Páginas

LENDI 14-10-2019


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Jezikri, se pa lantremiz li nou te resevwa favè a ak misyon apot la, pou nou fè nasyon yo obeyi lafwa a".
KÒMANSMAN LÈT APOT POL POU ROMIN YO 1, 1-7
Pòl, sèvitè Jezikri, li menm yo rele kòm apot, yo mete apa pou levanjil Bondye a, levanjil sa a Bondye te pwomèt davans pa lantremiz pwofèt li yo nan labib ki sen an, levanjil sou Pitit li a; Li menm ki vin fèt pou Bondye nan ras David la daprè chè a; Li menm ki te nonmen davans kòm Pitit Bondye nan pouvwa a daprè Lespri k’ap fè moun vin sen an, gras a leve li leve sot nan pami mò yo, Li menm Jezikri Granmèt nou an. Se pa pouvwa l’ nou resevwa favè avèk misyon apot pou fè tout nasyon yo obeyi lafwa a pou non li; nou menm ki nan pami nasyon sa yo, Jezikri rele nou tou.
Pou nou tout ki a Wòm, nou menm Bondye renmen an, nou menm li rele pou nou vin sen an, favè pou nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt nou Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3cd-4 (r.: 2a)
R/ Granmèt la fè konnen delivrans li a.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, paske li fè mèvèy.
Delivrans la sot nan men dwat li, nan bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a, nan fas nasyon yo li devwale jistis li a.
Li fè sonje kè sansib li a ak verite l’ la pou kay Izrayèl la. R.
Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an.
Sonnen twonpèt pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
LEVANJIL
"Yo p’ap bay jenerasyon sa a dòt siy pase siy pwofèt Jonas la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 11, 29-32
Lè sa a:
Kòm foul yo t’ap gonfle sou Jezi, li kòmanse di: "Jenerasyon sa a se yon jenerasyon ki mechan; l’ap chèche siy, ebyen yo p’ap ba l’ siy, sof siy pwofèt Jonas la. Reyèlman vre menm jan Jonas te sèvi siy pou moun Niniv yo, konsa tou Pitit moun nan ap sèvi siy pou jenerasyon sa a. Rèn nan Sid la ap leve jou jijman an ansanm ak moun jenerasyon sa a, l’ap kondane yo; paske li te vini sòti nan bout tè a pou l’ koute sajès Salomon, epi gen plis pase Salomon isit la. Moun Niniv yo ap leve jou jijman an ansanm ak jenerasyon sa a epi y’ap kondane l’ paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la, epi gen plis pase Jonas isit la".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario