Páginas

SAMDI 2-11-2019


Koulè vyolèt
Souvni tout fidèl defen yo.
PREMYE LEKTI
"Devan je moun san konprann yo, yo sanble mouri, epoutan yo menm yo nan lapè".
LEKTI LIV LASAJÈS 3, 1- 9
Men nam moun ki kòrèk yo menm se nan men Bondye yo ye, tray lanmò p’ap touche yo. Devan je moun san konprann yo, yo sanble mouri; lè yo pati kite tè sa a menm, moun yo konsidere sa tankou yon malè; lè yo pati kite nou y’al fè wout yo a, sa parèt kòm si yo te peri; epoutan yo menm yo nan lapè; epi si devan moun yo, yo sibi tray, yo gen kont esperans yo p’ap janm mouri.
Yo pase mizè nan kèk bagay men y’ap jwenn bon sitiyasyon anpil, paske Bondye te eseye yo epi li te jwenn yo kòrèk pou li. Tankou lò nan founèz dife, Bondye eseye yo, epi tankou kado sakrifis antye, li aksepte yo; lè tan an ap rive, y’ap klere. Moun ki kòrèk yo ap klere, epi tankou etensèl y’ap kouri nan dife; y’ap jije nasyon yo, y’ap kòmande sou pèp yo, Granmèt yo a ap kòmande kòm wa pou tout tan.
Moun ki met konfyans nan li, y’ap konprann verite a. Moun ki fidèl yo ap ret avèk li nan renmen an, paske li bay gras ak lapè pou sa yo li chwazi a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 27, 1, 4, 7-9, 13-14
R/ Granmèt la se limyè mwen, se li ki delivrans mwen.
Granmèt la se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè?
Se Granmèt la k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble? R/
Mwen mande Granmèt la yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil:
Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Granmèt la, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen,
pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a. R/
Granmèt la, tande m' non lè m'ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non!
Ou pale nan kè m', ou di m' vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Granmèt la. R/
Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k'ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen.
Pa kite m' pou kont mwen, pa lage m'. R/
Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m' wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li.
Mete espwa ou nan Granmèt la! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Granmèt la! R/
DEZYÈM LEKTI
Nan Lèt Apot Pòl pou Women yo 5, 1-11
Koulye a, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an. Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n'ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li.
Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri. Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouraj pou nou soufri. Plis nou gen kouraj, se plis nou gen espwa. Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l' renmen nou lè li ban nou Sentespri li. Se konsa, lè nou pa t' kapab fè anyen pou tèt pa nou, Kris la mouri pou tout moun ki meprize Bondye, nan tan Bondye te fikse pou sa te rive a.
Se pa fasil pou ou jwenn yon moun asepte mouri pou yon nonm ki gen rezon. Ou ta ka jwenn yonn konsa ki ta gen kouraj mouri pou yon nonm debyen. Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou. Se paske li bay san li pou nou kifè koulye a Bondye fè nou gras. Nou pa bezwen mande si Kris la p'ap delivre nou tou anba kòlè Bondye.
Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l' te fè nou byen ak Bondye ankò. Koulye a nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou.
Epi se pa sa sèlman. Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi koulye a.
LEVANJIL
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN 11, 17-27
Lè Jezi rive, li jwenn Laza te gen tan antere depi kat jou.Betani te yon ti bouk toupre lavil Jerizalèm, twa kilomèt konsa, pa plis.  Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a.  Lè Mat vin konnen Jezi t'ap vini, li pati, li al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la.  Mat di Jezi konsa: Mèt, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri non.  Men, mwen konn sa: menm koulye a, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li. Jezi di li: Frè ou la va leve vivan ankò.
Mat reponn li: Wi, mwen konn sa. Li gen pou l' leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve. Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa? Mat reponn li: Wi, Seyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini sou latè a.  
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario