Páginas

MÈKREDI 27-11-2019


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Gen dwèt ki parèt tankou men moun k’ap ekri”.
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL
5, 1-6. 13-14. 16-17. 23-28
Jou sa yo:
Wa Baltaza fè yon gran resepsyon pou chèf li yo, yo te mil, chak moun t’ap bwè diven daprè laj li. Lè l’ kòmanse chofe, Baltaza pase lòd pou yo pote vesèl sakre ki fèt ak lò ak lajan, sa papa l’ Nabikodonozò te pote sot nan Tanp ki te Jerizalèm nan, pou yo bwè nan yo, ni wa a ni chèf li yo, ni madanm li yo ni metrès li yo.
Konsa yo pote vesèl lò yo ak lajan yo, sa yo te pran sot nan Tanp la ki te Jerizalèm nan, epi yo bwè nan yo, ni wa a ni chèf li yo, ni madanm li yo, ni metrès li yo. Yo t’ap bwè diven, yo t’ap fè lwanj dye yo ki fèt ak lò ak lajan, ak kuiv, ak fè, ak bwa ak wòch.
Menm lè sa a, vin gen dwèt ki parèt, tankou men moun k’ap ekri anfas etajè lanp la, nan fasad miray palè wa a; wa a menm t’ap gade mouvman men k’ap ekri a. Lè sa a fas wa a chanje, espri l’ twouble, jwenti ren l’ febli, jenou l’ frape youn kont lòt.
Yo mennen Danyèl devan wa a, wa a pale avèk li, li di: “Ou se Danyèl, youn nan pitit Jida yo yo mennen nan ekzil yo, sa papa m’ wa a mennen sot Jida yo? Mwen tande pale sou ou, kijan ou gen espri dye yo; syans, entelijans ak sajès, yo jwenn sa anpil nan ou. Konsa mwen tande pale sou ou, ou kapab bay sans bagay ki pa klè, ou kapab defèt sa k’ mare; konsa si ou kapab li sa k’ ekri a epi ou ban m’ sans li, y’ap abiye ou ak vlou wouj, w’ap gen chenn lò nan kou ou, w’ap twazyèm chèf nan peyi wa m’ nan”.
Danyèl reponn, li di wa a: “Kado ou yo mèt ret pou ou, ofrann kay ou a ou mèt bay lotèl la yo; men sa k’ ekri a, m’ap li l’ ba ou, wa, epi sans li, m’ap montre ou li. Ou leve kont Sa a ki Chèf syèl la, yo pote vesèl sakre kay li yo devan ou, epi ou menm ak chèf ou yo ak madanm ou yo ak metrès ou yo, nou bwè diven nan yo; dye yo ki fèt ak lajan, ak lò, ak kuiv, ak fè, ak bwa, ak wòch, ki pa wè, ki pa tande, ki pa santi, ou fè lwanj yo; men Bondye menm, ki gen souf ou nan men l’, ni tout wout ou yo, ou pa fè lwanj li; se pousa li voye dwèt men an, ki ekri sa k’ trase a.
Ekriti a ki make a, men li: Mane, Tesèl, Farès, epi men sans pawòl la: Mane, Bondye konte peyi wa w’ la, li fè l’ rive bout li; Tesèl, yo peze ou nan balans, yo jwenn ou pa gen anpil pwa; Farès, yo separe peyi wa w’ la, yo renmèt li bay Mèd ak Pès yo”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
Dn 3, 62. 63. 64. 65. 66. 67
Fè konpliman pou Granmèt la, solèy ak lalin nan.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, zetwal syèl la.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, tout lapli ak lawouze.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, tout espri Bondye yo.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, dife ak chalè.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, fredi ak chalè.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
LEVANJIL
“Tout moun ap rayi nou poutèt non mwen, men yon cheve nan tèt nou p’ap pèdi”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21, 12-19
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Y’ap met men sou nou, y’ap pèsekite nou, y’ap renmèt nou nan sinagòg yo ak nan prizon yo, y’ap trennen nou devan wa yo ak prefè yo poutèt non mwen; sa ap ba nou okazyon pou nou temwaye. Mete sa byen nan kè nou, pa prepare sa n’ap reponn. Se mwen menm k’ap ba nou yon bouch ak sajès ki fè tout ènmi nou yo p’ap kapab reziste nou, ni demanti nou.
Epi sa k’ap trayi nou, se paran nou, frè nou, fanmi nou, zanmi nou; y’ap touye kèk nan nou; tout moun ap rayi nou poutèt non mwen, men yon cheve nan tèt nou p’ap peri: nan pasyans nou n’ap jwenn lavi nou”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan finisman levanjil la Jezi di nou “nan pasyans nou n’ap jwenn lavi nou”. Sa fè nou konprann efò n’ap fè, se pa pou granmesi, nou p’ap pèdi li, n’ap jwenn rekonpans nou kan menm. Si nou kiltive pasyans, si nou sibi tout kalamite ak pèsekisyon akoz yo pa konprann nou, rekonpans dènye jou a va ba nou rezon.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri voye Lespri Sen w’ nan vin anime mwen pou mwen kapab ranpli wòl mwen kòm disip-misyonè.
PWOPOZISYON: Mwen p’ap kite sosyete entimide m’, m’ap fè sa Bondye mande m’ fè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario