Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
“Vin gen yon gran kòlè sou pèp la”
NAN PREMYE LIV MAKABE YO 1, 11-16.
43-45. 57-60. 65-67
Jou sa yo:
Gen yon rasin peche ki leve, se
Antyokis ki gen gran repitasyon an, pitit wa Antyokis ki te prizonye a Wòm, epi
ki te vin wa nan ane santrannsèt depi kòmansman rèy Grèk yo.
Jou sa yo, gen kèk pitit
mechanste ki leve nan Izrayèl, yo pran tèt anpil moun, yo di: “Ann ale pou nou
pase kontra avèk nasyon yo ki alantou nou yo, paske depi lè nou rale kò nou sot
sou yo a, nou jwenn anpil malè”. Pawòl sa a sanble gen bon sans nan je yo; yo
chwazi kèk moun nan pèp la, y’al jwenn wa a epi li ba yo pouvwa pou yo adopte
konpòtman nasyon yo. Yo bati stad jimnastik nan Jerizalèm daprè abitid nasyon
yo; yo efase tras sikonsizyon yo, yo vire do bay alyans ki sen an, yo fè yon
sèl ak nasyon yo, yo vann tèt yo pou yo fè sa k’ mal.
Wa Antyokis ekri tout peyi kote l’
wa a, pou tout moun fè yon sèl pèp, pou chak moun abandone lalwa pa l’. Tout
nasyon yo vin dakò pou yo viv daprè pawòl wa Antyokis la, epi anpil moun nan
Izrayèl vin dakò pou yo antre nan esklavaj li a, yo ofri sakrifis bay zidòl yo,
yo avili saba a.
Kenzyèm jou
mwa Kasle a, sankaransenkyèm ane a, wa Antyokis drese sou lotèl Bondye a zidòl
ravaj la ki merite pou yo rayi l’ la; nan tout vil Jida yo toutalantou, yo
drese lotèl pou zidòl. Devan pòt kay yo ak nan plas yo yo t’ap boule lansan, yo
t’ap ofri sakrifis, yo te chire liv lalwa Bondye yo e yo te boule yo nan dife;
nenpòt ki moun yo te jwenn ki te gen liv testaman Granmèt la nan kay li, epi
nenpòt ki moun ki t’ap obsève lalwa Granmèt la, yo te konn touye l’ daprè lòd
wa a.
Anpil moun nan pèp Izrayèl la te
pran rezolisyon fèm pou yo pa manje bagay ki pa pwòp, yo te pito mouri pase pou
yo sal kò yo ak manje ki pa pwòp, yo pa t’ vle derespekte lalwa Bondye a ki sen
an; epi asasen touye yo. Gen yon gran gran kòlè ki vin fonn sou pèp la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS
118, 53.
61. 134. 150. 155. 158
R/ Fè m’ viv, Granmèt, pou m’ kenbe kòmandman ou yo.
Lawont sezi m’ poutèt pechè yo
k’ap abandone lalwa ou la.R.
Kòd pechè yo mare m’, men mwen
pa bliye lalwa ou la.R.
Delivre m’ sot nan move témwayaj
moun yo, pou m’ kenbe kòmandman ou yo.R.
Y’ap pwoche, sa yo k’ap pèsekite
m’ nan mechanste yo, men yo ret lwen lalwa w’ la.R.
Sove a lwen pechè yo, paske yo pa
chèche desizyon ou yo.R.
Mwen wè sa yo k’ap fè rebèl yo, sa
degoute m’, paske yo pa kenbe pwomès ou yo.R.
LEVANJIL
“Kisa ou vle pou m’ fè? — Granmèt,
fè m’ wè”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
18, 35- 43
Lè sa a:
Rive, pandan Jezi ap pwoche
Jeriko, yon avèg te chita bò wout la, l’ap mande charite. Lè l’ tande foul la
k’ap pase, li t’ap mande sa sa ye. Yo di l’ se Jezi moun Nazarèt la k’ap pase.
Li rele byen fò, li di: “Jezi,
pitit David, pitye pou mwen”. Moun yo ki t’ap mache devan an, yo t’ap fè l’
obsèvasyon pou l’ pe bouch li; men li menm menm se plis li t’ap rele pi fò:
“Pitit David, pitye pou mwen”.
Jezi menm kanpe, li pase lòd pou
yo mennen l’ kote l’.
Pandan l’ap pwoche, li mande l’:
"Kisa ou vle pou m’ fè?”
Li menm li di: “Granmèt fè m’
wè”.
Jezi di l’: “Se pou ou wè, lafwa
ou sove ou”.
Menm lè a, li wè, epi li t’ap suiv
li antan l’ap fè konpliman pou Bondye. Tout foul la, lè l’ wè sa, li fè lwanj
pou Bondye.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Levanjil
jodi a fè nou sonje pa gen anyen ki enposib pou Jezikri, li toujou la, li vle
kanpe avèk nou pou li delivre nou nan tout sikonstans. Jezi fè
avèg la wè nan moman li te mande l’ pou l’ fè l’ wè. Kisa Bondye ap di mwen atravè Pawòl sa a?
Malgre Granmèt la konnen sa nou bezwen,
li ba nou libète pou nou mande l’ sa nou santi nou gen bezwen: Jezi mande:
«Kisa ou vle m’ fè pou ou?». Lè ou prezante demand ou devan Bondye, se rekonèt
ou rekonèt feblès ou ak limit ou devan li.
LAPRIYÈ: Jezi, pitit David, pitye pou mwen. Mwen ta
renmen viv nan kominyon ak ou, mwen ta renmen sèvi ou menm sèl ak tout kè mwen.
PWOPOZISYON: M’ap pran
yon ti moman nan jounen jodi a pou m’ reponn kesyon Jezikri poze m’ nan
Levanjil la: kisa ou vle pou m’ fè pou ou?”.
No hay comentarios:
Publicar un comentario