Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Sa ekri pou nou menm tou, Granmèt la ap rann nou
jistis paske nou kwè nan li”
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 4, 20-25
Frè m’ yo:
Nan pwomès
Bondye a, Abraam pa t’ fè dout, men li te pran fòs nan lafwa a, li fè lwanj pou
bèlte Bondye a; li te konnen byen pwòp: tou sa Bondye pwomèt, li kapab fè l’.
Se pousa yo konte sa pou li kòm jistis.
Kesyon yo
konte sa pou li kòm jistis la, pa ekri sèlman pou li menm, men se pou nou menm
tou, nou menm yo konte nan pami sila yo ki kwè nan sila a ki leve Jezikri
Granmèt nou an sot nan pami mò yo, li menm yo te renmèt pou fot nou yo, epi ki
leve vivan pou nou vin kòrèk la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS : Lik 1, 69-70. 71-72. 73-75
R/ Konpliman pou Granmèt Bondye Izrayèl paske li
vizite pèp li a.
Li drese kòn
delivrans pou nou nan kay David sèvitè l’ la,
jan l’ te pale
nan bouch sen yo, pwofèt li yo, ki te la depi lontan yo.R.
Delivrans sot
nan men lènmi nou yo, ak nan men tout moun ki rayi nou yo:
pou l’ fè kè l’
sansib pou zansèt nou yo, pou l’ fè sonje kontra l’ la ki sen an.R.
Sèman an li te
sèmante bay Abraam zansèt nou an, pou l’ te fè nou favè pou nou pa pè,
pou l’ delivre
nou sot nan men lènmi nou yo, pou nou sèvi l’antan nou sen,
nou kòrèk devan
l’, pandan tout jou nou yo.R.
LEVANJIL
“Sa ou pare yo, pou kilès y’ap ye?”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 12, 13-21
Lè sa a:
Yon moun nan
foul la di Jezi: “Mèt, di frè m’ nan pou l’ separe eritaj la avèk mwen”.
Jezi menm di l’:
“Monchè, kilès ki enstale m’ kòm jij oubyen notè sou nou?” Li di yo: “Gade, fè
atansyon pou nou evite tout lanbisyon richès; paske, yon moun te mèt gen pakèt
richès, se pa byen l’ yo ki kab garanti lavi li”.
Li di yon
parabòl pou yo: “Te gen yon moun rich, jaden l’ te rapòte anpil richès, epi li
t’ap kalkile anndan kè l’, li t’ap di: “Kisa m’ap fè, paske mwen pa gen kote
pou m’ ranmase rekòlt mwen yo?” Li di: “Men sa m’ap fè: m’ap kraze magazen m’
yo, m’ap fè lòt ki pi gran, se la m’ap ranmase tout rekòlt mwen yo ak byen mwen
yo.
Epi m’ap di nanm
mwen: Nanm mwen, ou gen anpil byen ki an rezèv pou anpil ane; repoze ou, manje,
bwè, fè fèt”.
Men Bondye di
l’: “Enbesil, nannuit sa a menm y’ap mande ou nanm ou; sa ou te pare yo, pou
kilès y’ap ye?”
Se konsa li ye, moun k’ap ranmase
richès pou pwòp tèt pa l’, moun ki pa rich nan Bondye.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa
Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa Pawòl la
enspire mwen pou m' mande Bondye?
PWOPOZISYON: Ann gade pwòp lavi nou,
pandan n’ap mande pwòp tèt nou: kisa mwen bay plis enpòtans pase Bondye?
No hay comentarios:
Publicar un comentario