Koulè
Vèt
PREMYE
LEKTI
“Bondye ap fè yon peyi wa leve,
li p’ap janm gaye, l’ap vale tout peyi wa yo”
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL
2, 31-45
Jou sa yo: Danyèl di
Nabikodonozò: “Ou menm, wa, ou te wè, se te
yon gran pòtre moun; gran pòtre moun nan bèl wotè te kanpe an fas ou, aparans
li te fè moun pè. Tèt pòtre moun sa a te fèt avèk lò pi bon kalite, pwatrin nan
menm ak bra yo te fèt ak lajan, vant la ak kuis yo te fèt ak kuiv, janm yo menm
te fèt ak fè, yon pati pye yo se te fè, lòt pati a se te labou yo kuit.
Konsa ou t’ap gade, joustan yon
wòch detache sot sou mòn nan san men moun pa touche l’, li frape pòtre moun nan
nan pye l’ yo ki te fèt ak fè ak labou kuit la, li kraze yo. Lè sa a atò, ni fè
a kraze, ni labou kuit la, ni kuiv, ni lajan, ni lò, yo vin tounen tankou pay
nan tan cho sou glasi, sa van an ap bwote a, yo pa kite okenn mak; kanta pou
wòch la menm, ki te frape pòtre moun nan, li vin tounen yon gran mòn, li plen
tout tè a.
Sa a se rèv la. N’ap bay
sans li tou devan ou, wa. Ou menm ou se wa lòt wa yo, Bondye syèl la te ba ou
peyi wa ak pouvwa ak kòmandman ak glwa, tout kote pitit moun yo abite, ni bèt
bwa yo, ni zwazo syèl yo, li renmèt yo nan men ou, li enstale tout bagay anba
lòd ou; konsa se ou menm ki tèt ki fèt ak lò a. Aprè ou gen yon lòt peyi wa
k’ap leve, k’ap pi piti pase ou, se lajan an; epi yon twazyèm peyi wa se kuiv
la, l’ap kòmande sou tout tè a; epi yon katriyèm peyi wa ap tankou fè. Tankou
fè kraze tout bagay, konsa l’ap kraze, l’ap detwi tout sa yo.
Kòm ou wè yon pati pye yo ak dwèt
yo fèt ak labou kuit epi lòt pati a fèt ak fè, peyi wa a ap separe; l’ap gen
menm kalite ak fè, jan ou wè fè a ki mele ak labou kuit la. Pou dwèt pye yo ki
fèt yon pòsyon ak fè, lòt la ak labou kuit la, sa vle di peyi wa a ap solid sou
yon bò, l’ap kraze sou lòt bò a. Jan ou wè fè a melanje ak labou kuit la, y’ap
melanje ak ras lèzòm, men yo p’ap antann yo, menm jan fè pa kapab melanje ak
labou yo kuit.
Men nan jou peyi wa sa yo, Bondye
syèl la ap fè yon peyi wa kanpe, ki p’ap janm gaye, peyi wa l’ la p’ap pase nan
men lòt pèp, okontrè l’ap kraze, l’ap vale tout peyi wa sa yo, men li menm menm
l’ap kanpe pou tout tan. Daprè jan ou wè a, wòch la ki detache sot sou mòn nan
san men pa touche l’ la, epi li kraze ni labou kuit, ni fè, ni kuiv, ni lajan,
ni lò a, Bondye ki gran an montre wa a sa k’ap rive aprè; rèv la vrè, sans li
ekzak”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
Dn 3, 57,
58. 59. 60. 61
Fè
konpliman pou Granmèt la, tout travay Granmèt la.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase
tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la,
zanj Granmèt la.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase
tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la,
syèl yo.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase
tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la,
tout dlo yo ki anlè syèl yo.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase
tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, tout
pouvwa Granmèt la.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase
tout sa k’ gran pou tout tan.
LEVANJIL
“P’ap rete wòch sou wòch”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
21, 5-11
Lè sa a:
Kèk nan disip yo t’ap pale sou
Tanp la, kijan li gen bèl wòch, kijan li dekore avèk kado. Jezi di: “Bagay sa
yo nou wè a, gen jou k’ap rive, p’ap rete wòch sou wòch nan yo ki p’ap detwi”.
Yo t’ap poze l’ kesyon, yo t’ap
di: “Mèt, kilè bagay sa yo ap rive, epi ki siy k’ap fè konnen lè y’ap kòmanse?”
Li di: “Atansyon pa kite yo twonpe
nou; sèke anpil moun ap vini o non m’, y’ap di: “Se mwen menm, epi tan an ap
rive”; pa suiv yo. Lè n’ap tande y’ap pale sou lagè ak revòlt, pa pè: bagay sa yo
gen pou yo rive anvan, men se p’ap toutsuit finisman an”.
Lè sa a li t’ap di yo: “Nasyon ap
leve kont nasyon, peyi wa kont peyi wa. Ap gen gran tranbleman tè kèk kote,
epidemi, grangou, ap gen bagay ki sot nan syèl la k’ap fè moun tranble, epi
gran mèvèy”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Nou
kòmanse ap li lekti apokaliptik yo ki rakonte nou kijan fen tan yo ap ye. Nan
fason sa Legliz la vle raple nou tout bagay genyen yon finisman; men li enpòtan
pou nou prepare nou dekwa pou nou pa soufri lè sa rive, pou nou pa di nou pa t’
konnen, paske pwovèb kreyòl la di nou «si m’ te konnen toujou dèyè», oubyen
«malè avèti, pa touye kokobe».
Kidonk, nou dwe toujou chèche fè
sa ki bon, sa ki byen, antan n’ap chèche fè volonte Bondye. Se chak jou pou nou
evalye tèt nou pou wè si pawòl nou ak aksyon nou yo koresponn ak sa Bondye vle.
LAPRIYÈ: Granmèt ede nou travay nan konstwiksyon peyi
wa w’ la, pou lapè, jistis ak renmen kapab blayi toupatou. Pa pouvwa Jezikri.
Amèn
PWOPOZISYON: M’ap kolabore
pou chache solisyon yon gwo pwoblèm ki prezante nan fanmi mwen oubyen nan
sosyete a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario