Koulè Vèt
VENTUITYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE-C
PREMYE LEKTI
“Naaman tounen kot moun Bondye a, li rekonèt Granmèt la”.
NAN DEZYÈM LIV WA YO 5, 14-17
Jou sa yo:
Naaman Siryen an desann, li lave
kò l’ sèt fwa nan Jouden an, daprè pawòl Elize, moun Bondye a; chè l’ vin
tankou chè yon ti bebe ki tou piti, li geri sot nan maladi lalèp li a.
Li tounen kot moun Bondye a avèk
tout moun ki te akonpaye l’ yo, li rive, li kanpe devan l’, li di: “Mwen konnen
reyèlman vre pa gen dòt Bondye sou tout tè a, sof nan Izrayèl sèlman. Tanpri,
resevwa konpliman nan men sèvitè ou”.
Li reponn: “Sou lavi Granmèt la,
li menm mwen kanpe devan l’ nan, mwen p’ap aksepte”. Malgre li ensiste, li pa
aksepte ditou.
Naaman di: “Se jan ou vle; men,
tanpri, fè sèvitè ou favè, pou m’ pran yon chajman tè sou do de milèt, paske
sèvitè w’ la p’ap ofri sakrifis antye ak bèt bay dòt dye, sof Granmèt la”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3cd-4
R/Devan fas nasyon
yo Granmèt la devwale delivrans li a.
Chante yon kantik nouvo pou
Granmèt la, poutèt mèvèy li fè.
Men dwat li
sove pou li, bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a, devan fas nasyon
yo li devwale jistis li a.
Li sonje kè sansib li ak verite l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè
a ap wè delivrans Bondye nou an.
Bat bravo pou
Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik;
sou twonpèt
ki dous ak son kòn, fè konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
DEZYÈM LEKTI
“Si nou sipòte tray, n’ap kòmande kòm wa avèk Jezikri”.
NAN DEZYÈM
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 2, 8-13
Ou menm mwen
renmen anpil la:
Sonje Granmèt
Jezikri te leve vivan sot nan pami mò yo, li menm ki sòti nan ras David la
daprè levanjil mwen an; se pou li m’ap soufri jous nan chenn yo tankou yon
malfetè a; men pawòl Bondye a pa mare. Se pousa mwen sipòte tout bagay pou moun
yo Bondye chwazi a, pou yo menm tou yo kapab jwenn delivrans ki nan Jezikri a,
avèk bèlte syèl la.
Pawòl la
sèten; sèke, si nou mouri avèk li, n’ap viv ansanm avèk li; si nou sipòte tray,
n’ap kòmande kòm wa avèk li; si nou nye l’, l’ap nye nou tou; si nou pa kwè, li
menm li ret fidèl: li pa kapab nye pwòp tèt li.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Pa genyen ki tounen vin di Bondye mèsi, sof etranje sa a”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 17, 11-19
Lè sa a:
Rive, pandan Jezi
t’a pral Jerizalèm, li t’ap travèse nan mitan Lasamari ak Lagalile.
Pandan l’ap
antre nan yon bouk, gen dis moun maladi lalèp ki vin devan l’, yo kanpe byen
lwen, yo leve vwa yo, yo di: “Jezi, mèt, pitye pou nou”.
Lè l’ wè yo,
li di: “Ale, fè prèt yo wè nou”. Rive, pandan y’a prale, yo geri.
Youn nan yo,
lè l’ wè li geri, li tounen antan l’ap rele byen fò, l’ap fè konpliman pou
Bondye; li tonbe sou fas li devan pye Jezi, l’ap di l’ mèsi: se te yon
Samariten.
Jezi pran
lapawòl, li di: “Èske dis yo pa t’ geri? E nèf yo kote yo? Pa gen pèsònn ki
tounen pou di Bondye mèsi, sof etranje sa a”.
Li di l’:
“Leve, ale, paske lafwa ou sove ou”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, se ventuityèm dimanch tan òdinè nan ane C. Lekti pawòl
Bondye pou jodi a ap envite nou pou nou pasyan epi pou nou rekonesan. Pasyans ak rekonesans, se 2 kalite ki enpòtan anpil pou yon moun genyen nan
lavi a. Anpil fwa, yon moun konn pwomèt ou kichòy, men ou konn tèlman anvi
resevwa sa l’ap ba ou, lè anpil tan pase, ou pa gen pasyans ankò, ou desespere.
Nan tan lontan, pèp Izrayèl la, ki t’ap pase anpil move moman nan lavi
li, t’ap tann yon Mesi, yon Sovè, yon Liberatè pou delivre li. Ebyen li te pran
pasyans e Mesi a te vini, li te libere li anba tout mal ki t’ap trakase li.
Sovè a vini e li louvri je avèg yo, li fè bèbè yo pale, soud yo tande, bwate yo
mache, moun ki te grangou yo jwenn manje vant plen, moun ki te gen lalèp yo
geri. Wayòm Bondye a prezan.
Gen yon pwovèb alman ki di: «Yon
chyen rekonesan gen plis valè pase yon moun ki engra»; konsa gen yon pwovèb
kreyòl ki di tou: «Gran mèsi chyen se
kout Baton». Konbyen fwa se sa nou wè nan sosyete nou an. Ou fè
kichòy pou yon moun, ou ede l’, ou fè l’ sòti nan move pa, lè fini li bliye sa,
li pa di ou mèsi. Pi mal toujou, gen defwa li joure ou, li pale ou mal. Paran
yo voye pitit yo lekòl, men lè ti moun yo gran, yo engra, yo bliye paran yo.
Sen Lik di nou
Jezi t’ap antre nan yon bouk sou bò limit peyi Galile. Dis moun ki te gen maladi lalèp vin kontre li. Yo rete kanpe byen lwen l’ (se sa lalwa te ba yo lòd fè, paske maladi
lalèp se te yon maladi moun te ka atrape fasil. Tout moun te pè maladi sa a, ki
fè yo repouse malad sa yo nan bwa, kòm si yo te mouri deja). Mesye sa yo
t’ap rele byen fò: «Jezi, Mèt, gen pitye pou nou!». Jezi wè yo, li di yo: al fè
prèt yo wè nou pou yo deklare nou geri. Pandan yo t’a prale, yo geri. Youn
ladan yo ki wè li geri, li tounen sou wout li, li t’ap fè lwanj Bondye byen fò
pou tout moun tande. Li lage kò l’ atè nan pye Jezi, li di l’ mèsi. Moun sa a,
se te yon Samariten. Jezi pran lapawòl, li di l’: E kwè touledis te geri. Kote
nèf lòt yo? Se etranje sa a sèlman ki sonje pou l’ vin fè lwanj Bondye? Epi li di li: Leve, non. Ou mèt ale, se lafwa ou ki
sove ou.
Jezi te sove yo
anba pi gwo maladi nan epòk sa a, yon maladi ki te fè yo pase pou moun ki mouri
deja. E poutan yo pa menm kab di l’ mèsi. E nou menm k’ap viv nan tan jodi a, èske nou
pi rekonesan pase yo? Lè peyi a nan boulvès, lè gen mizè ak kalamite: legliz la
plen moun; men lè tout bagay fin retounen nan lòd, nou bliye vin di Bondye
mèsi.
Tankou maladi sa
a, peche fè nou pase pou moun ki mouri deja. Epi Jezi vini pou l’ sove nou. Li aksepte mouri sou lakwa pou li kab fè nou
antre nan lavi an plen. Men, èske nou rekonesan anvè Jezi? Èske nou konn vin di
l’ mèsi? Chak dimanch, kretyen yo rasanble ansanm pou fè lwanj pou Bondye, pou
di li mèsi. Nou menm, èske nou konn vini tou? Konbyen fwa nou kite lèzòt yo
ale, men nou menm nou rete dèyè! Samariten an t’ap anonse byen fò devan tout moun
sa Jezi te fè pou li, men nou menm, nou pè sèvi Jezi temwen devan lòt moun yo. Nou pa vle deranje nou
pou fè apostola, fè katechis.
Jodi a, Jezi ba nou Samariten sa a kòm ekzanp. Menm jan ak li, nou geri
anba maladi peche. Kounye a se pou nou di Jezi mèsi, li menm ki sove nou. Se
pou nou swiv li sou chemen lakwa a, ki mennen nan lavi pou tout tan an.
LAPRIYÈ: Granmèt mèsi anpil pou tout sa w’ fè pou mwen; ou tèlman fè
mèvèy nan lavi mwen, mwen p’ap janm ka fin di ou mèsi. Mèsi anpil Papa Bondye.
PWOPOZISYON: Jodi a
m’ap pran yon ti tan pou mwen reflechi pou mwen wè konbyen fwa mwen te engra
epi m’ap di tout moun ki te fè kichòy pou mwen mèsi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario