PREMYE LEKTI
“Swa n’ap viv, swa nou mouri, se pou Granmèt la nou
ye”.
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 14, 7-12
Frè m’ yo:
Pèsonn nan
nou pa viv pou pwòp tèt li, epi pèsonn pa mouri pou pwòp tèt li. Paske si n’ap viv, se pou Granmèt la n’ap viv, si nou mouri, se pou
Granmèt la nou mouri. Konsa, swa n’ap viv, swa nou mouri, se pou Granmèt la nou
ye.
Se pou sa
reyèlman Jezikri mouri, li leve, pou l’ kòmande ni moun ki mouri yo ni moun ki
vivan yo. Ou menm menm nan, pouki sa w’ap jije frè w’ la oubyen ou menm pouki
sa w’ap meprize frè w’ la? Sèke nou tout n’ap konparèt devan tribinal Jezikri
a.
Reyèlman, sa
ekri: “Mwen vivan, deklarasyon Granmèt la, paske tout jenou ap plwaye devan m’,
tout lang ap fè lwanj Bondye”. Konsa chak moun nan nou ap rann Bondye kont pou
pwòp tèt pa l’.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS: 26, 1. 4. 13-14
R/ Mwen kwè m’ap
wè byen Granmèt la nan tè vivan yo.
Granmèt la se
limyè m’, se sove mwen, kilès pou m’ pè?
Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan kilès pou m’ tranble? R.
Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan kilès pou m’ tranble? R.
Yon sèl bagay
mwen mande Granmèt la, se sa m’ap chèche:
pou m’ abite nan kay Granmèt la tout jou lavi m’, pou m’ wè dousè Granmèt la, pou m’ vizite tanp li a.R.
pou m’ abite nan kay Granmèt la tout jou lavi m’, pou m’ wè dousè Granmèt la, pou m’ vizite tanp li a.R.
Mwen kwè m’ap
wè byen Granmèt la nan tè vivan yo.
Tann Granmèt la, pran kouraj, asire kè ou, ret tann Granmèt la.R.
Tann Granmèt la, pran kouraj, asire kè ou, ret tann Granmèt la.R.
LEVANJIL
“Ap gen plis kè kontan nan syèl la poutèt yon
sèl moun ki te nan peche epi ki konvèti”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 15. 1-10
Lè sa a:
Pèseptè yo ak
pechè yo t’ap pwoche kot Jezi, pou yo koute l’.
Farizyen yo
ak skrib yo t’ap plenyen, yo t’ap di: “Gade, sa a resevwa pechè yo, li manje
avèk yo”.
Li di parabòl
sa a pou yo: “Kilès nan nou, si l’ gen san mouton, epi li pèdi youn nan yo, pou
l’ pa kite katrevendiznèf yo nan dezè a, epi pou l’ al chèche sa k’ pèdi a,
joustan li jwenn li?
Epi, lè l’
jwenn li, li poze l’ sou zepòl li ak kè kontan, li rive lakay li, li rele zanmi
yo ak vwazen yo, li di yo: “Fè kè nou kontan avèk mwen, paske mwen jwenn mouton
m’ nan ki te pedi a”.
Mwen di nou
se konsa ap gen plis kè kontan nan syèl la pou yon sèl pechè ki konvèti pase
pou katrevendiznèf moun kòrèk, ki pa bezwen konvèsyon.
Oubyen kilès
madanm ki gen dis pyès lajan, si l’ pèdi youn, pou l’ pa limen lanp, pou l’ pa
bale kay la, pou l’ pa chèche byen, joustan li jwenn li?
Epi, lè l’
jwenn li, li rele zanmi yo ak vwazen yo, li di: “Fè kè nou kontan avèk mwen,
paske mwen jwenn pyès lajan m’ nan mwen te pèdi a”.
Se konsa,
mwen di nou, ap gen plis kè kontan devan anj Bondye a poutèt yon sèl moun ki te
nan peche epi ki fè penitans.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m'
nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Granmèt, ede m’ travay pou tout lòt
moun ki poko konnen nèg sa a rive konnen li. Amèn!
PWOPOZISYON: Pandan
jounen sa a m’ap pale ak yon moun ki pa kwè nan Jezikri sou Bòn Nouvèl
delivrans la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario