Páginas

JEDI 31-10-2019


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Okenn kreyati pa kapab separe nou sot nan charite Bondye a ki nan Jezikri a”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 8, 31b -39
Frè m’ yo:
Si Bondye pou nou, kilès k’ap kont nou? Li menm ki pa menm menaje pwòp Pitit li a, men ki renmèt li pou nou tout, kijan pou l’ pa ta ba nou tout bagay ansanm avèk li? Kilès k’ap fè akizasyon kont sa yo Bondye chwazi yo? Ala se Bondye menm ki mete nou an règ. Kilès k’ap kondane? Ala se Jezikri menm ki mouri, pi plis menm ki resisite, ki ret adwat Bondye, epi menm k’ap plede pou nou an tou.
Konsa kilès k’ap separe nou sot nan charite Jezikri a? Èske se tray? Oubyen kè sere? Oubyen grangou? Oubyen manke rad? Oubyen danje? Oubyen pèsekisyon? Oubyen epe? Jan sa ekri a: “Sèke poutèt ou nou jwenn lanmò tout jounen, yo konsidere nou tankou mouton labatwa”. Men nan tout bagay sa yo nou ranpòte viktwa poutèt sa a ki renmen nou an.
Mwen sèten reyèlman ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni peyi wa, ni pouvwa, ni sa k’ap rive koulye a, ni sa k’ap vini aprè, ni fòs, ni wotè, ni pwofondè, ni lòt kreyati p’ap kapab separe nou sot nan charite Bondye a, ki nan Jezikri Granmèt nou an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 108, 21-22. 26-27. 30-31
R/ Sove m’, Granmèt, daprè mizerikòd ou a.
Ou menm, Granmèt, Granmèt, aji avèk mwen poutèt non ou, paske mizerikòd ou a dous;
delivre m’, paske se malere ak pòv mwen ye, kè m’ blese anndan mwen.R.
Ede m’, Granmèt Bondye mwen, sove m’ daprè mizerikòd ou a.
Se pou yo konnen se men ou sa a; ou menm, Granmèt, ou fè sa.R.
M’ap fè lwanj Granmèt la anpil nan bouch mwen, nan mitan anpil pèp m’ap fè lwanj li,
paske li kanpe adwat pòv la, pou l’ sove nanm li sot nan men moun k’ap jije l’ yo.R.
LEVANJIL
“Sa pa nòmal pou yon pwofèt mouri an deyò Jerizalèm”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 13, 31-35
Jou sa a, kèk farizyen pwoche, yo di l’: “Pati, al fè wout ou sot isit la, paske Ewòd vle touye ou”.
Li di yo: “Al di rena sa a: “Men m’ap chase demon yo, m’ap fè gerizon jodi a ak demen; epi sou twazyèm jou a m’a fini”. Reyèlman ni jodi a, ni demen, ni jou ki vin aprè a, mwen gen pou m’ mache, paske se pa nòmal pou yon pwofèt peri andeyò Jerizalèm.
Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm k’ap touye pwofèt yo, k’ap kalonnen sa yo yo voye kote ou yo ak kout wòch, konbyen fwa mwen te vle ranmase pitit ou yo, tankou yon zwazo ranmase nich li anba zèl li, men ou pa t’ vle!
Men y’ap kite kay nou an vid bannou! Mwen di nou antouka, nou p’ap wè m’, jouk jou a va vini, lè n’a di: “Konpliman pou sa a k’ap vini o non Granmèt la”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario