Páginas

LENDI 11-11-2019


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Lespri sajès la gen bon jan; Lespri Granmèt la plen fas tè yo".
KÒMANSMAN LIV SAJÈS LA 1, 1-7
Se pou nou renmen jistis la, nou menm k’ap jije tè a, se pou nou gen bon lide sou Granmèt la, se pou nou chèche l’ avèk kè nou senp; paske se moun ki pa tante l’ yo li kite jwenn li, li parèt devan sa yo ki gen lafwa nan li yo.
Sèke lide kwochi fè nou viv lwen Bondye; lè yo eksite pouvwa l’, li pini moun ki san konprann yo. Reyèlman, sajès la pa antre nan nam ki gen movèz volonte, li pa abite nan yon kò ki esklav peche. Lespri Sen an se lespri disiplin, li vire do bay ipokrizi, li wete kò l’ sot kot panse ki san entelijans, li pa fè sa l’ ta vle kote ki gen enjistis.
Lespri Sajès la gen bon jan; moun k’ap madichonnen Bondye ak bouch li, li pa delivre l’, paske Bondye sonde ren l’, li fouye kè l’ tout bon vre, li tande sa lang li ap di. Lespri Granmèt la plen fas tè yo; Sa a ki kenbe tout bagay la, li konnen tout sa y’ap di.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
138, 1-3. 4-6. 7-8. 9-10 (r.: 24b)
R/ Kondui m’, Granmèt, sou wout tout tan yo.
Granmèt, ou sonde m’, ou konnen m’,
Ou konnen chita m’ ak leve m’.
Ou sezi panse m’ byen lwen,
Kote m’ mache ak kote m’ kouche, ou fouye yo.R.
Tout wout mwen yo, ou wè yo klè,
paske pawòl la pa ko sou lang mwen,
gade, Granmèt, ou konnen tout bagay.
Dèyè kon devan ou sere m’,
ou poze men ou sou mwen.
Se mèvèy ekstrawòdinè syans ou a ye anlè m’;
li wo, mwen pa kapab touche l’.R.
Ki kote pou m’ ale lwen lespri ou,
ki kote pou m’ sove kò m’ lwen fas ou?
Si m’ monte nan syèl la, ou la;
Si m’ desann anba tè a, ou prezan.R.
Si m’ pran zèl devan jou a,
Pou m’ al abite nan fon lanmè,
menm la, men ou ap kondui m’,
men dwat ou kenbe m’.R.
LEVANJIL
«Si sèt fwa nan menm jounen an li tounen kote ou, li di: ‘Mwen regrèt’, se pou ou padonnen li».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 17, 1-6
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Sa pa posib pou nan pwen okazyon peche: sèlman madichon pou moun sa a ki sèvi okazyon pou fè lòt yo tonbe nan peche a! Li ta pi bon pou li, si yo ta pran yon wòch moulen, yo mare nan kou l’, epi yo jete l’ nan lanmè, pase pou l’ ta fè youn nan ti piti sa yo tonbe nan peche.
Pran prekosyon. Si frè ou fè peche kont ou, reprann li, epi si l’ regrèt, se pou ou padonnen l’; menm si se sèt fwa nan menm jounen an li fè peche kont ou, epi sèt fwa nan jounen an li tounen kote ou, li di: ‘Mwen regrèt’, se pou ou padonnen l’".
Apot yo di Granmèt la: "Fè nou gen plis lafwa".
Granmèt la di: "Si nou ta gen lafwa tankou yon grenn sénve, nou ta di gwo pye bwa sa a: ‘Derasinen ou epi al plante nan lanmè a’; li ta obeyi nou".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Granmèt, se pa pou kont mwen m’ap viv, men se nan kominote, nan fanmi, nan sosyete. Fè m’ aprann bay bon jan temwayaj lafwa kote m’ap viv la. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
AKSYON: M’ap fè atansyon pou m’ pa fè lòt moun tonbe nan peche nan fason m’ap viv relasyon mwen ak yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario