Koulè blan
Sent Woz de Lima ki Sen.
PREMYE
LEKTI
“Men
volonte Bondye, se pou nou vin sen”.
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU
TESALONISYEN YO 4, 1-8
Frè m’ yo, nou lapriyè nou, n’ap
plede mande nou nan Granmèt Jezi, pou, daprè sa nou resevwa nan men nou sou jan
nou dwe mache, jan nou dwe fè Bondye plezi a, se konsa menm pou nou mache, pou
nou kapab fè plis pwogrè toujou. Nou konnen ki kòmandman nou te ba nou o non
Granmèt Jezi.
Men volonte Bondye, se pou nou vin
sen; pou nou pa lage kò n’ nan move plezi, pou chak moun aprann genyen pa l’
yon jan ki sen, ki merite respè, san nou pa gen move lanvi nan kè a, tankou
nasyon yo ki pa rekonèt Bondye a; pèsònn pa dwe fè frè l’abi, ni tranzaksyon,
paske Granmèt la tire vanjans sou tout bagay sa yo, jan m’ te avèti nou davans
la, jan m’ te sètifye nou an. Sèke Bondye pa rele nou pou bagay ki pa pwòp, men
pou nou vin sen. Konsa, moun ki meprize bagay sa yo, se pa moun li meprize, men
se Bondye, li menm ki mete Lespri Sen l’ nan nan nou.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 96, 1 e 2b.
5-6. 10. 11-12
R/ Fè kè n' kontan nan Granmèt la,
nou menm ki kòrèk yo.
Granmèt
la wa, tè a danse, pakèt zile yo kontan.
Jistis
ak jijman se platfòm fòtèy li.R.
Mòn yo
fonn tankou lasi devan fas Granmèt la, devan fas Granmèt tout tè a.
Syèl yo
anonse jistis li, tout pèp yo wè bèlte l’.R.
Nou menm
ki renmen Granmèt la, se pou nou rayi sa k’ mal;
li menm
ki pwoteje nanm sen l’ yo, anba men pechè yo l’ap delivre yo.R.
Limyè a
leve pou moun ki kòrèk la, ak kè kontan pou kè ki dwat yo.
Fete nan
Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo, fè konpliman pou souvni l’ ki sen.R.
LEVANJIL
“Men
mesye marye a ap vini: sòti al rankontre l’”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 25, 1 -13
Lè sa a:
Jezi di disip li yo parabòl sa a:
“Rèy
syèl yo sanble ak dis vyèj ki pran lanp yo, yo sòti al rankontre mesye marye a
ak madanm marye a. Senk nan yo te sòt, epi senk te gen lespri. Senk sa ki sòt
yo, lè yo fin pran lanp yo a, yo pa pran luil avèk yo; sa k’ gen lespri yo
menm, yo pran luil nan veso yo avèk lanp yo. Antan y’ap tann mesye marye a ki
te an reta, yo tout yo dòmi, fon somèy.
Nan
mitan nannuit, yo tande yon rèl: “Men mesye marye a, sòti al rankontre l’”. Lè
sa a atò tout vyèj sa yo leve, yo pare lanp yo. Sa k’ te sòt yo di sa k’ te gen
sajès yo: “Ban nou nan luil nou an, paske lanp nou yo etenn”. Sa k’ gen lespri
yo di yo: “Riske p’ap gen kont pou ni nou menm ni nou menm, pito nou ale nan
boutik yo, n’a achte”. Pandan yo t’al achte, mesye marye a rive; sa k’ te pare
yo antre avèk li nan nòs yo, yo fèmen pòt la.
Alafen
lòt vyèj yo vin rive, yo di: “Granmèt, Granmèt, louvri pou nou”. Li menm
menm li reponn, li di: “An verite mwen di nou, mwen pa konnen nou”.
Konsa,
se pou nou veye, paske nou pa konnen ni jou a ni lè a”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jezi kontinye bay lansèyman sou
wayòm nan, li itilize yon parabòl sou reyalite maryaj ki enplike yon mesye
marye ak vyèj yo k’ap tann li. Lè mesye marye a rive, genyen
pami vyèj yo ki te prepare pou resevwa li, genyen dòt ki t’ap kouri pou yo
resevwa li, men pòt la te gen tan fèmen pou yo malerezman.
Jezi ensiste pou li fè disip li
yo konnen kijan li enpòtan pou yo vijilan nan lavi a, yo dwe toujou prepare pou
sa k’ap rive ke yo pa kapab wè davans. Vrèman vre lavi a se yon bwat ki plen
sipriz. Nou pa gen kontwòl tan an ni sikonstans yo. Genyen bagay nou pa kapab
panse fè nan dènye moman.
Jezi, tankou yon Mèt ki saj, yon
gwo save, envite disip li yo jodi a se nou menm pou nou pridan, pou nou aji ak
bon sans, pou nou gen previzyon, pou nou vijilan.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, tanpri fè m’ wè
lavi a ak yon vizyon ki pi laj, ban m’ limyè sajès ou, konsa chak evénman, chak
jou nan lavi mwen va yon okazyon pou mwen rankontre ak ou e resevwa ou nan kè
mwen.
PWOPOZISYON: M’ap
prepare lanp mwen, m’ap mete lwil ladan l’, konsa lè mesye marye a rive, m’a
sòti pou rankontre l’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario