Páginas

SAMDI 19-10-2019


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Malgre difikilte nan lesperans la, li kwè nan lesperans la".
LEKTI LÈT APOT PÒL POU WOMEN YO 4, 13.16-18
Frè m’ yo:
Se pa lalwa a ki sèvi garanti pwomès pou Abraam osinon pou desandans li yo, pou l’ te eritye tè a, men se jistis lafwa a. Konsa se lafwa a, daprè favè a, ki asire pwomès la pou desandans la, pa pou sila yo ki regle sou lalwa a sèlman, men pou sila yo ki pitit Abraam antan yo regle sou lafwa a. Abraam sa a ki papa nou tout (jan sa ekri a: "M’ap fè ou vin papa tout pakèt nasyon yo"), li papa nou devan Bondye sa a li te mete lafwa nan li a, Bondye sa a ki fè mò yo viv la, epi ki rele sa k’ pa ekziste yo menm jan ak sa k’ ekziste yo.
Li menm, malgre sa lesperans la ye a, li kwè nan lesperans la, pou l’ te kapab vin papa tout pakèt nasyon yo, daprè sa yo te di l’: "Se konsa desandans ou ap ye".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 104, 6-7. 8-9. 42-43 (r.: 8a)
R/ Granmèt la te sonje kontra l’ pou tout tan gen tan.
Ras Abraam, sèvitè l’ la, pitit Jakòb yo, sila a li chwazi a.
Se li menm ki Granmèt Bondye nou; jijman l’ yo sou tout tè a.R.
Li sonje kontra l’ la pou tout tan, pawòl li kòmande pou mil jenerasyon yo,
Sa l’ te regle avèk Abraam nan, ak sèman li te fè bay Izaak la.R.
Paske li sonje pawòl li ki sen an pou Abraam sèvitè la.
Li kondui pèp li nan kè kontan,
sila yo li te chwazi a li kondui yo nan fèt.R.
LEVANJIL
"Lespri Sen an ap aprann nou nan lè sa a menm sa n’ap gen pou nou di".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 12, 8-12
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Tout moun ki rekonèt mwen devan lèzòm, Pitit moun nan ap rekonèt li tou devan Mesaje Bondye yo, men sa ki nye m’ devan lèzòm, m’ap nye l’ devan Mesaje Bondye yo.
Tout moun ki di yon pawòl kont Pitit moun nan, y’ap padonnen l’; men moun ki derespekte Lespri Sen an, yo p’ap padonnen l’. Lè yo fè nou konparèt nan kay reyinyon yo ak devan majistra yo ak otorite yo, pa pran tèt chaje pou ki mòd jan oubyen ki sa n’ap reponn oubyen ki sa n’ap di; Lespri Sen an ap aprann nou, nan lè sa a menm, sa nou gen pou nou di".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Lespri Sen an ap aprann nou nan lè sa a menm sa n’ap gen pou nou di».
"Tout moun ki rekonèt mwen devan lèzòm, Pitit moun nan ap rekonèt li tou devan Mesaje Bondye yo, men sa ki nye m’ devan lèzòm, m’ap nye l’ devan Mesaje Bondye yo» (Lik 12, 8).
«Tout moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen yo. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a yo p'ap padonnen yo sa (Lik 12,10).
LAPRIYÈ: Lespri Sen, tanpri aprann nou sa pou nou di lè n’ap pale de Bondye.
PWOPOZISYON: Mwen p’ap kite pèsonn entimide mwen. Ak konkou Lespri Sen an, m’ap kontinye ranpli misyon pwofetik mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario