Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Renmèt chak moun daprè aksyon l’, Juif la tou
dabò, epi Grèk la aprè sa”.
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN POU WOMEN YO 2, 1-11
Ou pa gen
eskiz, monchè, ou menm k’ap jije a; sèke nan sa w’ap jije lòt la, w’ap kondane
pwòp tèt ou, paske ou fè menm bagay yo w’ap jije a. Reyèlman vre nou konnen
jijman Bondye a, li fèt daprè laverite pou sila yo ki fè kalite bagay sa yo.
Ou menm,
monchè, k’ap jije sila yo k’ap aji konsa a epi k’ap fè menm bagay yo, èske ou
konprann w’ap evite jijman Bondye a? Oubyen èske se richès bon kè l’, ak
pasyans li, ak padon l’ w’ap meprize? Èske ou pa konnen bon kè Bondye ap kondui
ou pou ou fè penitans?
Daprè jan kè
ou fèmen, jan l’ pa fè penitans, w’ap ranmase kòlè pou ou, pou jou kòlè a, jou
y’ap devwale jijman Bondye ki kòrèk la, li menm ki renmèt chak moun daprè
aksyon l’ yo: moun yo ki pran pasyans ap fè sa k’ byen pou yo chèche bèlte,
konsiderasyon ak sa ki p’ap disparèt la, y’ap jwenn lavi k’ap dire tout tan an;
lòt yo menm ki rebèl yo, ki pa dakò ak laverite a, ki met konfyans yo nan sa k’
pa kòrèk la, se kòlè ak lawont ki pou yo.
Tray ak kè
sere pou tout moun k’ap fè sa k’ mal, Juif la tou dabò epi Grèk la; men bèlte
ak lapè pou tout moun k’ap fè sa k’ bon, Juif la tou dabò epi Grèk la; paske pa
gen konsiderasyon figi devan Bondye.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 61, 2-3. 6-7. 9
R/ Granmèt, ou
renmèt chak moun daprè aksyon l’.
Se nan Bondye
sèlman pou ou repoze, nanm mwen; paske se nan li delivrans mwen sòti.
Reyèlman vre
se li menm ki kachèt mwen ak delivrans mwen,
pwoteksyon
m’, mwen p’ap brannen ankò.R.
Se nan Bondye
sèlman pou ou poze, nanm mwen; paske se nan li pasyans mwen sòti.R.
Reyèlman vre
se li menm ki Bondye m’ ak delivrans mwen, sekou m’, mwen p’ap brannen.R.
Espere nan
li, tout fanmi pèp la, vide kè nou devan li; Bondye se kachèt pou nou.R.
LEVANJIL
“Madichon pou nou, farizyen yo! ni nou menm tou
pwofesè lalwa yo, madichon !”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11,
42-46
Lè sa a:
Granmèt la di:
“Madichon pou
nou, farizyen yo, paske nou bay ladim sou mant la ak chou a, ak tout kalite
legim, men nou dezobeyi jijman an ak charite Bondye a! Se pou nou te fè bagay sa yo, men nou pa t’ dwe neglije lòt yo.
Madichon pou
nou, farizyen yo, paske nou renmen premye chèz yo nan kay reyinyon yo avèk bèl
bonjou sou laplas!
Madichon pou
nou, paske nou tankou tonb yo pa wè, moun yo ap mache sou yo san yo pa konnen!”
Youn nan pwofesè lalwa yo reponn, li di l’: “Mèt, lè ou di sa a, ou fè nou
afwon tou”. Li di l’: “Nou menm tou pwofesè lalwa yo, madichon, paske nou mete
chaj ki lou sou do moun yo, chay yo pa kapab pote, epi nou menm menm ak yon ti
dwèt nou nou p’ap touche pakèt yo!”
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa
Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa
Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen,
nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario