Páginas

MADI 29-10-2019


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Kreyasyon an ap tann revelasyon pitit Bondye yo”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 8, 18-25
Frè m’ yo:
Mwen konsidere soufrans tan sa a pa anyen devan glwa k’ap vini an k’ap devwale nan nou an. Reyèlman kreyasyon an ap tann glwa a devwale nan pitit Bondye yo. Kreyasyon an te blije rete anba sa k’ pa anyen an, san l’ pa vle, men poutèt sa a ki te mete l’ nan esperans la. Sèke kreyasyon an li menm ap delivre sot anba esklavaj dekonpozisyon an pou antre nan libète glwa pitit Bondye yo.
Nou konnen reyèlman tout kreyati ap plenn, ap anfante jous koulye a. Se pa sèlman yo menm, men nou menm tou, ki gen premye kado Lespri a, n’ap plenn anndan kè nou, antan n’ap tann sa pitit adoptif Bondye yo ye a ak redanmsyon kò nou.Nou sove reyèlman an esperans. Lesperans la menm, si yo wè l’, se pa esperans li ye, paske sa yon moun wè, èske l’ap espere l’? Men si n’ap espere sa nou pa wè, n’ap espere l’avèk pasyans.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 125, l-2ab. 2cd-3. 4-5. 6
R/ Granmèt la fè mèvèy pou nou.
Lè Granmèt la t’ap fè ekzile Siyon yo tounen an, nou te tankou nan rèv.
Lè sa a bouch nou te plen kontantman, lang nou te plen chante fèt.R.
Lè sa a yo t’ap di nan pami nasyon yo: “Granmèt la fè mèvèy pou yo”.
Granmèt la fè mèvèy pou nou: nou gen kè kontan.R.
Granmèt, fè ekzile nou yo tounen tankou ravin nan Sid yo.
Moun k’ap simen nan dlo k’ap koule sot nan je yo, y’ap rekòlte ak kè kontan.R.
Yo t’aprale, yo t’ap kriye, yo t’ap pote semans pou yo simen an;
y’ap tounen ak kè kontan, y’ap pote zepi yo.R.
LEVANJIL
“Grenn nan devlope, li vin tounen yon gran pye bwa”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 13, 18-21
Lè sa a Jezi t’ap di:
“Ak kisa peyi wa Bondye a sanble, epi ak ki sa mwen ta konpare l’? Li sanble ak yon grenn seneve, yon moun pran l’ li mete l’ nan jaden l’, grenn nan devlope, li vin tounen yon gran pye bwa, zwazo syèl yo vin poze nan branch li yo”.
Li t’ap di ankò: “Ak kisa mwen t’ap konpare peyi wa Bondye a? Li sanble ak yon leven, yon madanm pran l’, li brase l’ nan twa mezi farin, joustan tout pat la leve”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario