Páginas

DIMANCH 3-11-2019


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Ou pran pitye pou tout moun, paske ou renmen tout bagay ki ekziste”.
NAN LIV LASAJÈS 11, 23-12, 2
Granmèt, tankou yon ti grenn sab sou balans, konsa tout tè a ye devan ou, tankou gout lawouze granmaten, k’ap desann sou tè a. Men ou pran pitye pou tout moun, paske ou kapab fè tout bagay, ou padonnen peche moun yo lè yo regrèt. Ou renmen tout bagay ki ekziste, ou pa rayi anyen nan sa ou fè yo, ou pa kapab rayi anyen nan sa ou met kanpe, nan sa ou fè.
Kijan yon bagay kapab dire si se pa ou menm ki vle? oubyen kijan li ta kapab konsève ekzistans li, si ou pa t’ rele l’? Ou pran pitye pou tout bagay, paske se pou ou yo ye, Granmèt, ou menm ki renmen nanm yo.
Ala bon, ala dou, Granmèt, Espri ou ye nan tout bagay! Se pousa moun ki devye yo, ou korije yo tou dousman; moun ki fè peche yo, ou fè yo obsèvasyon, ou pale avèk yo, pou yo kite mechanste a, pou yo kwè nan ou, Granmèt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 1-2. 8-9. 10-11. 13cd-14
R/ M’ap fè lwanj pou non ou tout tan, Bondye mwen ki wa.
M’ap fè lwanj ou, Bondye m’, wa mwen, m’ap fè konpliman pou non ou pou tout tan ak tout tan gen tan.
Chak jou m’ap fè konpliman pou ou, m’ap fè lwanj pou non ou pou tout tan ak tout tan gen tan.R.
Granmèt la gen pitye, li gen mizerikòd, li gen pasyans, li gen anpil mizerikòd.
Granmèt la bon pou tout moun, kè l’ sansib pou tout sa l’ fè.R.
Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, tout sa ou fè yo; sen ou yo ap fè konpliman pou ou.
Y’ap deklare glwa peyi wa w’ la, y’ap anonse pouvwa ou. R.
Peyi wa w’ la, se peyi wa tout tan kòmandman ou nan pou jenerasyon ak jenerasyon.
Granmèt la soulaje tout moun ki tonbe, li drese tout moun ki febli.R.
DEZYÈM LEKTI
“Se pou non Jezikri jwenn glwa li nan nou, epi nou menm nan li”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU TESALONISYEN YO 1, 11-2, 2
Frè m’ yo:
M’ap priye pou nou tout tan, pou Bondye nou an jwenn nou alawotè rele li rele nou an, pou l’ reyalize ak pouvwa l’ tout byen nou vle fè a ansanm ak travay lafwa a, dekwa pou non Granmèt nou Jezikri jwenn bèlte l’ nan nou, epi nou menm nan li, daprè gras Bondye nou an ak Granmèt Jezikri.
Frè m’ yo, poutèt sa k’ap vini an, ni Granmèt nou Jezikri ni rasanbleman nou nan li a, mwen mande nou pou nou pa prese pèdi bon sans nou, pou nou pa twouble poutèt yon espri, yon pawòl osinon yon lèt ki ta swadizan vin sot nan nou, pou di jou Granmèt la rive.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Pitit moun nan vini pou l’ chèche, pou l’ sove sa k’ te pèdi a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK  KI SEN 19, 1-10
Lè sa a:
Jezi antre Jeriko, l’ap travèse vil la. Yon mesye yo rele Zache, ki te chèf kolektè yo, li te rich, li t’ap chèche wè Jezi, kilès li ye, li pa t’ kapab akòz foul la, paske li te tou kout. Li kouri devan, li monte sou yon pye figye, pou l’ wè l’, paske li te gen pou l’ pase la.
Lè Jezi rive kote sa a, li leve je l’, li wè l’, li di l’: “Zache, fè vit, desann, paske jodi a se lakay ou mwen gen pou m’ rete”. Li fè vit, li desann, li resevwa l’ avèk kè kontan. Lè tout moun wè sa, yo t’ap kritike, yo t’ap di se kay yon pechè l’al manje.
Zache menm kanpe, li di Granmèt la: “Men mwatye byen m’ yo, Granmèt, mwen bay pòv yo; si m’ te vòlè yon moun, mwen renmèt li kat fwa plis”.
Jezi menm di l’: “Jodi a sove a rive pou kay sa a, paske li menm tou se yon pitit Abraam. Sèke Pitit moun nan vini pou l’ chèche, pou l’ sove sa k’ te pèdi”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario