Páginas

LENDI 28-10-2019


Koulè Wouj
SIMON ak JID KI SEN, Apot
Fèt.
PREMYE LEKTI
«Nou bati sou fondasyon Apot yo».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 2, 19-22
 Frè m’ yo:
Nou pa etranje ak moun vini ankò, men nou se sitwayen peyi sen yo, nou se moun kay Bondye, nou bati sou fondasyon Apot yo ak pwofèt yo, wòch kwen ki anlè nèt la, se Jezikri; se nan li tout kay la ki bati a ap monte pou l’ vin yon Tanp ki sen nan Granmèt la; nan li nou menm tou yo bati nou ansanm ak lòt yo pou nou vin yon sèl kay Bondye nan Lespri a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18, 2-3. 4-5 (r.: 5a)
R/ Sou tout tè a bwi vwa yo mache ale.
Syèl yo ap rakonte glwa Bondye, travay men l’ platfòm syèl la ap anonse l’.
Jou ap deklare pawòl bay jou, nannuit ap montre syans bay nuit.R.
Pa gen langaj ni pawòl pou yo pa konprann vwa yo.
Sou tout tè a bwi vwa yo mache ale, jous nan limit tè a pawòl yo rive.R.
LEVANJIL
«Li chwazi douz nan yo, li rele yo Apot»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 6, 12-19
Rive, jou sa yo Jezi pati al sou mòn nan pou l’ priye, li pase tout nannuit la nan priye Bondye.
Lè jou a rive, li rele disip li yo, li chwazi douz nan yo, li rele yo Apot: Simon, sa l’ bay ti non Pyè a, avèk Andre, frè l’ la, Jak ak Jan, Filip ak Batelemi, Matye ak Toma, Jak pitit Alfe a ak Simon, sa yo rele moun cho a, epi Jid pitit Jak la avèk Jida Iskaryòt, sa k’ t’ap trayi l’ la.
Pandan l’ap desann avèk yo, li kanpe nan plenn nan, te gen yon gran foul pèp ki sòti nan tout Jide a ak Jerizalèm ak rejyon bò lanmè Tir ak Sidon, ki te vini pou yo koute l’, pou l’ geri yo sot nan maladi yo. Moun ki te gen espri move ap maltrete yo te geri tou.
Tout foul la t’ap chèche touche l’, paske te gen yon pouvwa ki t’ap sòti nan li, ki t’ap geri tout moun.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Granmèt, gras ak konkou entèsesyon Simon ak Jid, ede nou angaje n’ pi fè m’ nan sèvis levanjil la nan kominote kote n’ap viv epi kote n’ap travay. Pa pouvwa Jezikri.
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario