Páginas

MADI 12-11-2019


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Devan je moun san konprann yo, yo sanble mouri, epoutan yo menm yo nan lapè".
LEKTI LIV LASAJÈS 2, 23-3, 9
Bondye kreye moun nan pou l’ pa mouri, epi se sou pwòp pòtre l’ li fè l’. Men se anvi dyab la ki fè lanmò a antre sou fas tè a; moun ki disip li yo, y’ap suiv ekzanp li.
Men nam moun ki kòrèk yo menm se nan men Bondye yo ye, tray lanmò p’ap touche yo. Devan je moun san konprann yo, yo sanble mouri; lè yo pati kite tè sa a menm, moun yo konsidere sa tankou yon malè; lè yo pati kite nou y’al fè wout yo a, sa parèt kòm si yo te peri; epoutan yo menm yo nan lapè; epi si devan moun yo, yo sibi tray, yo gen kont esperans yo p’ap janm mouri.
Yo pase mizè nan kèk bagay men y’ap jwenn bon sitiyasyon anpil, paske Bondye te eseye yo epi li te jwenn yo kòrèk pou li. Tankou lò nan founèz dife, Bondye eseye yo, epi tankou kado sakrifis antye, li aksepte yo; lè tan an ap rive, y’ap klere. Moun ki kòrèk yo ap klere, epi tankou etensèl y’ap kouri nan dife; y’ap jije nasyon yo, y’ap kòmande sou pèp yo, Granmèt yo a ap kòmande kòm wa pou tout tan.
Moun ki met konfyans nan li, y’ap konprann verite a. Moun ki fidèl yo ap ret avèk li nan renmen an, paske li bay gras ak lapè pou sa yo li chwazi a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
33, 2-3. 16-17. 18-19 (r.: 2a)
R/ M’ap fè konpliman pou Granmèt la nan tout okazyon.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la nan tout okazyon,
Tout tan lwanj li nan bouch mwen.
Nan Granmèt la nam mwen ap jwenn glwa l’,
Se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Je Granmèt la sou moun ki kòrèk yo, zòrèy li sou rèl yo.
Fas Granmèt la sou moun k’ap fè mal yo,
Pou l’ fè souvni yo disparèt sot sou tè a.R.
Yo rele, Granmèt la tande, nan tout tray yo li delivre yo.
Granmèt la tou pre moun ki gen kè yo kraze,
L’ap sove sa k’ gen espri yo boulvèse.R.
LEVANJIL
"Se sèvitè initil nou ye: se sa nou te dwe fè nou fè".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 17, 7-10
Lè sa a: Granmèt la di:
«Kilès nan nou, si l’ gen yon sèvitè k’ap travay tè oubyen k’ap okipe bèt, lè l’ sot nan jaden, pou l’ di l’: 'Fè vit, travèse, al lonje kò ou'? Èske li p’ap di l’ pito: 'Pare manje, mete tabliye ou, epi sèvi m’, pou m’ manje, pou m’ bwè, epi aprè sa, ou menm w’a manje epi w’a bwè'? Èske l’ap gen sèvitè sa a rekonesans, poutèt li fè sa l’ te pase l’ lòd la? Mwen pa kwè.
Se konsa pou nou menm tou, lè nou fin fè tout sa yo te pase nou lòd pou nou fè a, se pou nou di: 'Se sèvitè initil nou ye: se sa nou te dwe fè a, se li menm nou fè'».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
PWOPOZISYON: Travay m’ap fè a, se misyon Bondye konfye mwen. M’ap fè li ak kè kontan, san m’ pa bougonnen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario