Koulè Vèt
VENTNEVYÈM
DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE-C
JOUNEN
MONDYAL MISYONÈ.
PREMYE LEKTI
“Lè Moyiz leve men l’, Izrayèl ranpòte laviktwa”.
NAN LIV EKZÒD
17, 8-13
Jou sa yo:
Amalèk rive,
li batay kont Izrayèl nan Refidim.
Moyiz di
Jozye: “Chwazi vanyan gason, sòti, al batay kont Amalèk; demen m’ap kanpe sou
tèt ti mòn nan, m’ap kenbe baton Bondye a nan men m’”. Jozye fè jan Moyiz te di
a, li batay kont Amalèk; Moyiz menm avèk Aawon epi Our monte sou tèt ti mòn
nan.
Lè Moyiz leve
men l’, Izrayèl ranpòte laviktwa; otreman lè ofi-amezi men l’ap febli, Amalèk
ap pran pye sou yo. Men Moyiz te vin lou; yo pran wòch, yo mete anba l’, li
chita sou li; Aawon menm avèk Our soutni men l’ chak kote. Konsa men l’ pa
febli jous solèy kouche. Jozye blije Amalèk sove kò l’ ak pèp li a nan bout epe
a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 120, 1-2. 3-4.5-6. 7-8
R/ Sekou nou o
non Granmèt la, ki fè syèl la ak tè a.
M’ap leve je
m’ nan mòn yo: kote sekou m’ ap vini?
Sekou m’ap
vin sot nan Granmèt la, ki fè syèl la ak tè a.R.
Li p’ap kite
pye ou bite, li p’ap dòmi li menm k’ap veye sou ou a.
Gade, li p’ap dòmi, li p’ap fèmen je l’, li
menm k’ap veye sou Izrayèl la.R.
Granmèt la ap
veye sou ou, Granmèt la se lonbraj ou, li sou bò men dwat ou.
Lajounen
solèy p’ap frappe ou, ni lalin pandan nannuit.R.
Granmèt la ap
veye sou ou kont tout malè; Granmèt la ap veye sou nanm ou.
Granmèt la ap
veye sou antre ou ak sòti ou, depi koulye a jous pou tout tan.R.
DEZYÈM LEKTI
“Moun Bondye a dwe kòrèk, pou l’ pare pou tout
bon aksyon”.
NAN DEZYÈM
LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 3, 14-4, 2
Ou menm mwen
renmen anpil la:
Rete nan sa
ou te aprann, nan sa ou te kwè yo; ou konnen nan men ki moun ou te aprann yo;
depi ou tou piti ou konnen labib, li kapab ba ou lansèyman pou delivrans la,
gras a lafwa nan Jezikri a. Tout labib se Lespri Bondye a ki fè yo ekri l’; li
sèvi pou bay lansèyman, pou bay prèv, pou korije, pou bay lenstriksyon nan
jistis la, pou moun Bondye a kapab vin kòrèk nèt, pou l’ pare pou tout kalite
bon aksyon.
Mwen mande ou
devan Bondye ak Jezikri, k’ap vin jjje vivan yo ak mò yo, poutèt li gen pou l’
vini an, poutèt l’ap kòmande kòm wa a: preche pawòl la, pèsiste vle pa vle, bay
prèv, plede mande, menase, avèk pasyans nèt ale antan ou anvi anseye.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
“Bondye ap tire vanjans pou moun li chwazi yo
k’ap rele kote l’ yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 18,1-8
Lè sa a:
Jezi t’ap di
disip li yo yon parabòl pou l’ montre pou yo lapriyè tout tan, san febli, li
di: “Te gen yon jij nan yon vil, li pa t’ pè Bondye, li pa t’ respekte moun.
Te gen yon
vèv nan lavil sa a ki te konn kote l’, ap di: “Rann mwen jistis kont lènmi m’ nan”.
Li pa t’ konn vle pandan lontan.
Aprè sa, li
di nan kè l’: “Menm si mwen pa pè Bondye, menm si mwen pa respekte moun, sèlman
paske vèv sa a ap kase tèt mwen an, m’ap rann li jistis, pou l’ pa vin anbete
m’ ankò”.
Granmèt la
di: “Nou tande sa move jij la di. Èske Bondye p’ap fè jistis pou moun li chwazi
yo k’ap rele kote l’ lajounen kon lannuit, èske l’ap fè yo tann?
Mwen di nou
l’ap rann yo jistis byen vit. Sèlman lè Pitit moun nan ap vini, èske nou kwè
l’ap jwenn lafwa sou tè a?”
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a se jounen mondyal misyon. Jezi voye nou toupatou pou n’ pale pawòl
la. Nan jounen jodi a, Legliz envite nou dekouvri epi viv twa aspè enpòtan pou
misyon nou kapab pote fwi: Lapriyè, Sakrifis, ofrann. Ti pwovèb la di :
«bay piti pa vle di chich ». Piti koulye nou ka kolabore pou rèy Bondye
tabli sou fas tè a. Sa mande nou sakrifis, sa vle di, bay Bondye tan pa l’ la,
pa bliye pou n’anonse pawòl la. Sa mande nou pou nou lapriyè san rete, san
febli. Menm jan ak madanm nan levanjil
la, se pou nou lapriyè san dekouraje. Si nou dekouraje nan lapriyè nou p’ap ka
frape kè moun di yo, kè sila ki pa respekte Bondye e ki pa respekte pè pap yo.
Se nan lapriyè n’a jwen jistis nou.
Bondye ap bay pèp li a viktwa sou
fòs mal yo, sou move lawon, move zèb ki nan sosyete nou an jodi a. Yon sèl
bagay se pou nou kore sou Bondye, se pou nou pa dekouraje lapriyè tankou pèp
misyonè, pèp peleren, pèp imigran, pèp k’ap chèche lavi, pèp k’ap chèche
Bondye. Se nou Bondye tout fòs nou ye, se
li menm sèl ki kab ba nou laviktwa. Frè m’, sè m’ yo, monte mòn, mòn lapriyè,
kote nou rankontre ak Bondye a. E lè desann n’ap jwenn laviktwa ; pèp nou
ap delivre, pwoblèm nou yo ap jwenn solisyon. Se pou Bondye beni nou byen beni.
LAPRIYÈ : Bondye
Granmèt, koute pèp ou k’ap plenyen nan pye w’ ; afè l’ pa bon, li gen
anpil pwoblèm, li sibi anpil enjistis, men l’ konte sou ou ; nou sèten
w’ap tande, w’ap ba li laviktwa. Nou mande w’ sa a pa pouvwa Jezi Granmèt nou
an. Amèn
PWOPOZISYON: Lapriyè Bondye pou kè lòt la chanje, mande Bondye pou l’ fè nou jistis.
No hay comentarios:
Publicar un comentario