Páginas

MÈKREDI 30-10-2019


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Moun ki renmen Bondye yo, tout bagay rive pou byen yo”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 8, 26-30
Frè m’ yo:
Lespri a ede feblès nou: sèke nou pa konnen kijan pou nou priye; men se Lespri a li menm k’ap priye pou nou ak mo moun pa kapab pale. Sa a k’ap sonde kè yo, li konnen sa Espri a anvi a, se daprè Bondye li fè demann pou sen yo.
Nou konnen pou moun Bondye renmen yo, tout bagay sèvi pou byen yo, yo menm li rele pou yo vin sen, daprè desizyon li pran davans. Reyèlman, sa yo li chwazi davans yo, li pare plas yo davans tou, pou yo vin moule nan pòtre Pitit li a, pou li menm li vin tounen premye pitit nan pami tout foul frè yo. Sa yo li fin pare plas yo a, li rele yo tou; sa yo li rele yo, li fè yo vin sen tou; sa yo li fè vin sen an, li ba yo glwa a tou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 12, 4-5. 6
R/Mwen menm se nan mizerikòd ou a, Granmèt, mwen espere.
Gade, koute m’, Granmèt Bondye mwen.
Klere je m’, pou m’ pa dòmi nan lanmò, pou ènmi m’ pa di:
“Mwen ranpòte viktwa sou li”; pou sa yo k’ap pèsekite m’ yo pa danse, si m’ tranble.R.
Kanta mwen menm se nan mizerikòd ou a mwen espere.
Kè m’ap danse nan delivrans ou a.
M’ap chante pou Granmèt la, ki fè m’ jwenn byen yo.R.
LEVANJIL
“Y’ap vini sot olevan ak okouchan, y’ap vin sou tab nan peyi wa Bondye a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 13, 22-30
Lè sa a:
Jezi t’ap travèse vil yo ak bouk yo, li t’ap bay ansèyman, pandan l’ap vwayaje pou Jerizalèm. Gen yon moun ki di l’: “Granmèt, èske se ti kras moun sa yo k’ap sove a?”
Li menm menm li di yo: “Fè efò pou nou antre nan pòt ki jennen an; paske anpil moun, mwen di nou sa, ap chèche antre men yo p’ap reyisi.
Lè mèt kay la ap antre, l’ap fèmen pòt la, epi n’ap kòmanse kanpe deyò, n’ap frape pòt la, n’ap di: “Granmèt, louvri pou nou”; l’ap reponn nou: “Mwen pa konnen kote nou sòti”.
Lè sa a atò, n’ap kòmanse di: “Nou te manje devan ou, nou te bwè devan ou, ou te bay ansèyman sou plas nou yo”. L’ap di nou: “Mwen pa konnen kote nou sòti: rale kò nou sou mwen, nou tout k’ap fè mal la”.
Se la k’ap gen rèl ak manje dan, lè n’ap wè Abraam ak Izaak ak Jakòb ak tout pwofèt yo nan peyi wa Bondye a, epi nou menm menm y’ap chase nou deyò. Moun yo ap vin sòti olevan ak okouchan, nan nò ak nan sid, y’ap vin atab nan peyi wa Bondye a. Dènye yo ap premye, epi premye yo ap dènye”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario