TERÈZ D’AVILA KI SEN,
Vyèj e savan sakre Legliz la.
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Malgre
moun yo te rekonèt Bondye, yo pa t’ fè lwanj pou li kòm Bondye".
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 1, 16-25
Frè m’ yo:
Mwen pa wont
levanjil la: se fòs Bondye li ye pou delivrans moun ki kwè yo. Pou Juif la tou
dabò, epi apre, pou Grèk la. Jistis Bondye a devwale nan li sot nan lafwa al
nan lafwa, daprè sa ki ekri a: "Moun ki kòrèk la viv sou kont lafwa
a".
Kòlè Bondye a
devwale sot nan syèl la sou tout mank respè ak enjistis moun yo k’ap kenbe
verite Bondye a prizonye anba enjistis la. Paske sa yo kapab konnen sou Bondye,
li devwale pou yo: Bondye devwale yo sa vre. An verite, depi nan kòmansman
kreyasyon an, sa je yo pa kapab wè sou Bondye, — pouvwa l’ ki dire tout tan an
ak sa l’ ye kòm Bondye a, — entelijans yo rive wè yo nan zèv li yo; kifè yo pa
gen eskiz; paske, malgre yo konnen Bondye, yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo
pa di l’ mèsi; men yo dekontwole nan panse yo, kè yo ki san konprann vin plen
fènwa. Yo di yo gen sajès, men yo vin fou, yo fè bèlte Bondye ki pa kapab gate
a vin tounen tankou pòtre moun ki kapab gate, tankou pòtre zwazo, bèt kat pat
ak koulèv.
Se pousa
Bondye renmèt yo bay vye lanvi ki nan kè yo, bay sa k’ papwòp, pou yo avili
pwòp kò yo, yo menm ki fè verite Bondye a vin tounen manti, yo menm ki pito
adore, ki pito sèvi kreyati pase sila a ki kreye yo a; konpliman pou li pou
tout tan. Amèn.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
SÒM REPONS 18, 2-3. 4-5 (r.: 2a)
R/ Syèl yo ap
rakonte bèlte Bondye.
Syèl yo ap
rakonte bèlte Bondye, travay men l’, platfòm syèl la ap anonse yo.
Jou ap
deklare pawòl bay jou, nannuit ap montre konesans bay nannuit.R.
Pa gen pawòl,
pa gen mo, yo pa tande vwa yo.
Sou tout tè a
yo tande vwa yo, pawòl yo jous nan limit fas tè a.R.
LEVANJIL
"Fè lacharite, epi tout bagay ap nèt pou
nou".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 11, 37-41
Lè sa a:
Kòm Jezi t’ap
pale, yon farizyen envite l’ vin manje lakay li. Li antre, l’al sou tab.
Farizyen an menm kòmanse fè refleksyon nan kè l’, li di pouki sa li pa lave men
l’ anvan l’ manje.
Granmèt la di
l’: "Koulye a, nou menm farizyen yo, se sa k’ deyò gode a ak plat la n’ap
netwaye, men sa k’ pi fon anndan nou menm nan, li plen ak vye lanvi ak
mechanste. Nou san lespri, èske sila a ki te fè sa k’ deyò a se pa li menm tou
ki te fè sa k’ anndan an? Kidonk fè lacharite ak sa nou gen ki twòp, epi tout
bagay ap vin nèt pou nou.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa
Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa
Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen,
nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario