Páginas

VANDREDI 18-10-2019


Koulè Wouj
LIK KI SEN, Evanjelis, Fèt.
PREMYE LEKTI
«Lik sèl avèk mwen»
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 4, 9-17a
Ou menm mwen renmen anpil la:
Demas kite m’, li pito tè sa a, li pati Tesalonik; Kesyans nan Galasi, Tit nan Ladalmasi.Lik sèl avèk mwen. Pran Mak, mennen l’ avèk ou; li itil mwen nan sèvis sakre a. Mwen voye Tichik Efèz. Manto a mwen te kite Troas la kay Karpus la, pran l’ vin avèk li, ni liv yo tou, spesyalman pachemen yo.
Aleksann, òfèv la, make m’ malviv anpil; Granmèt la ap renmèt li daprè aksyon l’ yo; ou menm tou se pou ou evite l’, li te reziste pawòl nou yo kareman.
Premye fwa mwen t’ap defann kòz mwen an, pèsòn pa t’ kanpe avèk mwen, men tout moun te lage m’: se pou Bondye padonnen yo. Sèlman Granmèt la te pote m’ sekou, li te ban m’ asirans, pou prèch la reyalize pa lentèmedyè mwen, pou tout nasyon yo tande.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 10-11.12-13ab. 17-18
R/ Se pou sen ou yo, Granmèt, fè konnen glwa peyi wa ou la.
Se pou sa ou fè yo, fè lwanj pou ou, Granmèt, se pou sen ou yo fè konpliman pou ou,
se pou yo deklare glwa peyi wa ou la, se pou yo anonse pouvwa ou.R.
Se pou yo fè pitit moun yo konnen mèvèy ou yo, ak glwa grandè peyi wa ou la.
Peyi wa ou la se peyi wa tout tan, kòmandman ou nan pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
Granmèt la kòrèk nan tout wout li yo, li sen nan tout aksyon l’ yo.
Granmèt la tou pre tout moun k’ap rele l’ yo, tout moun k’ap rele l’ nan verite.R.
 LEVANJIL
«Rekòlt la anpil, men travayè yo se yon ti kras yo ye»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 10, 1-9
Lè sa a:
Granmèt la chwazi swasant douz lòt; li voye yo de pa de devan l’ nan tout vil ak bouk kote li te gen pou l’ ale.
Li t’ap di yo: «Rekòlt la anpil, men travayè yo se yon ti kras yo ye. Priye Granmèt rekòlt la, pou l’ voye travayè nan rekòlt li a.
Ale: men mwen voye nou tankou mouton nan pami lou. Pa pote sak, ni bous, ni sapat, pa salye pèsòn nan chemen.
Nan nenpòt kay nou antre, kòmanse di: «Lapè pou kay sa a». Si gen yon pitit lapè la, lapè nou an ap poze sou li; otreman, l’ap tounen vin jwenn nou. Rete nan menm kay sa a, manje, bwè sa yo genyen; paske travayè a merite salè l’. Pa travèse sot nan kay al nan kay. Nan nenpòt ki vil nou antre, epi yo resevwa nou, manje sa yo pote ba nou, geri malad yo ki nan vil la, di yo: «Peyi wa Bondye a tou pre nou».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Granmèt Bondye, ou menm ki te chwazi Lik ki sen pou gras a prèch li avèk liv li, li devwale mistè renmen ou nan pou pòv yo, tanpri, fè nou favè, pou, nou menm ki jwenn kontantman nou deja nan non ou, nou pèsevere ap fè yon sèl kè ak yon sèl nanm, pou tout pèp yo merite wè sove ou la. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Misyon mwen genyen kòm apot, se anonse Levanjil la nan tout fason mwen kapab.

No hay comentarios:

Publicar un comentario