Páginas

MÈKREDI 13-11-2019


Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Wa yo, se pou nou koute, pou nou aprann sajès".
LEKTI LIV SAJÈS LA 6, 2-12
Koute, wa yo, epi chèche konprann; aprann, jij limit tè a; pare zòrèy nou, nou menm ki mèt anpil pèp yo, nou menm k’ap vante tèt nou pou tout pakèt nasyon nou yo. Sèke se Granmèt la ki ba nou pouvwa a, se sa a ki anwo nèt la ki bay otorite, li menm k’ap poze n’ kesyon pou travay nou, k’ap fouye panse nou; sèke lè nou te sèvitè peyi wa l’ la, nou pa t’ jije kòrèk, nou pa t’ kenbe lalwa jistis la, nou pa t’ mache daprè volonte Bondye.
L’ap parèt sou nou yon fason terib, sanzatann; sèke jijman an ap pi rèd pou sa yo ki chèf yo. Sa k’ piti a, yo fè l’ gras mizerikòd la; men sa k’ gin pouvwa yo, y’ap sibi tray avèk fòs; reyèlman Bondye p’ap gade sou figi moun, li p’ap pè grandè pèsonn; paske se li menm ki fè ni piti a ni gran an, epi li okipe yo tout menm jan; sa k’ gen plis pouvwa yo, l’ap jije yo pi sevè.
Konsa, nou menm, wa yo, se pou nou pawòl mwen sa yo ye, pou nou kapab aprann sajès la, epi pou nou pa tonbe. Moun ki obsève kòmandman kòrèk yo yon fason kòrèk, y’ap vin kòrèk; epi moun ki aprann yo, y’ap jwenn sa pou yo reponn. Konsa, se pou nou anvi pawòl mwen yo, se pou nou renmen yo, epi n’a jwenn edikasyon.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 81, 3-4. 6-7
R/ Leve, Bondye, jije tè a.
"Pran ka malere a ak òfelen an, malere a ak pòv la, rann yo jistis.
Delivre pòv la, degaje malere a sot nan men pechè a".R.
Mwen te di: "Nou se dye,epi nou tout nou se pitit sa a ki anwo nèt la".
Nou tout n’ap mouri tankou moun, n’ap tonbe tankou tout chèf yo.R.
LEVANJIL
"Pa gen pèsonn ki retounen pou di Bondye mèsi, sof etranje sa a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 17, 11-19
Lè sa a:
Rive, pandan Jezi t’a pral Jerizalèm, li t’ap travèse nan mitan Samari a ak Galile a.
Lè l’ap antre nan yon vil, dis lepre pwoche devan l’, yo kanpe lwen, yo rele byen fò, yo di: "Jezi, mèt, pitye pou nou".
Lè l’ wè sa, li di: "Ale prezante nou devan prèt yo". Pandan y’a prale yo geri.
Youn nan yo, lè l’ wè li geri, li tounen, l’ap fè lwanj Bondye byen fò, li lage kò l’ atè sou fas li devan pye Jezi, l’ap di l’ mèsi; se te yon Samariten.
Jezi pran lapawòl, li di: "Èske tout dis moun yo pa t’ geri? Pa gen pèsonn ki tounen vin fè lwanj Bondye, sof etranje sa a".
Li di l’: "Leve, ale, paske lafwa ou sove ou".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè m’ rekonèt kijan w’ap aji nan lavi mwen.
Ede m’ debarase mwen ak lògèy pou m’ ka fè lwanj ak konpliman pou ou. Pa pouvwa Jezikri.
AKSYON: Si m’ pa gen yon kè ki senp, mwen p’ap kapab renmen ni sèvi.

No hay comentarios:

Publicar un comentario