Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
“Mwen se sèvitè Jezikri nan nasyon
yo, pou kado nasyon yo kapab fè Bondye plezi”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 15,
14-21
Mwen
sèten, frè m’ yo, nou plen avèk charite, nou plen ak tout kalite syans, pou nou
youn kapab bay lòt avètisman. Men, sou kèk pwen, frè m’ yo, mwen te ekri nou avèk
lodas, pou m’ rafrechi memwa nou, poutèt gras Bondye te ban mwen an, pou m’ vin
tounen sèvitè Jezikri nan nasyon yo, avèk misyon sakre pou m’ anonse bòn nouvèl
Bondye a, pou nasyon yo ka tounen ofrann ki fè Bondye plezi, antan Lespri Sen
an mete l’ apa [sanktifye l’].
Mwen kontan leve tèt mwen nan
Jezikri poutèt sèvis Bondye a. Mwen pa ta pran chans pale si Jezikri pa t’ sèvi
avèk mwen pou fè nasyon yo vin obeyi l’, ak pawòl ak aksyon, ak pouvwa mirak ak
pwodij, ak pouvwa Lespri Sen an; se konsa, depi Jerizalèm travèse jous Iliri a,
mwen fè bòn nouvèl Jezikri a rive vre.
Se konsa tou mwen preche bòn
nouvèl sa a kote yo pa t’ ko tande pale sou Jezikri, pou m’ pa t’ bati sou
fondasyon lòt moun, men daprè sa k’ ekri a: “Moun yo pa t’ ko anonse l’ yo,
y’ap wè l’; moun ki pa t’ ko tande yo, y’ap konprann”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS: 97, 1. 2-3a. 3cd-4
R/ Devan je nasyon yo Granmèt la devwale sove l’ la.
Chante yon kantik nouvo pou
Granmèt la, paske li fè mèvèy.
Glwa sove l’ la parèt nan men dwat
li ak bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen sove l’ la,
devan je nasyon yo li devwale jistis li a.
Li fè sonje mizerikòd li a ak
verite l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè sove Bondye
nou an. Bat bravo pou Bondye,
tout tè a, eklate, danse, chante.R.
LEVANJIL
“Pitit syèk sa a gen plis sajès
pase pitit limyè yo nan relasyon yo genyen antre yo”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
16, 1-8
Lè sa a: Jezi t’ap di disip li
yo:
“Te gen yon mesye ki te rich, li
te gen yon kontab, yo denonse kontab la kote l’, poutèt li t’ap gaspiye byen l’
yo.
Li rele l’, li di l’: “Sa m’
tande sou ou a? Rann kont sou sa m’ te konfye ou yo; paske ou p’ap jeran m’
ankò”.
Kontab la menm reflechi, li di
nan kè l’:“Ki sa pou m’ fè, paske mèt mwen wete plas kontab la nan men m’? Travay tè
a, mwen pa kapab; mande charite, m’a wont. Mwen konnen sa m’ap fè, pou lè m’ pa
kontab ankò, yo resevwa m’ nan kay yo”.
Konsa li rele chak moun ki te dwe
mèt li, li di premye a: “Konbyen ou dwe mèt mwen an?” Li di: “San barik luil”.
Li di l’: “Pran resi ou la, epi chita vit: ekri senkant”. Aprè sa li di yon
lòt: “Ou menm menm, konbyen ou dwe?” Li di: “San sak ble”. Li di l’: “Pran biye
ou yo, epi ekri katreven”.
Mèt la fè lwanj kontab malonèt la,
paske li te aji avèk ladrès; sèke pitit syèk sa a gen plis ladrès pase pitit
limyè yo nan relasyon yo genyen antre yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa
Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa
Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen,
nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario