Páginas

LENDI 4-11-2019


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Bondye fèmen tout bagay nan dezobeyisans, pou l’ kapab padonnen tout moun".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 11, 29-36
Frè m’ yo:
Kado Bondye yo avèk rele li rele moun yo, li pa tounen sou sa. Menm jan lontan nou pa t’ kwè nan Bondye, men koulye a menm nou jwenn mizerikòd poutèt yo menm yo pa kwè a; konsa tou yo menm koulye a yo pa kwè poutèt nou jwenn mizerikòd la, men se pou yo ka jwenn mizerikòd yo menm tou. Paske Bondye fèmen tout bagay nan dezobeyisans, pou l’ pran pitye pou tout moun.
Ala gran li gran richès sajès ak syans Bondye a! Yo pa kapab konprann jijman l’ yo, yo pa kapab sonde chemen l’ yo! Ki moun ki te konnen finès Espri Granmèt la? Oubyen ki moun ki te ba l’ konsèy? Oubyen ki moun ki te fè l’ favè anvan, pou l’ blije renmèt li sa? Sèke se nan sous li, se pa lentèmedyè l’, se nan li menm tout bagay ekziste. Konpliman pou li pou tout tan! Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
68, 30-31. 33-34. 36-37 (r.: 14cd)
R/ Nan pakèt mizerikòd ou a, ou koute m’, Granmèt.
Mwen menm mwen pòv, m’ap soufri;
Bondye, se pou sekou w’ la resevwa m’.
M’ap fè lwanj pou non Bondye avèk kantik,
M’ap fè konpliman pou li avèk lwanj.R.
Pòv yo ap wè sa, y’ap fete;
Chèche Bondye, se pou kè nou viv.
Paske Granmèt la koute pòv yo,
Li pa meprize prizonye l’ yo.R.
Paske Bondye ap sove Siyon,
L’ap bati vil Jida yo;
Y’ap abite ladan l’, y’ap posede l’.
Ras sèvitè l’ yo ap eritye l’,
Moun yo ki renmen non l’ yo, y’ap abite nan li.R.
LEVANJIL
"Pa rele zanmi nou, men pòv yo ak malad yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 14, 12-14
Lè sa a:
Jezi t’ap di yon chèf farizyen yo ki te envite l’:
"Lè w’ap fè yon dine oubyen yon soupe, pa envite zanmi ou yo ni frè ou yo ni fanmi ou yo, ni vwazen ou yo ki rich yo, pou yo menm yo pa riske envite ou tou, pou yo renmèt ou politès la. Men, lè w’ap fè yon resepsyon, envite pòv yo, malad yo, bwate yo, avèg yo. Ala kontantman pou ou, paske yo pa gen pou renmèt ou; w’a jwenn rekonpans ou nan rezireksyon moun kòrèk yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario