Koulè Blan
GRAN FÈT
TOUT SEN YO.
PREMYE
LEKTI
“Mwen wè
yon gran foul, pèsòn pa t’ kapab konte l’, yo te sòti nan tout nasyon, ras, pèp
ak lang”.
NAN LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 7, 2-4.
9-14
Mwen menm Jan, mwen wè yon lòt
zanj k’ap monte kote solèy la leve a, li te gen siy Bondye vivan an; li t’ap
rele byen fò bay kat zanj yo ki te resevwa pouvwa pou maltrete tè a ak lanmè a,
li di: “Pa maltrete tè a ak lanmè a, ni pye bwa yo, joustan nou make sèvitè
Bondye nou yo nan fwon yo”. Mwen tande kantite moun ki make yo: sankarant kat
mil moun ki make, nan tout ras pitit Izrayèl yo.
Aprè sa, mwen wè yon gran foul,
pèsòn pa t’ kapab konte l’, yo te sòti nan tout kalite nasyon, ras, pèp ak
lang, yo te kanpe devan fotèy la ak devan fas Mouton an, yo te abiye ak rad
blan, yo te gen branch nan men yo, yo t’ap rele byen fò, yo t’ap di: “Sovè a
gras a Bondye nou an, li menm ki chita sou twòn nan, epi gras a Mouton an”.
Tout zanj yo te kanpe toutotou
twòn nan ak ansyen yo ak kat vivan yo; yo lage kò yo sou fas yo devan twòn nan,
yo adore Bondye, yo di: “Amèn. Benediksyon, glwa, sajès, remèsiman,
konsiderasyon, pouvwa ak fòs pou Bondye nou an pou tout tan k’ap gen tan.
Amèn”.
Youn nan ansyen yo pran lapawòl,
li di m’: “Sa yo ki abiye ak rad blan, kilès yo ye, epi kote yo sòti?”
Mwen di l’: “Monseyè, ou konnen”.
Li di m’: “Sa yo se sa k’ vin sòti nan
gran tray la, yo lave wòb yo, yo blanchi yo nan san Mouton an”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS: 23, 1-2. 3-4ab. 5-6
R/ Sa a, se ras moun k’ap chèche fas ou yo, Granmèt.
Pou Granmèt la tè a ak sa k’
plen l’, fas tè a ak sa k’ abite ladan l’.
Sèke se li menm ki poze l’ sou
lanmè yo, ki rann li solid sou gran rivyè yo.R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt
la, oubyen kilès k’ap kanpe nan anplasman li ki sen an?
Moun ki gen men l’inosan ak kè l’
nèt, ki pa nonmen non l’ pou granmesi.R.
Moun sa a ap resevwa benediksyon
nan men Granmèt la,
ak sa k’ fè moun vin kòrèk la nan
men Bondye ki sove li a.
Sa
a se ras moun k’ap chèche l’ yo, k’ap chèche fas Bondye Jakòb la.R.
DEZYÈM
LEKTI
“N’ap wè Bondye jan l’ ye a”
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 3, 1-3
Nou menm mwen renmen anpil la:
Gade ki kalite renmen Papa a gen pou
nou: yo rele nou pitit Bondye, epi se sa nou ye.
Se pousa tè a pa rekonèt nou, paske li
pa rekonèt li.
Nou menm mwen renmen anpil la, koulye a
nou se pitit Bondye, men sa n’ap ye a pa ko parèt. Nou konnen, lè l’ap parèt,
n’ap sanble ak li, paske n’ap wè l’ jan l’ ye a.
Tout moun ki gen esperans sa a nan li, li
vin sen, menm jan sa a sen an.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Fè kè nou kontan, danse, paske
rekonpans nou anpil nan syèl la”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI
SEN 5, 1-12a
Lè sa a:
Jezi wè foul yo, li monte sou
mòn nan; kon l’ chita, disip li yo pwoche kote l’.
Li louvri bouch li, li kòmanse ba
yo lansèyman, li di:
“Ala kontantman pou moun ki pòv
gras a lespri a, paske se pou yo menm peyi Wa syèl la ye.
Ala kontantman pou moun ki dou yo,
paske yo menm y’ap posede tè a.
Ala kontantman pou moun ki nan
lapenn yo, paske yo menm y’ap jwenn konsolasyon.
Ala kontantman pou moun ki
grangou, ki swaf jistis la, paske yo menm y’ap jwenn kont yo.
Ala kontantman pou moun ki gen
mizerikòd yo, paske yo menm y’ap jwenn mizerikòd.
Ala kontantman pou moun ki san
tach nan kè yo, paske yo menm y’ap wè Bondye.
Ala kontantman pou moun k’ap
travay pou lapè, paske y’ap rele yo pitit Bondye.
Ala
kontantman pou moun k’ap soufri pèsekisyon poutèt jistis la, paske se pou yo
peyi wa syèl la ye.
Ala kontantman pou nou, lè y’ap
madichonnen nou, lè y’ap pèsekite nou, lè y’ap di tout kalite sa k’ mal kont
nou, antan y’ap fè manti poutèt mwen: fè kè nou kontan, danse, paske rekonpans
nou anpil nan syèl la”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Pandan tout ane a, Legliz la fete
fèt plizyè Sen. Pa ekzanp, gen Sent Vyèj Mari, Sen Pyè, Sent Klè, Sen Matye,
Sent Terèz, Sen Jak, elatriye. Lè Legliz la di “entèl se yon sen”, sa vle di, nou
rekonèt moun nan te viv tankou yon zanmi Bondye.
Jodi a n’ap fete fèt tout sen yo nèt, kit se
sen nou rekonèt, kit se sen nou pa rekonèt, men nou konnen yo la. Se sa
liv Apokalips la vle di lè l’ pale de «sankarant kat mil moun ki make» yo. Se
yon nimewo senbolik, ki egal a 12 fwa 12,000. Nimewo 12 la reprezante tout
tribi Izrayèl yo, sa vle di, syèl la plen zanmi Bondye. Syèl la
chaje sen ki sòti nan tout fanmi. Bondye rele nou chak pou nou vin sen tou.
Levanjil jodi a ap montre nou chimen an pou nou rive nan mitan foul la k’ap
gade fas Mouton an e k’ap chante glwa li san pran souf.
LAPRIYÈ: Bondye ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout
tan, ou menm ki fè nou favè pou nou fè lwanj merit tout Sen ou yo nan yon sèl
fèt, n’ap mande ou, tanpri, pou, antan yo tout ansanm ap lapriyè pou nou, pou
ou fè nou jwenn chaj padon ou nou anvi a. Konsa n’a blanchi wòb nou nan san
Mouton ou an ki san tach la. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap fè
jefò pou m’ viv tankou yon zanmi Bondye, daprè lansèyman Levanjil la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario