Koulè Vèt
TRANNTWAZYÈM DIMANCH TAN
ÒDINÈ ANE-C
PREMYE LEKKTI
“Solèy jistis la ap leve pou nou”
NAN LIV
PWOFÈT MALACHI 4, 1-2a
“Men jou a
k’ap rive, l’ap flanbe tankou yon boukan dife; tout moun k’ap leve tèt yo, tout
sa k’ap fè peche yo, y’ap tankou pay, jou a k’ap vini an ap boule yo,
deklarasyon Granmèt lame yo, li p’ap kite ni rasin ni boujon pou yo.
Men nou menm
ki krenn non mwen, solèy jistis la ap leve pou nou, l’ap gen fòs gerizon nan
reyon l’ yo”.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 5-6. 7-9a. 9bc
R/ Granmèt la ap
vini pou l’ jije pèp yo nan sa ki dwat
Chante pou
Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik;
sou twonpèt ki dous ak son kòn, fè
konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
Se pou lanmè
a sonnen ak sa k’ plen l’ nan, fas tè a, ak sa ki abite nan li yo.
Se pou
larivyè yo bat bravo, se pou tout mòn yo danse
devan fas Granmèt la, paske l’ap vin jije tè a.R.
L’ap jije fas
tè yo nan jistis ak pèp yo nan sa ki dwat.R.
DEZYÈM LEKTI
“Si yon moun pa vle travay, li pa dwe manje non
plis tou”
NAN DEZYÈM
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN YO 3, 7 12
Frè m’ yo:
Nou konnen
kijan pou nou pran modèl sou nou, paske nou pa t’ rete nan mitan nou san nou pa
fè anyen, nou pa t’ manje pen lòt moun pou granmesi; men se nan travay avèk
fatig nannuit ak lajounen nou t’ap redi, pou nou pa peze sou kont pèsonn nan
nou. Se pa paske nou pa ta gen dwa, men se pou nou te kapab mete nou kòm modèl
pou nou imite.
Reyèlman, lè
nou te lakay nou an, nou te konn deklare nou sa: si yon moun pa vle travay, li
pa dwe manje non plis tou. Nou tande gen kèk moun nan pami nou k’ap mache san
yo pa fè anyen, yo san souf, y’ap okipe sa k’ pa gade yo.
Moun sa yo,
k’ap aji konsa a, nou denonse yo, nou mande yo, tanpri, o non Jezikri, Granmèt
la, pou yo travay trankil, pou yo manje pen pa yo.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
“Nan pasyans nou n’ap jwenn lavi nou”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21. 5-19
Te gen kèk
moun ki t’ap pale sou Tanp lan: kijan li dekore avèk bèl wòch ak bèl kado. Jezi
di: “Bagay sa yo nou wè a, gen jou k’ap rive, p’ap rete wòch sou wòch nan yo ki
p’ap detwi”.
Yo t’ap poze
l’ kesyon, yo t’ap di: “Mèt, kilè bagay sa yo ap rive, epi ki siy k’ap fè
konnen lè y’ap kòmanse?”
Li di:
“Atansyon pou yo pa twonpe nou; sèke anpil moun ap vini o non mwen, y’ap di:
“Se mwen menm, epi tan an ap rive”; pa suiv yo. Lè n’ap tande pale sou lagè ak
revòlt, pa pè: bagay sa yo gen pou yo rive anvan, men se p’ap finisman an
toutsuit.
Lè sa a li
t’ap di yo: “Nasyon ap leve kont nasyon, peyi wa kont peyi wa. Ap gen gran tranblemantè kèk kote, epidemi, grangou, bagay nan syèl la
k’ap fè moun tranble, epi gran siy.
Men anvan
tout bagay sa yo, y’ap met men sou nou, y’ap pèsekite nou, y’ap renmèt nou nan
sinagòg yo ak nan prizon yo, y’ap trennen nou devan wa yo ak prefè yo poutèt
non mwen; sa ap ba nou okazyon pou nou temwaye.
Mete sa byen
nan kè nou: nou pa bezwen prepare sa n’ap reponn. Se mwen menm k’ap ba nou yon
bouch ak sajès ki fè okenn ènmi nou yo p’ap kapab reziste nou, ni demanti nou.
Epi sa k’ap
trayi nou, se paran nou, frè nou, fanmi nou, zanmi nou; y’ap touye kèk nan nou,
tout moun ap rayi nou poutèt non mwen, men yon cheve nan tèt nou p’ap peri: se
nan pasyans nou n’ap jwenn lavi nou”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Mezanmi, nou
tout nou konnen travay fè jaden se yon travay ki ekzijan. Ou gen pou w’ travay
di, trimen, pran pasyans. Se pou ou prepare tè a, plante, sakle wouze, flite
ensektisid, veye pou bèt yo pa vin devaste jaden ou. Kab gen gwo loraj ak
inondasyon oswa sechrès k’ap vin menase rekòt la. E poutan, anpil moun fè
travay sa a ak kouraj ak devouman. Sa ki ba yo kouraj sa a, se espwa yo genyen
y’a wè bèl rekòt. Pandan y’ap travay, yo sonje rekòt la. Yo konnen: fatig yo
pran ak jefò y’ap fè pa pou granmesi. Yo konnen si yo kenbe fèm nan travay yo,
Bondye va ba yo bèl rekòt, l’a beni travay y’ap fè a. Ekazanp sa a fè nou
konprann pi byen kijan pou nou travay pou rèy Bondye kab rive.
Lè Jezi te
ale lavil Jerizalèm, li te konnen lè li rive pou l’ tounen al jwenn Papa l’. Li
t’ap pale ak moun yo nan Tanp la, li t’ap di yo: “Nou wè kijan Tanp sa a bèl?
Epoutan, yo pral kraze li vide atè, paske nou pa t’ rekonèt sovè Bondye te voye
ba nou an”.
Jwif yo te
konprann: lè yo pral detwi Tanp la, se lè sa a lafen dimond rive, lè sa a tout
bagay kaba. Men Jezi di yo: Non, se pa sa lafen dimond. Anvan, va gen
tranblemantè ak inondasyon, va gen maladi ak grangou.
Nou menm menm
ki patizan m’, yo pral pèsekite nou, yo pral pale nou mal, yo va arete nou mete
nou nan prizon. Va gen nan nou yo pral touye poutèt mwen. Ata nan pwòp fanmi
nou, va gen moun k’ap rayi nou. Men, nou pa bezwen gen kè sote pou sa. Tout sa
va itil nou pou sèvi m’ temwen. Mwen menm, mwen pral kanpe ak nou. Nou pa
bezwen dekouraje. Kenbe fèm, se konsa n’a sove lavi nou.
Sè ak frè m’
yo, pawòl Jezi sa a pa dwe fè nou gen kè kase. Okontrè, Jezi vle ba nou kouraj
pou nou kab kenbe fèm, pou travay pou Rèy Bondye kab rive.
Travay sa a
sanble ak travay nan jaden. Se ti pa, ti pa l’a reyalize. Chak fwa nou di, chak
fwa nou fè yon bagay paske nou renmen Bondye ak frè ak sè nou yo, se yon moso
Rèy Bondye nou bati. Men, pandan tout tan nou sou tè a, n’a jwenn traka, mizè,
difikilte ak pèsekisyon, paske toujou gen peche, paske peyi tèt ansanm nan pako
fin reyalize. Se tankou abitan ki gen pou trimen toutotan rekòt la pako rive.
Sèlman, nou
pa gen dwa dekouraje.Yon jou Jezi pral tounen nan mitan nou. Jou sa a, li pral
disparèt dènye sa ki enpoze Rèy Bondye parèt nan tout bèlte li. Se espwa sa a
k’ap ede nou kenben fèm. Se sa Jezi vle fè nou konprann jodi a ak pawòl
levanjil la, ki yon ti jan difisil. Tout sa nou fè, tout sa nou soufri ansanm
ak Jezi nan travay sa a, li pa janm pou granmesi, men l’a pote fwi pou tout
tan.
Menm jan ak
pou yon kiltivatè, tout travay li fè, tout redi l’ap redi nan jaden itil pou
rekòt la kab bèl. Epi tou, n’ap travay ak espwa san nou pa janm dekouraje,
paske nou konnen se Jezi li menm k’ap fè travay nou rive bout. Se li menm k’ap fè tout bagay vin tou nèf.
An n kite tout
pawòl sa yo entèpele nou pou Granmèt la kapab anime nou epi pou nou pa
dekouraje nan travay n’ap fè a.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ban m’
kouraj ou pou mwen kapab fè fas ak tout difikilte lavi a. Tanpri pa kite mwen
pèdi lespswa, paske ou p’ap janm kite mwen soti wont.
PWOPOZISYON: Se pou nou kenbe fèm nan travay pou Rèy Bondye kab rive. Ann sonje Jezi la avèk nou. Si nou mache ak li, nou pa bezwen pè anyen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario