Koulè Vèt.
INYAS DANTYÒCH (Memwa)
PREMYE LEKTI
"Moun nan vin kòrèk gras a lafwa a, san
aktivite lalwa a".
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 3, 21-30a
Frè m’ yo:
Koulye a san
lalwa a jistis Bondye a parèt, lalwa a ak pwofèt yo sèvi l’ temwen. Jistis Bondye a gras a lafwa Jezikri a pou tout moun ak sou tout moun ki
kwè nan li. Sèke pa gen distenksyon: tout moun fè peche, yo manke bèlte Bondye
a; yo vin kòrèk gratis, gras a favè l’, gras a delivrans la ki nan Jezikri a.
Li menm Bondye te ekspoze davans kòm pri delivrans gras a lafwa nan san l’, pou
montre jistis li antan li padonnen peche ki te fèt anvan yo, nan pasyans
Bondye, pou montre jistis li nan tan sa a; pou l’ kapab kòrèk li menm, pou l’
fè sila a ki mete lafwa nan Jezikri a vin kòrèk.
Konsa kote
rezon pou ou ap leve tèt ou a? Li pa
ekziste. Akòz ki lalwa? Lalwa aksyon yo? Non, men akòz lalwa lafwa a. Nou
konsidere moun nan vin kòrèk gras a lafwa a, san aktivite lalwa a. Oubyen èske
se Bondye Juif yo sèlman li ye? èske se pa Bondye nasyon yo tou? Paske se yon
sèl Bondye a, ki fè moun sikonsizyon yo vin kòrèk gras a lafwa, epi ki fè moun
ki pa nan sikonsizyon yo vin kòrèk tou poutèt lafwa a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 129, 1-2. 3-4b. 4c-5
(r.: 7)
R/ Kot Granmèt
la se kè sansib, avèk anpil delivrans kote l’.
Nan bafon yo
m’ap rele kote ou, Granmèt; Granmèt, koute vwa m’.
Se pou zòrèy
ou panche nan vwa lapriyè m’ nan.R.
Si ou kenbe
fot yo, Granmèt, Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Paske kote ou
se padon, nou respekte ou.R.
M’ap tann ou,
Granmèt; nam mwen ap tann nan pawòl li,
nam mwen
espere nan Granmèt la.R.
LEVANJIL
"Y’ap mande kont pou san pwofèt yo depi sou
san Abèl jous sou san Zakari".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 11, 47-54
Lè sa a:
Granmèt la di:
"Madichon
pou nou, nou menm k’ap bati kavo pwofèt yo; men se zansèt nou yo ki te touye
yo! Konsa nou sèvi temwen nou dakò ak aksyon zansèt nou yo; paske yo menm yo
fin touye yo, nou menm menm nou bati kavo yo.
Se pousa
sajès Bondye a di: 'M’ap voye pwofèt ak apot kote yo, gen nan yo y’ap touye,
y’ap pèsekite, pou yo mande kont pou san tout pwofèt yo ki te vide a, depi tè a
te fèt, san sa a jenerasyon sa a fè koule a, depi sou san Abèl jous sou san
Zakari ki mouri ant lotèl la ak pati ki pi rezève nan kay sakre a'. Wi, mwen di
nou, y’ap mande jenerasyon sa a kont.
Madichon pou
nou pwofesè lalwa yo, paske nou wete kle syans la: nou menm nou pa antre, men
sila yo ki t’ap antre yo, nou anpeche yo!"
Lè l’ di yo
bagay sa yo, farizyen yo ak pwofesè lalwa yo kòmanse kole kò yo sou li sere,
pou yo fè l’ pale ak bouch li sou anpil bagay, antan y’ap poze pyèj pou li, yo
t’ap chèche pran kichòy nan bouch li, pou yo akize l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa
Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa
Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen,
nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario