Koulè Blan
TRANNKATRIYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ
ANE-C
GRANMÈT NOU
JEZIKRI, WA TOUT TÈ A
(Gran
fèt)
PREMYE LEKTI
“Yo sakre David kòm wa sou
Izrayèl”.
NAN DEZYÈM
LIV SAMYÈL 5, 1-3
Jou sa yo:
Tout ras
Izrayèl yo rive kot David nan vil Ebwon, yo di: “Men nou se zo ou ak chè ou.
Depi ni yè ni avantyè, lè Sayil te wa sou nou an, se ou menm ki t’ap kondui
Izrayèl antre-sòti; Granmèt la di ou: “Se ou menm k’ap kondui pèp mwen Izrayèl,
se ou menm k’ap chèf sou Izrayèl”.
Ansyen
Izrayèl yo vin kot wa a tou Ebwon, David pase yon kontra avèk yo Ebwon devan
Granmèt la, yo sakre David kòm wa sou Izrayèl.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 121, 1-2. 4-5
R/ Ak kè kontan
n’a prale nan kay Granmèt la.
Mwen kontan
poutèt yo di m’: “Nan kay Granmèt la n’a prale”.
Pye nou deja
kanpe nan pòt ou yo, Jerizalèm.R.
Sèke se la
ras yo ap monte, ras Granmèt la, temwayaj Izrayèl, pou fè lwanj non Granmèt la.
Sèke se la
twòn yo enstale pou jijman an, twòn kay David la.R.
DEZYÈM LEKTI
“Li fè nou travèse nan peyi wa Pitit li renmen
an”
NAN LÈT APOT
PÒL POU KOLOSYEN YO 1, 12-20
Frè m’ yo:
Mwen di
Bondye Papa a mèsi, li menm ki fè nou merite jwenn pòsyon nan eritaj sen yo nan
limyè a, li menm ki delivre nou sot nan pouvwa fènwa yo, li fè nou travèse nan
peyi wa Pitit li a li renmen an; se nan Pitit sa a nou gen redanmsyon pa pouvwa
san l’, padon pou peche yo.
Li se pòtre
Bondye yo pa kapab wè a, premye pitit ki te la anvan tout sa Bondye te kreye;
paske se nan li tout bagay kreye nan syèl la ak sou tè a, sa yo kapab wè ak sa
yo pa kapab wè, swa twòn, swa otorite, swa chèf, swa pouvwa: tout bagay se pou
li menm, se nan li menm yo kreye, li menm li anvan yo tout, epi tout bagay se
nan li menm yo kanpe nan ekzistans la.
Li menm li se
tèt kò Legliz la, li se premye kòmansman an, premye pitit nan pami mò yo, pou
l’ kapab kenbe premye plas nan tout bagay; paske se nan li Bondye te deside pou
tout bagay nèt abite, pou l’ rekonsilye tout bagay nan li, antan l’ fè lapè
gras a san kwa l’ la, avèk ni sa k’ sou tè a, ni sa k’ nan syèl la.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
“Granmèt, sonje m’, lè w’ap vini nan peyi wa w’
la”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 23, 35- 43
Lè sa a:
Chèf yo
ansanm ak pèp la t’ap pase Jezi nan jwèt, yo t’ap di: “Li sove dòt, se pou l’
sove pwòp tèt li, si l’ se Kris Bondye a, sa k’ chwazi a”.
Sòlda yo tou
t’ap pase l’ nan jwèt, yo pwoche, yo ofri l’ vinèg, yo di: “Si ou se wa Juif
yo, sove pwòp tèt ou”. Te gen yon pannkat ki te ekri anlè l’ ak mo grèk, laten
ak ebre: “Sa a se wa Juif yo”.
Youn nan
asasen yo ki te pandye bò kote l’ la, li t’ap derespekte l’, li t’ap di: “Si ou
se Kris la, sove pwòp tèt ou avèk nou”.
Lòt la menm
reponn, li fè l’ repwòch, li di l’: “Ou menm tou, ou pa krenn Bondye, ou menm
ki nan menm kondanasyon an?
Nou menm, se
kòrèk paske nou resevwa daprè sa nou te fè a; men li menm li pa fè anyen ki
mal”.
Li t’ap di
Jezi: “Granmèt, sonje m’, lè w’ap vini nan peyi wa w’ la”.
Jezi di l’:
“Amèn, mwen di ou, jodi a menm w’ap avèk mwen nan Paradi a”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a se gran fèt,
fèt Granmèt nou Jezikri ki Wa, k’ap kòman Linivè a. Fèt sa a mete fen nan Ane
litijik “C” a. Legliz la envite n’ fè lwanj ak konpliman pou Jezi ki Wa nan kè
nou, ki Wa sou tout sa ki kreye. Sa fè n’ sonje misyon nou resevwa kòm kretyen
pou travay nan konstwiksyon Wayòm Bondye, Wayòm jistis, kè kontan, kè poze, kè
sansib, renmen ak padon.
Nan
premye lekti a nou wè tout ras Izrayèl la vin kote David pou yo mete l’ wa. Sa
ki gen pou l’ gouvène pèp la, pou defann li kont tout nasyon etranje k’ap
oprime l’ oubyen mete li nan esklavaj; yon wa ki dwe gouvène pèp la nan sa ki
dwat ak nan laverite. Pèp la fè wa David konnen se Bondye ki chwazi l’ pou l’
gouvènen. David vin fè Jerizalèm tounen Sant pouvwa li a aprè l’ fin pote
laviktwa sou moun Kanaan yo ki te okipe tèritwa Jerizalèm nan. David vin tounen
wa ki fè moun nan Nò yo ak moun nan Sid yo vin fè yon sèl pèp.
Fèt
Kris wa a envite n’ reflechi sou Jezikri, Pitit David la ki se Wa tout tè a, ki
vin anonse yon nouvo gouvènman nan mitan lèzòm. Li menm ki vini nan mitan pèp
la pou l’ sèvi moun, libere moun anba tout kalite pwoblèm ki t’ap trakase yo
nan kò yo (maladi), nan lespri yo ak nan nanm yo (move lespri ak rayisans). Jezi ki sòti nan menm
ras David la, montre anpil volonte pou l’ fè sa Bondye mande l’. Menm jan David
te yon wa daprè kè Bondye, Jezi te deklare: «Nouriti mwen, se fè volonte Papa m’» (Jan 4:34).
Jezi
kòm Wa chwazi kòm twòn li yon kwa, kòm kouwòn li yon lyann pikan ki trese, kòm
zam batay li renmen ak kè sansib li. Menm jan pèp la te di wa David: “Nou se zo w’ ak chè w”, nouvo pèp sa a
Jezi t’ap sèvi a, sa yo ki kwè nan li a ki resevwa batèm nan pou padon peche
yo, yo menm ki kominye nan kò l’ ak nan san’ l pou yo ka vin tounen, jan Sen
Ogisten te di a: “Kò ak San JeziKri n’ap
resevwa a”. Sa fè n’ sonje tou sa Sen Pòl te di a: “Nou
chak ki batize nou se manm kò Kris la”. Legliz la, nouvo pèp Bondye a kapab
di menm jan ak pèp Izrayèl la: “Nou se
chè w’ ak zo w’, nou se pye w’ ak bouch ou pou n’ mache anonse Bòn Nouvèl wayòm
nan”.
Fèt Kris wa a fè n’ sonje
kòman lavi nou makonnen ak lavi Jezikri nan sèvis lòt yo, nan travay pou Lapè
ak Lajistis sou fas tè a, nan pote Bòn Nouvèl kè sansib Jezikri a, nan
temwanyaj laverite a, nan pwoklame mèvèy soufrans, lanmò ak leve byen vivan
Kris la, mèvey lakominyon nan Sila a ki vin rasanble limanite nan yon sèl pèp
k’ap obeyi yon sèl Granmèt, sila a ki monte nan syèl la e k’ap kòmande pou tout
tan bò kote Papa a, nan kominyon avèk tout sen yo ak tout zanj yo ki soumèt
devan li nan bèlte l’ ak nan otorite l’ genyen anlè tout bagay.
Nou vle sonje ki chemen
Jezi te pase pou l’ te pote Bòn Nouvèl peyi kote Bondye Wa a, kote li menm l’ap
kòmande ansanm ak Papa a ansanm ak Lespri Sen an, kote li envite nou tout ki
kwè yo antre nan bèlte sa. Kidonk nou dwe travay pou sa, nan fè aksyon konkrè
ki reflete deja prezans wayòm Bondye a.
LAPRIYÈ: Bondye ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout tan, ou menm ki vle refè tout
bagay nan Pitit ou a, ou renmen an, li menm ki wa tout bagay, tanpri, fè nou
favè avèk bon kè ou, pou tout sa ou te kreye yo jwenn delivrans anba esklavaj
la, pou yo sèvi grande ou, pou yo fè lwanj ou san rete. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON: Granmèt
la voye n’ ranpli misyon levanjelizasyon nan mitan pèp li a ak yon atitid moun
k’ap sèvi! Mwen dwe yon sèvitè pou lòt yo, mwen pa dwe tann se yo ki sèvi m’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario