Páginas

SAMDI 16-11-2019


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Yon chemen san antrav parèt nan lanmè Wouj la; yo vòltije tankou mouton”
NAN LIV SAJÈS LA
18, 14-16; 19, 6-9
Pandan yon silans lapè te vlope tout bagay, etan lannuit la te rive nan mitan kous chemen l’, pawòl ou a ki gen tout pouvwa a sot nan syèl la, nan twòn wa yo; tankou yon vanyan sòlda li fonse nan mitan tè ki gen pou disparèt la; li pote yon epe pwenti: kòmandman w’ nan ki p’ap defèt la; li kanpe, li plen tout bagay ak lanmò; pandan l’ kanpe sou tè a, li te rive jous nan syèl la.
Tout kreyati te refèt daprè kategori li te genyen nan kòmansman an, pou l’ sèvi kòmandman ou yo, pou pitit ou yo te kapab jwenn pwoteksyon kont tout sa ki mal.
Reyèlman, nyaj la te kouvri kote yo poze tant yo a. Epi kote ki te gen dlo anvan an, se tè sèk ki vin parèt; nan lanmè Wouj la se yon chemen san antrav ki parèt, epi yon jaden plant nan fon lanmè a; tout nasyon an travèse ladan l’, se men ou ki te pwoteje l’, yo te wè mèvèy ou yo ak pwodij yo.
Yo te tankou chwal ki nan jaden zèb; tankou mouton, yo t’ap vòltije, antan y’ap chante lwanj ou, Granmèt, ou menm ki te delivre yo a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
104, 2-3. 36-37. 42-43
R/ Sonje mèvèy yo Granmèt la te fè a.
Chante pou li, jwe mizik pou li, kalkile sou tout mèvèy li yo.
Tire lwanj nou nan non l’ ki sen an, se pou kè k’ap chèche Granmèt la yo kontan.R.
Li frape tout premye pitit nan peyi yo a, premye pitit tout fòs yo.
Li fè yo sòti avèk lajan ak lò; pa gen malad nan ras pa yo.R.
Sèke li te sonje pawòl li ki sen an, sa l’ te di Abraam sèvitè l’ la.
Li fè pèp li a sòti ak kè kontan, sa yo li chwazi a avèk fèt.R.
LEVANJIL
“Bondye ap tire vanjans pou sila yo li chwazi a, k’ap rele kote l’ la”
MEN BÒN NOUVÈL NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 18,1-8
Lè sa a:
Jezi t’ap di disip li yo yon parabòl, pou montre fò yo toujou ap priye, san yo pa janm sispann; li di: “Te gen yon jij nan yon vil, li pa t’ krenn Bondye, li pa t’ respekte moun.
Nan vil sa a gen yon vèv ki te konn vin kote l’ ap di: “Fè m’ jistis anba men sa k’ap pèsekite m’ nan”. Pandan lontan, li pa t’ vle.
Aprè sa, li di nan kè l’: “Menm si mwen pa krenn Bondye, mwen pa respekte moun, sèlman, paske vèv sa a ap fatige m’, m’ap fè l’ jistis pou l’ pa vin kase tèt mwen ankò”.
Granmèt la di: “Koute sa move jij sa a di. Epi Bondye pa ta fè jistis pou sa yo li chwazi a, k’ap rele kote l’ lajounen kon lannuit? èske l’ap fè yo pran pasyans toujou? Mwen di nou l’ap fè vit, l’ap rann yo jistis. Sèlman, lè Pitit moun nan va rive, èske nou kwè l’ap jwenn lafwa sou tè a?”
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Jezi, ou menm ki se modèl nou nan lapriyè, tanpri ba nou lafwa epi voye Lespri Sen an vin abite nan nou pou l’ kapab aprann nou lapriyè menm jan avè w’, konsa n’a kapab dekouvri volonte Bondye e n’a rive travay pou rèy Bondye a reyalize sou tout fas tè a. Amèn!
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen, nan kominote m'ap viv la?

No hay comentarios:

Publicar un comentario