Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
“Si akoz fot
yon sèl lanmò a te kòmande, y’ap kòmande pi plis toujou nan lavi a”.
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN POU WOMEN YO 5, 12. 15b. 17-19. 20b-21
Frè m’ yo:
Menm jan akòz
yon sèl moun, peche te antre sou tè sa a, epi avèk peche a lanmò, se konsa
lanmò a pase nan tout moun, paske tout moun fè peche.
Si akòz fot
yon sèl moun tout foul moun yo mouri, favè Bondye a ak kado nan favè yon sèl
moun nan, Jezikri, li vide laj pi plis ankò nan pakèt foul moun yo.
Reyèlman vre
si akòz fot yon sèl moun lanmò a te kòmande pa lantremiz yon sèl la, moun yo ki
resevwa chaj favè ak kado ak jistis pa lantremiz yon sèl moun nan, Jezikri,
y’ap kòmande pi plis toujou nan lavi a.
Konsa, menm
jan se fot yon sèl la ki te mennen tout moun nan kondanasyon, menm jan tou se
sa k’ kòrèk la yon sèl moun fè a ki mete jistis la nan tout moun pou yo viv
kòrèk. Menm jan akòz dezobeyisans yon sèl moun nan, tout foul moun yo te vin
chita nan peche, konsa tou akòz obeyisans yon sèl la, foul moun yo ap vin kanpe
nan jistis.
Kote fot la te
anpil la, favè a plen ap ranvèse; konsa menm jan peche a te kòmande pou lanmò
a, konsa tou favè a ap kòmande gras a jistis la pou lavi tout tan an pa pouvwa
Jezikri Granmèt nou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 39, 7-8a. 8b-9. 10. 17
R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.
Sakrifis ak kado
ou pa t’ vle sa, men ou louvri zòrèy mwen.
Sakrifis antye
ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa, lè sa a mwen di: “Men m’ap vini.”R.
“Nan woulo liv
la yo ekri sou mwen pou m’ fè volonte ou.
Bondye mwen,
mwen dakò, lalwa w’ la nan zantray mwen”.R.
Mwen anonse
jistis ou a nan gran legliz la;
men mwen pa
fèmen bouch mwen, Granmèt, ou konnen.R.
Se pou yo fete,
se pou yo kontan nan ou, tout moun k’ap chèche ou yo,
Se pou yo di
tout tan: “Granmèt la gran” sila yo ki renmen delivrans ou a.R.
LEVANJIL
“Se chans pou sèvitè sa yo, si lè mèt la rive, li
jwenn yo ap veye”.
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 12, 35-38
Lè sa a: Jezi di
disip li yo:
“Se pou ren nou
mare, pou lanp nou limen nan men nou; nou menm se pou nou tankou moun k’ap tann
mèt yo, lè l’ vin sot nan nòs; pou, kon l’ rive, li frape, la menm yo louvri ba
li. Se chans pou sèvitè sa yo, si lè mèt la rive, li jwenn yo ap veye; an
verite mwen di nou, l’ap mare ren l’, l’ap fè yo chita sou tab, l’ap pase pou
l’ sèvi yo.
Si l’ rive nan
dezyèm vèy la, epi si se nan twazyèm vèy la li rive, epi li jwenn yo konsa, se
chans pou sèvitè sa yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa
Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ:Bondye Papa, ba
nou fòs ak odas pou nou ka rete toujou vijilans, menm si pwoblem ak fatig lavi
a fè nou anvi dòmi. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:
Kisa vijilans siyifi nan lavi mwen kòm kretyen ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario