Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
"Jou Granmèt la, se jou fènwa ak
bouya".
LEKTI LIV
PWOFÈT JOWÈL 1, 13-15; 2, 1-2
Mete rad dèy,
kriye, prèt yo; pouse rèl, sèvitè lotèl yo; antre, kouche nan sak, sèvitè
Bondye m’ yo, paske sakrifis ak vide bwason disparèt sot nan kay Bondye nou an.
Deklare yon
jèn ki sen, konvoke reyinyon an, rasanble ansyen yo, ak tout moun ki abite tè a
nan lakay Bondye nou an, pouse rèl kot Granmèt la: "A-a-a, jou
malè-a", paske li tou pre, jou Granmèt la, l’ap rive tankou yon ravaj ki
sòti nan sila a ki gen tout pouvwa a.
Sonnen
twonpèt nan Siyon, pouse rèl sou mòn mwen an ki sen an, tout moun ki abite tè a
twouble, paské jou Granmèt la rivé, paské li tou pré. Jou fè-noua ak bouya, jou
nuaj ak vapè; tankou dévan-jou k-ap gayé sou tèt mòn yo, konsa yon pèp ki anpil,
ki fò: pa gin kon li dépi nan kòmansman, épi apré-l, pap ginyin, jous nan ané
jénérasion ak jénérasion.
SÒM REPONS 9, 2-3. 6 e 16. 8-9 (r.: 9a)
R/ Granmèt la ap
jije fas tè a nan jistis.
M’ap fè lwanj
ou, Granmèt, ak tout kè m’;
m’ap rakonte
tout mèvèy ou yo.
M’ap fè kè m’
kontan, m’ap danse nan ou,
M’ap chante
kantik pou non ou, ou menm ki anwo nèt la. R.
Ou kraze nasyon yo, ou detui mechan
yo;
ou efase non yo pou tout tan ak tout
tan gen tan.
Nasyon yo
fonse nan fòs la yo te fouye a;
nan pyèj sa a
yo te kache a, se la pye yo pri.R.
Granmèt la
menm ap chita pou tout tan,
li pare fotèy
li pou jijman an,
Se li menm
k’ap jije fas tè a nan jistis,
l’ap jije pèp
yo ak balans ki byen regle.R.
LEVANJIL
"Si se ak dwèt Bondye mwen chase demon yo,
rèy Bondye a rive jous lakay nou".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 11, 15-26
Lè sa a:
Kòm Jezi t’ap
chase demon yo, gen kèk moun nan foul la ki t’ap di: "Se ak pouvwa
Bèlzeboul, chèf demon yo, li chase demon". Epi dòt menm t’ap eseye l’, yo mande
l’ pou l’ fè mirak sot nan syèl.
Li menm menm,
kòm li te wè panse yo, li di yo: "Tout peyi wa ki divize sou pa anndan,
l’ap detui, kay ap tonbe sou kay. Konsa si
Satan divize sou pa anndan, kouman rèy li kapab ret kanpe? N’ap di se ak pouvwa
Bèlzeboub m’ap chase demon yo. Men si se ak pouvwa Bèlzeboul m’ap chase demon
yo, pitit nou yo menm, ak pouvwa kilès y’ap chase? Se pousa se yo menm k’ap jij
nou. Sèlman, si se ak dwèt Bondye m’ap chase demon yo, rèy Bondye tou rive sou
nou. Lè yon moun ki gen fòs, ki gen zam, ap veye lakou
l’, sa l’ posede yo, yo asire.Men si yon moun ki pi fò pase l’ rive, li ranpòte
laviktwa sou li, l’ap pran tout zam li yo, kote li te mete konfyans li a, l’ap
separe sa l’ pran yo.
Moun ki pa
avèk mwen, li kont mwen; epi moun ki pa ranmase ansanm avèk mwen, l’ap gaye.
Lè lespri
papwòp la sòti nan yon moun, l’al mache nan kote ki pa gen dlo, l’ap chèche
repo, li pa jwenn, li di: 'M’ap tounen nan lakay mwen an kote mwen te sòti a'.
Lè l’ rive, li jwenn kay la pwòp, san fatra, byen dekore. Lè sa a l’al pran sèt
lòt lespri ki pi mechan pase l’, yo antre, yo abite la.
Dènye
sityasyon moun sa a ap pi mal pase premye a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye.
REFLEKSYON: Kisa
Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa Pawòl
la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen,
nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario