Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
“Yo pa jwenn tankou Danyèl,
Ananyas, Mizayèl avèk Azaryas”
KÒMANSMAN LIV PWOFÈT DANYÈL 1, 1-6. 8-20
Sou twazyèm ane Joakim, wa Jida a,
Nabikodonozò, wa Babilòn nan, rive Jerizalèm, li bloke l’. Granmèt la renmèt
Joakim, wa Jida-a, nan men l’, ak yon pòsyon nan vesèl sakre kay Bondye a.
Nabikodonozò pote yo nan peyi Sinea, nan kay dye pa l’ yo, li depoze vesèl
sakre yo nan chanm richès dye pa l’ yo.
Wa a di Asfenèz, sa a ki te chèf
sèvitè yo, pou l’ vini avèk kèk ti moun ki sòti nan pitit Izrayèl yo ak nan ras
wa yo ak chèf yo. Yo pa t’ dwe gen okenn tach nan yo, se pou yo te gen bèl
figi, pou yo te gen konesans nan tout kalite sajès, solid nan syans, savan nan
ansèyman, epi ki ta kapab rete nan palè wa a. Asfenèz ta aprann yo lèt ak
langaj Kaldeyen yo. Wa a te pase lòd pou chak jou yo te ba yo yon pòsyon
nan manje pa l’ yo ak nan diven li te konn bwè li menm, pou yo swen yo pandan
twazan, aprè sa yo te gen pou yo te kanpe devan fas wa a.
Nan pami yo, te gen kèk nan
pitit Jida yo: Danyèl, Ananyas, Mizayèl avèk Azaryas. Danyèl pran desizyon nan
kè l’ pou l’ pa sal tèt li avèk manje ki sot sou tab wa a, ni ak diven l’ap
bwè; li mande chèf sèvitè yo pèmisyon pou l’ pa sal tèt li. Bondye bay Danyèl
favè ak mizerikòd devan fas chèf sèvitè yo. Chèf sèvitè yo di Danyèl: “Mwen pè
mèt mwen, wa a, li menm ki fikse manje nou ak bwason nou; si l’ wè figi nou pi
fennen pase lòt ti moun yo ki menm laj avèk nou yo, n’ap fè fot la tonbe sou
tèt mwen devan wa a”.
Danyèl di Malasa, li menm chèf
sèvitè yo te mete kòm responsab Danyèl, Ananyas, Mizayèl avèk Azaryas: “Tanpri,
ou mèt eseye sèvitè ou yo pandan dis jou, yo mèt ba nou legim pou nou manje ak
dlo pou nou bwè; w’a gade figi nou ak figi ti moun yo k’ap manje nan manje wa
a, epi w’a aji avèk sèvitè ou yo daprè sa w’ a wè”.
Lè l’ tande pawòl sa a, li eseye
yo pandan dis jou. Aprè dis jou reyèlman, figi yo vin parèt pi bèl, pi gwo pase
tout lòt ti moun yo ki t’ap manje nan manje wa a; konsa Malasa wete manje ak
bwason diven yo, li ba yo legim nan plas yo.Timoun sa yo menm, Bondye ba yo
syans ak ladrès nan tout kalite liv ak sajès; kanta pou Danyèl menm li te gen
entelijans pou l’ konprann vizyon ak rèv. Lè jou yo rive, daprè limit wa a te
fikse pou fè yo antre a, chèf sèvitè yo mennen yo devan Nabikodonozò.
Lè wa a pale avèk yo, nan yo
tout yo pa jwenn tankou Danyèl, Ananyas, Mizayèl avèk Azaryas; yo kanpe devan
fas wa a. Tout pawòl sajès ak entelijans wa a mande yo, li jwenn li nan yo dis
fwa plis pase nan tout chalatan ak majisyen yo, ki te nan tout peyi wa l’ la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS
Dn 3,
52. 53. 54. 55. 56
Konpliman
pou ou, Granmèt, Bondye papa nou yo,
R/ Ou merite lwanj, ou merite glwa,
ou depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Konpliman pou non glwa ou ki sen
an,
R/ Ou merite lwanj, ou depase tout sa
k’ gran pou tout tan.
Konpliman pou ou Tanp glwa w’ la
ki sen an,
R/ Ou merite lwanj depase, ou anlè
tout glwa pou tout tan.
Konpliman pou ou nan twòn peyi wa
w’ la,
R/Ou merite lwanj depase, ou anlè
tout sa k’ gran pou tout tan.
Konpliman pou ou, ki ekzamine
bafon yo, ki chita anlè Cheriben yo,
R/ Ou merite lwanj, ou anlè tout sa
k’ gran pou tout tan.
Konpliman pou ou nan platfòm
syèl la,
R/ Ou merite lwanj, ou merite glwa
pou tout tan.
LEVANJIL
“Li wè yon pòv vèv k’ap mete de
ti pyès lajan”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
21, 1 - 4
Lè sa a:
Jezi gade, li wè moun yo k’ap
mete kado yo nan kèt la, yo te rich; men li wè tou yon pòv vèv k’ap mete de ti
pyès lajan.
Li di: “Mwen di nou sa: vrèman
vèv sa a mete plis pase yo tout; sèke yo tout se nan sa yo gen an plis yo pran
pou yo mete nan kado Bondye yo, men sa a menm se nan mizè l’, tout sa l’ te gen
pou l’ viv, li pran l’ bay”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Vrè pataj la, se
sa ki touche dimansyon kè nou, se motivasyon renmen an. Konsa, an nou eseye
konprann bezwen ak nesesite sila yo ki bò kote nou, pou nou ka pataje ak yo
selon mezi posiblite nou. Petèt nou ka pa gen lajan, men nou ka bay yon konsèy
ki vo plis ke lajan, nou ka rann yon moun yon sèvis ki fè kè li kontan. Sa vo
plis ke milyon dola.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri aprann nou pataje sa nou ye ak sa nou genyen puiske tout
richès nou genyen se nan ou li sòti.
AKSYON: Pataje sa ou genyen ak yon moun ki nan bezwen, pa ba li bagay ki pa
bon; pataje sa ki gen plis valè ak li. Bondye va renmèt ou sa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario