Koulè
Vèt
TRANTYÈM
DIMANCH NAN ANE-C
PREMYE LEKTI
“Lapriyè moun ki rabese tèt li a, li travèse
nyaj yo”.
NAN LIV
SIRASID LA 35, 15b-17. 20- 22a
Granmèt la se
jij; kote l’, nan pwen glwa pèsòn: Granmèt la pa konsidere figi moun kont pòv
la, l’ap koute priyè moun yo fè pwofitè sou li a. Li p’ap meprize priyè òfelen
an ak vèv la, ni vèv la k’ap dechaje kè l’ gras a pawòl plenyen.
Yon moun ki
adore Bondye, yo resevwa l’ avèk plezi, priyè l’ ap rive jous nan nyaj yo.
Priyè moun ki rabese tèt li antre nan nyaj yo; toutotan li poko rive, moun nan
pa konsole, ni li pa sispann joustan Sa a ki anwo nèt la voye je l’ sou li.
Granmèt la
p’ap vire do, men l’ap rann moun kòrèk yo jistis, l’ap fè jijman.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33, 2-3. 17-18. 19 e 23
R/ Yon pòv rele,
Granmèt la koute l’.
M’ap fè
konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen.
Nan Granmèt
la nanm mwen ap jwenn konsiderasyon l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fas Granmèt
la sou moun k’ap fè mal yo, pou l’ fè souvni yo disparèt sot sou tè a.
Yo rele,
Granmèt la tande, nan tout tray yo li delivre yo.R.
Granmèt la
tou pre moun ki gen kè yo kraze yo, l’ap sove sa k’ gen lespri yo boulvèse.
Granmèt la ap
delivre nanm sèvitè l’ yo, li p’ap pini tout moun ki espere nan li yo.R.
DEZYÈM LEKTI
“Sa k’ rete m’ se kouwòn jistis la y’ap ban
mwen”.
NAN DEZYÈM
LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 4, 6-8.
16-18
Ou menm mwen
renmen anpil la:
Mwen se yon
ofrann ki fin vide, tan an rive pou m’ kite vi sa a. Mwen batay bon batay la,
mwen fini kous mwen, mwen kenbe lafwa a. Sa k’ rete m’, se resevwa kouwòn
jistis la, sa Granmèt la ap ban mwen jou sa a, li menm jij ki kòrèk la; pa
sèlman pou mwen, men pou sa yo ki renmen jou l’ap vini an.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Pibliken an desann lakay li anrèg plis pase
farizyen an”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 18,
9-14
Lè sa a:
Jezi di
parabòl sa a pou kèk moun ki te met konfyans nan pwòp tèt yo kòmsi yo te kòrèk,
epi ki t’ap meprize lòt yo: “De mesye te monte nan Tanp la pou yo priye; youn
te Farizyen, lòt la pibliken.
Farizyen an
kanpe la, l’ap priye nan kè l’: “Bondye, mwen remèsye ou, paske mwen pa tankou
lòt moun yo, yo vòlè, yo enjis, yo adiltè, oubyen tankou pibliken sa a. Mwen fè
jèn de fwa nan semèn nan, mwen bay dizyèm pati nan tout sa m’ genyen”. Pibliken
an menm kanpe lwen, li pa t’ vle leve je l’ nan syèl la, men l’ap frape pwatri
n’ li, li di: “Bondye, pitye pou mwen, ki pechè”.
Mwen di nou:
li menm li desann anrèg lakay li plis pase lòt la; paske tout moun k’ap leve
tèt li, y’ap rabese l’, moun ki rabese tèt li, y’ap leve l’ anlè”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Imilite, se yon gwo kalite ki
kapab ede nou rankontre ak Bondye; se pou sa pawòl nou sot tande a mande n’ pou
nou fè nou tou piti devan Granmèt la. Nèg grandizè ap rete lwen syèl la, nèg ki
konprann se li ki pi bon, ki pi sen, ki pi konnen, li pa jwenn kouwòn jistis
Bondye a. Men nèg ki rekonèt li se pechè a, li konnen li pa merite leve tèt li
devan Bondye, li pa diy pou antre nan kay sakre a, nèg ki pa chèche gwo plas
pou meprize ak imilye lòt yo, nèg ki tou piti devan Bondye a, l’ap antre nan peyi
kote Bondye wa a, peche l’ yo ap padone. Li te antre tèt bese, li sòti tèt
leve. Se pou tèt sa nou di lakay nou : «sa k’ sòti pi wo pran pi gwo so».
Zanmi m’ yo, pa kite wotè kraze
nou. Fòk nou genyen konba kont mal la, se pou nou genyen konba lafwa a, tankou
Sen Pòl. Bondye nou an pa nan dòmi. Li toujou la, li prè pou l’ delivre nou.
Yon pòv rele, Bondye koute ; si kè l’ sere la lache. Pran kouraj pa febli.
Nou pa ka pèdi kouwòn jistis moun ki fè yo tou piti devan Bondye, kouwòn moun
k’ap batay pou jistis tabli sou tè a. Sa se kouwòn lapè, kouwòn kè kontan.
Kouwòn nan se pou nou li ye, si nou viv jan Bondye mande n’ nan, san fè
grandizè, sans pran pòz nou pi plis pase lòt la, nou pi sen pase lòt la. Se nan
rekonèt fot nou yo, nan prezante jan nou ye a san nou pa nye idantite nou sekrè
kouwòn jistis la ye. Jezi va di nou : « nèg sa a sòti tèt leve, peche
l’ yo padone ; moun ki beze tèt Bondye ap fè l’ leve l’, men moun ki leve
tèt Bondye ap fè l’ bese l’». Se pou Bondye beni nou byen beni.
LAPRIYÈ : Granmèt,
tanpri ede nou nan konba lavi a, aprann nou rabese tèt nou devan w’ pou nou
rekonèt tò nou yo, delivre nou e ba nou kouwòn jistis ak kè kontan w’ nan. Ou
menm ki vivan e ki wa depi toutan e pou tan. Amèn
PWOPOZISYON :
Pa fè grandizè ni gwo zepòt. Moun sa a yo Bondye ap
fè yo bese tèt yo ; men moun ki tou dou yo, sa k’ konnen yo bezwen Bondye
a, y’ap rive nan peyi kote Bondye wa a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario