Elizabèt ak Mari, se te 2 kouzin; kidonk de
mesye sa yo se te kouzen, yo te pataje natirèlman menm lanmou pou rèy Bondye a.
Depi nan zantray manman l’ Bondye te chwazi Jan Batis pou l’ te vin pwofèt, men gen kèk
bagay ki fè l’ distenge li ak lòt pwofèt yo: an premye pwofèt la gen misyon pou
l’ anonse ak denonse; e pandan l’ap denonse mal k’ap wonje Izrayèl, l’ap anonse
rèy Bondye a rive, l’ap anonse yon Mesi ki deja la. Sila l’ap anonse a, se
Jezi, kouzen li ke li batize ak men l’ nan larivyè Jouden an avan Ewòd te mete
l’ nan prizon.
Dezyèmman,
Jan se pwofèt nan Nouvo Kontra a, se dènye pwofèt ki anonse Kris la.
Yon
bagay ki kapab atire atansyon nou, sèke tout sen nan legliz la, yo fete yo nan
dat lanmò yo, paske se jou sa a moun nan pran nesans pou letènite. Sepandan, pou Jan, yo
fete lanmò li ak nesans 24 jen ak jou mati 29 out ki koresponn ak dat jodi a.
Anpil
fwa kondisyon lanmò yon pwofèt se yon bagay ki trajik e Jan pa t’ yon
eksepsyon. Paske li t’ap denonse adiltè Ewòd ak madanm pwòp frè li, li pèdi
lavi l’. Men gwo misyon li te vin akonpli a, te sanse fini paske pandan li nan
prizon, deyò a Jezi te kòmanse preche rèy Bondye a rive. Wi, pwofèt sa a, jan
l’ te di l’ la, te rekonèt mesi a nan Jezi e li te fè kò l’ tou piti pou l’
kite l’ grandi. Ala yon gran nonm sa a, se Jan Batis!
Ala
bèl bagay se lè yon kretyen bay temwanyaj ak pawòl k’ap sòti nan bouch li ak
nan lavi li. Lavi Jan Batis se yon modèl pou tout kretyen. Nou tout, depi nou batize
nou resevwa twa kalite misyon: pwofetik, wayal, ak sasèdotal. Menm jan ak Jan
Batis nou dwe fè jefò pou nou mennen misyon nou jous nan bout; konsa Granmèt la
va mete sou tèt nou bèl kouwòn li resève pou sen li yo.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki te rele Jan
Batis depi nan vant manman l’ pou l’ te tounen mesaje k’ap anonse kris ou a,
tanpri fè nou kado favè dekouvri misyon nou nan mitan pèp ou a pou rèy lapè,
lanmou ak jistis ou a kab avanse chak jou pi plis. Amèn
PWOPOZISYON: Eksprime
lafwa ou atravè aksyon ou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario