Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Men jou a ap
rive, l’ap flanbe tankou yon fou”.
NAN LIV PWOFÈT MALACHI 3, 13-20a
“Nou pale pawòl ki rèd kont mwen, deklarasyon Granmèt la; epi nou di:
“Ki sa nou di kont ou a?” Nou di: “Se pou granmesi yon moun ap sèvi Bondye; epi
ki avantaj ki genyen pou obsève kòmandman l’ yo, pou n’ap mache tou tris devan
granmèt lame yo? Koulye a menm
nou deklare se awogan yo ki gen chans; paske moun yo k’ap fè peche yo se yo
menm ki kanpe, epi sa k’ap eseye Bondye yo, se yo menm ki sove”.
Lè sa a atò moun ki respekte Granmèt yo, yo pale youn ak lòt, Granmèt la
fè atansyon, li koute, yo ekri yon liv souvni devan l’ pou moun ki respekte
Granmèt la epi k’ap kalkile sou non l’. Granmèt lame yo di: “Nan jou m’ fè a
y’ap tankou yon byen espesyal pou mwen m’ap pran pitye pou yo, tankou yon papa
pran pitye pou pitit li k’ap sèvi l’. Y’ap tounen, y’ap wè diferans ant moun ki
kòrèk la ak mechan an epi ant moun k’ap sèvi Bondye a ak sa k’ pa sèvi l’.
Men jou a k’ap rive, l’ap flanbe tankou yon fou, tout awogan yo ak tout
moun k’ap fè peche yo, y’ap tankou pay, jou k’ap vini an ap flanbe yo,
deklarasyon Granmèt lame yo, ki p’ap kite ni rasin ni jèm pou yo. Men nou menm
ki respekte non m’ yo, se solèy jistis la k’ap leve pou nou, avèk delivrans la
nan reyon l’ yo”.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 1, 1-2. 3. 4 e 6
R/ Se chans pou
moun ki met konfyans li nan Granmèt la.
Se chans pou
moun, ki pa ale nan reyinyon mechan yo,
ki pa kanpe
nan chemen moun peche yo,
ki pa chita
nan reyinyon moun k’ap derespekte Bondye yo;
men se nan
lalwa Granmèt la volonte l’ ye.R.
L’ap tankou
yon pye bwa ki plante sou bò dlo k’ap kouri,
k’ap bay fwi
l’ nan sezon l’;
fèy li p’ap
tonbe, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa
pou mechan yo, se pa konsa,
men y’ap
tankou pousyè van ap vòltije.
Sèke Granmèt
la konnen wout moun kòrèk yo,
men chemen
moun peche yo ap peri.R.
LEVANJIL
“Mande, y’ap ba nou”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 5-13
Lè sa a: Jezi
di disip li yo:
“Kilès nan
nou si l’ gen yon zanmi k’al kote l’ nan mitan nannuit, ki di l’: “Zanmi, prete
m’ twa pen, paske mwen gen yon zanmi ki vin sòti nan vwayaj, li rive lakay
mwen, mwen pa gen anyen pou m’ mete devan l’; si lòt la reponn anndan an: “Pa
anbete m’; pòt la deja fèmen, ti moun mwen yo avèk mwen nan kabann; mwen pa
kapab leve pou m’ ba ou?”
Men, si mesye
a kontinye ap frape, mwen di nou: Menm si li p’ap leve pou l’ ba li l’ kòm
zanmi, l’ap leve kan menm, l’ap ba li tout sa l’ bezwen, poutèt lòt la ap
anbete l’ la.
Mwen menm
mwen di nou: Mande, y’ap ba nou; chèche, n’ap jwenn; frape, y’ap louvri ba nou.
Sèke tout moun ki mande li resevwa, moun ki
chèche li jwenn, moun ki frape, yo louvri ba li.
Kilès tou nan
nou menm kòm papa, si pitit nou mande nou pen: èske n’ap ba l’ wòch? oubyen
pwason: èske n’ap ba l’ koulèv nan plas pwason an? Oubyen, si l’ mande nou ze,
èske n’ap lonje yon skòpyon ba li? Si nou menm, malgre nou move a, nou konn bay
pitit nou bon bagay, Papa nou ki nan syèl la ap ba nou bon lespri a pi plis
toujou pou moun ki mande l’.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa
Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa
Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen,
nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario