Páginas

SAMDI 26-10-2019


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
Lespri l’ ki leve Jezi sot nan pami mò yo, li abite nan nou
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 8, 1-11
Frè m’ yo:
Pa gen okenn kondanasyon koulye a pou sila yo ki nan Jezikri yo, yo menm ki p’ap mache daprè chè a. Reyèlman vre, lalwa lespri lavi a nan Jezikri delivre m’ sot anba pouvwa lalwa peche a ak lanmò a. Sèke sa k’ pa t’ posib pou lalwa a, akòz feblès chè m’, Bondye fè l’ lè l’ voye Pitit li a nan yon chè ki tankou chè peche pa nou an; li kondane peche a nan chè a, pou ekzijans lalwa a reyalize nan nou, nou menm, ki p’ap mache daprè chè a men daprè lespri a.
Moun yo ki regle daprè chè a, se bagay chè a yo goute, men moun yo ki regle daprè lespri a, se bagay lespri yo yo konprann. Sèke sajès chè a se lanmò, sajès lespri a menm se lavi ak lapè. Sèke sajès chè a li lènmi Bondye, li pa obeyi lalwa Bondye a, ni li pa kapab obeyi l’. Moun yo ki nan chè a, yo pa kapab fè Bondye plezi.
Kanta pou nou menm, nou pa regle nan chè a, men nan lespri a, si reyèlman Lespri Bondye a abite nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Jezikri a, moun sa a pa pou li. Si Jezikri nan nou, kò a mouri poutèt peche a, lespri a viv poutèt sa k’ fè l’ vin sen an. Si Lespri sila a ki leve Jezi sot nan pami mò yo abite nan nou, sila a ki leve Jezikri sot nan pami mò yo ap fè kò lanmò nou yo viv tou poutèt Lespri li a ki abite nan nou an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 23, 1-2. 3-4ab. 5-6.
R/ Sa a se ras moun yo k’ap chèche fas ou a, Granmèt.
Se pou Granmèt la tè a ak sa k’ plen l’, fas tè yo ak sa k’ abite ladan l’.
Paske se li menm ki fikse l’ sou lanmè yo, epi ki rann li solid sou larivyè yo.R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt la, oubyen kilès k’ap kanpe nan kote l’ ye a ki sen an?
Se moun ki inosan nan men yo epi ki nèt nan kè yo, ki pa pran non l’ pou granmesi.R.
Sa a ap resevwa benediksyon kot Granmèt la, ak sa k’ fè l’ vin sen an nan men Bondye sovè li a. Sa a se ras moun k’ap chèche l’ yo, k’ap chèche fas Bondye Jakòb la.R.
LEVANJIL
“Si nou pa fè penitans, nou tout ap peri menm jan”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 13, 1-9
Lè sa a, gen kèk moun ki pwoche, yo pote nouvèl bay Jezi sot Galile, sou moun yo Pilat te mele san yo avèk sakrifis yo t’ap ofri yo; li pran lapawòl, li di yo: “Èske nou kwè Galileyen sa yo te fè peche plis pase tout Galileyen yo, pou yo soufri kalite bagay sa yo? Non, mwen di nou; men si nou pa fè penitans, nou tout ap peri menm jan”. Menm jan dizuit sa yo, tou a te tonbe sou yo nan Siloe a, epi li te touye yo a, èske nou konprann yo menm yo te pi koupab pase tout moun ki abite nan Jerizalèm?  Non, mwen di nou; men si nou pa fè penitans, nou tout menm jan n’ap peri.
Li te di yo parabòl sa a tou: “Yon mesye te gen yon pye figye ki te plante nan jaden rezen l’; li vin chèche fwi ladan l’, li pa jwenn.
Li di jeran jaden pye rezen an: “Sa fè twazan m’ap vin chèche fwi nan pye figye sa a, epi mwen pa jwenn; koupe l’, pouki sa pou l’ ap okipe plas nan tè a?”
Jeran an reponn, li di l’: “Mèt, kite l’ ane sa a ankò, joustan mwen fouye alantou l’, mwen mete fimye; petèt l’ap donnen fwi, otreman, w’a koupe l’ aprè”
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario