Koulè Blan
KONSEKRASYON GRAN LEGLIZ LATRAN-AN
(FÈT)
PREMYE LEKTI
“Mwen wè dlo k’ap sòti nan kay
sakre a, tout moun kote dlo sa a rive, yo sove”
NAN LIV PWOFÈT EZEKYÈL 47, 1-2. 8-9. 12
Jou sa yo:
Anj la fè m’ tounen nan pòt kay
Granmèt la, mwen wè dlo ki t’ap sòti anba papòt kay la nan direksyon olevan;
sèke fas kay la t’ap gade nan direksyon olevan, dlo yo menm t’ap desann nan
kote Tanp la, adwat, nan mitan lotèl la. Li fè m’ sòti nan chemen pòt nan nò a,
li fè m’ tounen nan chemen deyò a nan pòt deyò a, nan chemen ki gade nan
direksyon olevan an; mwen wè dlo yo k’ap gonfle nan kote dwat la.
Li di m’: “Dlo sa yo, k’ap pati
al nan bann sab nan direksyon olevan an, epi k’ap desann nan tè plat dezè a,
y’ap antre nan lanmè a; y’ap gaye, epi dlo lanmè yo ap refè; tout bèt vivan
k’ap glise, tout kote ravin dlo a rive, l’ap viv, ap gen anpil kantite pwason;
lè dlo sa yo fin rive la a, tout bagay ravin dlo a touche, y’ap refè, y’ap viv.
Bò ravin nan, nan chak kote,
tout kalite pye bwa ki donnen fwi ap pouse; p’ap gen fèy k’ap tonbe sot nan yo,
fwi yo p’ap manke, chak mwa y’ap donnen fwi nouvo; paske dlo l’ yo se nan Tanp
la yo sòti, fui yo ap sèvi kòm manje, fèy yo ap sèvi kòm remèd”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS: 45, 2-3. 4-5. 89-9
R/ Kouran
rivyè yo met kè kontan nan vil Bondye a, nan tant sa a ki anwo nèt la, nan
joupa ki sen yo.
Bondye se kachèt nou ak fòs nou,
li pote nou anpil sekou nan tray nou yo.
Se pousa nou p’ap pè, menm si tè
a chanje, menm si mòn yo travèse nan fon lanmè-a.R.
Kouran rivyè yo met kè kontan
nan vil Bondye a, nan tant sa a ki anwo nèt la, nan tant ki sen yo. Bondye nan
mitan l’, li p’ap souke; Bondye ap pote l’ sekou granmaten devan jou.R.
Granmèt lame yo avèk nou, kachèt
pou nou, Bondye Jakòb la.
Vini, n’a wè travay Granmèt la, li mete
mèvèy sou tè a.R.
Pawòl Granmèt la.
DEZYÈM
LEKTI
“Nou se Tanp Bondye a”
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU
KORENTYEN YO 3, 9b-11. 16-17
Frè m’ yo:
Nou se kay Bondye. Daprè gras
Bondye a, sa l’ fè m’ nan, mwen poze fondasyon tankou yon enjenyè ki gen sajès;
yon lòt bati sou li. Men se pou chak moun gade byen kijan l’ap bati sou li.
Sèke pèsòn pa kapab poze dòt fondasyon pase sa k’ deja poze a, sa vle di
Jezikri.
Èske nou pa konnen se Tanp Bondye
a nou ye, epi Lespri Bondye a abite nan nou? Si yon moun derespekte Tanp Bondye
a, Bondye ap fini ak li. Sèke Tanp Bondye a sen, epi kay Tanp sa a se nou menm.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Li t’ap pale osijè tanp kò l’ la”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
2, 13-22
Pak Juif yo te tou pre, Jezi monte
Jerizalèm; nan Tanp la li jwenn machann bèf ak mouton ak pijon, epi moun k’ap
chanje lajan, ki te chita.
Li fè tankou yon fwèt ak kòd, li
chase yo tout sot nan Tanp la, ansanm ak mouton yo ak bèf yo, li chavire monnen
moun ki t’ap chanje lajan yo, li vire tab yo bouch anba.
Moun yo ki t’ap vann pijon yo,
li di yo: “Wete bagay sa yo sot isit la, pa fè kay Papa m’ nan vin tounen kay komès”.
Disip li yo vin sonje yo te ekri: “Chalè renmen pou kay ou a ap devore m’”.
Juif yo pran lapawòl, yo di l’:
“Ki siy w’ap montre nou pou sa w’ap fè a?”
Jezi reponn, li di yo: “Detwi
Tanp sa a, epi nan twa jou m’ap drese li”.
Juif yo di: “Se karann-sizan yo
pran pou bati Tanp sa a, epi ou menm nan twa jou w’ap drese l’?”
Li menm menm, li t’ap pale sou
Tanp kò l’ la.
Lè l’ resisite sot nan pami mò
yo, disip li yo vin sonje li te di sa, yo kwè nan sa k’ ekri yo ak nan pawòl yo
Jezi te di a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m'
nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ou menm ki gen tout pouvwa,
ki bay tout bagay yon sans, tanpri fè nou branche lavi nou nan sous lagras ou
a, pou nou ka tounen kanal pou ou rive jwenn frè ak sè nou yo.
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan
kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario